Páginas

JEDI 1

Koulè Blan
UITYÈM JOU NESANS GRANMÈT LA
GRAN FÈT MARI MANMAN BONDYE KI SEN
JOUNEN LAPRIYÈ POU LAPÈ
PREMYE LEKTI
“Y’ap lapriyè non m’ sou pitit Izrayèl yo, epi mwen menm m’ap beni yo”
NAN LIV LIV NONB 6, 22 -27
Granmèt la pale ak Moyiz, li di: “Pale ak Aawon ak pitit li yo: Men kijan n’a beni pitit Izrayèl yo, n’a di yo:
«Se pou Granmèt la beni ou, se pou l’ konsève ou ; se pou Granmèt la montre ou fas li, pou l’ pran pitye pou ou. Se pou Granmèt la vire figi l’ ba ou pou l’ ba ou lapè ».
Y’ap lapriyè non m’ sou pitit Izrayèl yo, epi mwen menm m’ap beni yo ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 6 e 8
R/ Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou ;
se pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Se pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè a, sove ou sove nou an nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon jan ki kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou. Se pou Bondye nou an beni ou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
« Bondye voye Pitit li a, ki fèt sot nan madanm nan »
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO 4, 4-7
Frè m’ yo :
Lè tan an rive bout li, Bondye voye Pitit li a ki fèt sot nan madanm nan, ki fèt anba lalwa a, pou sa yo ki te anba lalwa a, li te kapab rachte yo, pou nou te kapab vin tounen pitit adoptif. Laprèv nou se pitit, sèke Bondye voye Lespri Pitit li a nan kè nou, l’ap rele : « Aba. Papa ». Konsa pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen. Si se pitit, se eritye gras a Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Yo jwenn Mari ak Jozèf ak ti pitit la... Aprè uityèm jou a, yo rele non l’ Jezi »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2, 16-21
Lè sa a :
Gadyen mouton yo rive byen vit jous Bètleyèm, yo jwenn Mari ak Jozèf, epi ti pitit la ki poze nan krèch la. Lè yo wè sa, yo anonse pawòl la yo te di yo osijè ti pitit sa a. Tout moun ki t’ap tande yo te sezi osijè sa gadyen mouton yo t’ap di yo a.
Kanta Mari, li t’ap konsève tout pawòl sa yo, antan l’ap kalkile yo nan kè l’. Gadyen mouton yo tounen, y’ap fè konpliman ak lwanj pou Bondye pou tout sa yo te tande ak sa yo te wè, daprè sa yo te di yo a.
Lè ui jou yo fin pase, pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo rele non l’ Jezi, non sa a anj la te bay la, avan li te fèt nan vant.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se yon fèt spesyal, pa sèlman paske n’ap fete nouvo ane a, men sitou pou pèp Ayisyen an, se fèt endepandans nou tou.
Pasaj nou li nan Labib la nan bèl okazyon sa a enteresan anpil. Dezyèm lekti a fè n’ konprann Jezi te tounen moun pou nou te ka tounen pitit Bondye. Li te vin jwenn nou pou fè n’ kapab al jwenn Papa li. Sa fè lontan, nou t’ap viv tankou esklav, men nou pa ka viv konsa ankò.
Menm jan Tousen Louvèti ak Jan-Jak Desalin te libere yon pakèt moun ki t’ap viv nan kondisyon esklav pou yo te ka viv libe libè kòm moun epi kòm pitit Bondye sou yon bout tè ki gen non Ayiti, ki rele yo chè mèt chè mètrès, Jezikri te libere nou nan tout kalite chènn, tout kalite esklavaj, tout kalite adiksyon, tout sa k’ pa pemèt nou viv tankou moun.  Si ou gen Jezi nan lavi ou, ou mèt chaje pwoblèm, men nan fon kè ou, ou konnen ou pa pou kò ou, li la avè w’, l’ap ba ou fòs ak kouraj, l’ap lite pou ou, l’ap ba ou kè poze ak kè kontan.
Peyi nou an gen yon bèl istwa, nou pa gen dwa bliye l’. Malgre yo pete fyèl nou nan peyi etranje, malgre yo meprize nou, nou mèt mache tèt anlè, nou mèt fyè antan ke Ayisyen.  Paske Ayisyen konnen kiyès yo ye: se yon pèp vanyan, se yon pèp ki konnen Granmèt la bò kote l’, se yon pèp ki konn trete lòt moun ak onè, respè.
N’ap swete nou tout yon bòn fèt antan nou swete nou tout sa ki pi bon pou ane 2015 !
Ane sa a, annou fè yon jefò, ann viv tankou pitit Bondye.
LAPRIYÈ : Tanpri, Papa Bondye, vide lapli benediksyon w’ sou nou, louvri tout pòt pou nou. Pran tout chay n’ap pote, ede n’ pote yo. Debloke tout sa k’ pa mache nan lavi nou. Aprann nou youn padonen lòt, youn renmen lòt.  Pran pitye pou peyi nou, Ayiti, pou li ka vanse. Pran pitye pou tout Ayisyen k’ap viv nan Repiblik Dominikèn oubyen nan lòt peyi etranje, ansanm ak pitit yo, pou yo ka jwenn respè yo merite a. Amèn !
PWOPOZISYON : Pandan n’ap bwè soup joumou nou an, nou mèt li benediksyon ki nan premye moso Labib la, ak nan sòm nan. Benediksyon sa a pou nou. Sonje nou tout se pitit Bondye ki renmen nou !

No hay comentarios:

Publicar un comentario