Páginas

VANDREDI 2

Koulè Blan
BAZIL LE GRAN AK GREGWA NAZYANZ KI SEN,
Evèk ak savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
« Sa nou te tande depi nan kòmansman an, se pou l’ rete nan nou »
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 22-28
Nou menm mwen renmen anpil la :
Kilès mantè sa a, si se pa sa a ki nye Jezi se Kris la? Sa a se Antikris la, li menm ki nye ni Papa a ni Pitit la. Tout moun ki nye Pitit la, li pa gen Papa a non plis; moun ki rekonèt Pitit la, li gen Papa a tou.
Nou menm, sa nou te tande depi nan kòmansman an, se pou l’ rete nan nou. Si sa nou te tande depi nan kòmansman an rete nan nou, n’ap rete nan Pitit la ak nan Papa a. Men pwomès la li ofri nou an, se lavi tout tan an. Mwen ekri nou bagay sa yo osijè moun yo k’ap twonpe nou yo.
Nou menm, konsekrasyon nou te resevwa nan men l’ nan, se pou l’ rete nan nou. Nou pa bezwen pou pèsòn ba nou ansèyman ; men jan konsekrasyon l’ nan ba nou ansèyman sou tout bagay la ; epi li vre, li pa manti, konsa jan l’ ba nou ansèyman an, se pou n’ rete nan li.
Koulye a, ti pitit mwen yo, se pou nou rete nan li, pou lè l’ parèt, nou kapab gen konfyans pou nou pa wont devan l’ lè l’ rive a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4
R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Men dwat li fè viktwa pou li, bra l’ ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li sove nou an, nan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li fè sonje mizerikòd li a, ak verite l’ la pou kay Izraèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an. Sonnen twonpèt pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
« Aprè m’ gen youn k-ap vini, ki te ekziste anvan m’ ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 19-28
Men temwayaj Jan, lè Juif yo te voye prèt ak levit kote l’ sot Jerizalèm, pou yo poze l’ kesyon an : « Ou menm kilès ou ye a » ? Li rekonèt, li pa nye, li rekonèt : « Mwen pa Kris la ».
Yo poze l’ kesyon : « Ki sa ou ye ebyen? Èske ou se Eli”?
Li di “Mwen pa sa”.
« Èske ou se pwofèt la » ?
Li reponn : « Non ».
Konsa yo di l’ : « Kilès ou ye? Pou nou kapab bay repons pou moun ki voye nou yo, ki sa ou di osijè ou » ?
Li di : « Mwen se vwa sa a k’ap rele nan dezè a : Dirije chemen Granmèt la, jan pwofèt Izayi te di a ».
Nan moun yo yo te voye yo, te gen Farizyen. Yo poze l’ kesyon, yo di l’ : « Pouki sa w’ap batize, si ou pa Kris la ni Eli ni pwofèt la” ?
Jan reponn yo, li di : « Mwen batize nan dlo ; men nan mitan nou gen yon moun ki kanpe, nou pa konnen l’, se li menm ki gen pou l’ vin aprè m’ nan, li menm ki te anvan m’, mwen pa merite defèt lasèt sapat li ».
Bagay sa yo te pase nan Betani lòt bò Jouden an, kote Jan t’ap batize a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
NB : Si yo ta vle yo ta kapab li tèks sa yo pito pou jou sa a :
PREMYE MOSO LABIB : Efezyen 4, 1-7. 11-l3
SÒM REPONS : sòm 22, 1-3. 4. 5. 6
LEVANJIL : Matye 23, 8-12.
REFLEKSYON : Jodi a n’ap sonje Sen Bazil Le Gran ak Sen Gregwa Nazyanz. Se de evèk ak savan sakre Legliz la ki te viv nan katriyèm syèk. Se te de bon zanmi ki te konn pataje ansanm kòm frè jiska lamò : yo t’ap chèche koute vwa Bondye ansanm nan yon menm atitid kontanplasyon, nan refleksyon ak nan lapriyè, nan yon epòk kote lansèyman Kris la te divize sosyete a, paske se pa tout moun ki te dakò ak li. E se menm reyalite sa ke n’ap viv nan tan jodi a.
Ki kote zanmitay Gregwa ak Bazil sòti? Sen Gregwa Nazyans te ekri: «Mwen te akonpaye gran Bazil mwen an, pa sèlman pou mwen te venere li, men tou mwen te rann mwen kont li te gen yon karaktè ki fèm epi pawòl li te jis (…). Sa, se te kòmansman zanmitay nou; se la limyè kominyon nou an sòti; nou fè yon sèl, nou gade nan menm direksyon. Nou te gen menm esperans».
Kisa Gregwa ak Bazil t’ap gade? Ki kalite esperans sa a ki te soude yo youn ak lòt la?  Se Jezikri menm, paske se li menm ki Mèt ak Gid la: «Men nou menm, pa fè moun rele nou mèt, paske se yon sèl Mèt nou genyen (…). Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chef, se Kris la.» (Mt. 23, 8.10). Tèt ansanm yo a, yo te jwenn li nan non Kris la: «Non nou gran, se paske nou te kretyen, se konsa yo te rele nou» (Sen Gregwa).
Kèk «pwofèt panse» diznevyèm syèk la te bay asirans ke gwo pwogrè syans ak teknik la ta pral pote otomatikman lapè nan lemond. Istwa bagay ki pase nan dènye tan sa yo pa ba yo rezon: Moun ki konnen e ki pa konnen Bondye, li manke konnen, se avèk anpil difikilte li kapab konnen lanmou e fasilman li ka debouche nan separasyon.
Lapè, fratènite, se pa pitit ni syans ni teknik, men se yon kado Lanmou Bondye Papa a. E an reyalite, se nan non Kris la Bazil ak Gregwa, nèg ki te gen konesans, te vin tounen frè. «Nou tout se frè. Pa rele pèson sou latè papa, paske nou gen yon sèl Papa: sa ki nan syèl la» (Mt. 23,8-9).
LAPRIYÈ: Bondye, Bazil ak Gregwa sen; gras a ekzanp yo ak ansèyman yo, ou fè Legliz ou a vin pi bèl. Tanpri, fè nou konsidere nou pa anyen pou nou aprann verite ou la. Ba nou charite pou nou obsève l’ avèk fidelite. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Menm jan ak Bazil ak Gregwa, an nou chache soude youn ak lòt, pou nou kapab travay sou plan espirityèl ak materyèl pou sove lavi nou epi pou ede lòt yo sove tou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario