Páginas

SAMDI 3

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
« Tout moun ki rete nan li, li pa fè peche ».
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 29-3, 6
Nou menm mwen renmen anpil la :
Si nou konnen li kòrèk, se pou nou konnen tou tout moun ki fè sa k’ kòrèk, se nan li li fèt. Gade ki kalite charite Papa a ba nou, pou yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye vre. Se pousa tè a pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt li. Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a se pitit Bondye nou ye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen lè 1’a parèt, n’a sanble ak li ; paske n’ap wè l’ jan l’ ye a. Tout moun ki gen esperans sa a, li fè tèt li vin sen nan li, menm jan li menm menm nan li sen an. Tout moun ki fè peche, li fè sa k’ pa kòrèk, peche a se sa k’ pa kòrèk. Nou konnen li menm li parèt pou l’ wete peche nou yo, epi pa gen peche nan li. Tout moun ki rete nan li, pa fè peche, tout moun ki fè peche, li pa wè l’, ni li pa rekonèt li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 3cd-4. 5-6
R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik ; sou twonpèt ki dous ak kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
« Men Mouton Bondye a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 29-34
Nan landmen, Jan wè Jezi k’ap vin kote l’, li di : « Men Mouton Bondye a, men sa a ki wete peche tè a. Sa a se osijè l’ mwen te di : « Apre m’ gen yon moun k’ap vini, li plase devan m’, paske li te ekziste anvan m’. Mwen menm, mwen pa t’ konnen l’ ; men se pou l’ te kapab parèt klè nan Izrayèl, se pousa mwen vini mwen menm m’ap batize nan dlo a ».
Jan sèvi l’ temwen, li di : « Mwen wè Lespri a k’ap desann tankou yon kolonb sot nan syèl la, li rete sou li. Mwen menm mwen pa t’ konnen l’ ; men sa a ki voye m’ batize nan dlo a, li menm menm li di m’ : « Sou moun nan ou a wè Lespri a desann li rete sou li a, se li menm k’ap batize nan Lespri Sen an ». Mwen menm mwen wè, mwen sèvi temwen, sa a se Pitit Bondye a ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Frè ak sè m’ yo, nan non Jezi ki tounen moun pou l’ sove nou an, mwen di nou tout yon bn ane 2015, yon ane ranpli avèk bon bagay, men sitou yon kè ranpli avèk anpil renmen pou Bondye epi pou tout moun k’ap viv nan lantouraj nou !
Yon lὸt fwa ank nou tounen pou nou kapab reflechi sou pawl lavi a. Nan premye moso labib la, Sen Jan ap fè nou sonje kman nou gen valè nan zye Bondye. Se pa pote nou pote non pitit li, men se sa nou ye menm. Yon pitit engra montre li rebѐl avѐk paran li, li pa obeyi avèk papa l’ ; men yon pitit ki gen la rekonesans, li di mèsi, li konprann tout sa paran l’ fѐ pou li. Depi nou batize nou tounen pitit Bondye. Tankou pitit, li fѐ nou kado lemond antye epi tou pwὸp pitit li, konsa menm jan avѐk yon pitit ki pa engra, nou di l’ mѐsi chak jou, chak moman nan lavi nou.
Nan Levanjil jodi a,  nou wѐ kὸman Jan Batis prezante nou Jezi tankou mouton Bondye ki wete peche sou tѐ a, Jezi pi gran pase l’ paske li te ekziste avan l’,  li temwen ke Jezi se vrѐ pitit Bondye a nan jou li t’ap batize l’ nan rivyѐ Jouden an.
Jan Batis pa t’ chѐche lonѐ pou li te mete l’ pi wo pase Jezi ni li pa t’ gen lὸgey ak jalouzi pou l’ te bay Jezi plas li merite a.
An nou pran ekzanp sou Jan Batis, pou nou sispann rabese moun, kritike moun. An nou chѐche idantifye Jezi nan lavi nou. Kilѐs li ye pou nou ?
Nan ane nouvo sa a ki kòmanse a, ann mande Bondye ede nou idantifye Jezi tankou pèsonaj ki gen plis enpòtans nan lavi nou, pou nou ba li plas li merite tankou Jan Batis te fѐ l’, rekonѐt limit nou, pa chѐche okipe plas ki pa pou nou.
LAPRIYÈ : Bondye papa nan nouvo ane sa ki kòmanse a  m’ap mande w’ pa kite m’ tounen yon pitit engra men yon pitit ki kapab apresye tout byen mwen resevwa nan men w’. Amѐn !

PWOPOZISYON : Chѐche idantifye kilѐs Jezi ye, epi ki plas li okipe nan lavi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario