Koulè Blan
DEZYÈM DIMANCH APRÈ NWÈL
PREMYE LEKTI
« Sajès
Bondye a abite nan pèp li chwazi a ».
NAN LIV SIRASID 24,1-4.12-16
Sajès la ap fè lwanj pwòp tèt li, l’ap jwenn
konsiderasyon l’ nan Bondye, nan mitan pèp li a l’ap leve tèt li; nan Asanble
Sa a ki anwo nèt la, l’ap louvri bouch li; devan fas pouvwa l’, l’ap leve tèt
li; nan mitan pèp li a l’ap leve anlè; nan foul sen yo, y’ap konsidere l’; nan
foul sa yo ki chwazi yo, l’ap jwenn lwanj, nan mitan sa yo ki beni yo l’ap
jwenn benediksyon.
Sa a ki kreye tout bagay la, li pase m’ lòd, li di m’, sa
a ki kreye m’ nan li abite nan tant mwen an, li di m’ : « Abite nan
Jakòb, mete eritaj ou nan Izrayèl, voye rasin ou yo nan sa yo mwen chwazi
a ».
Depi nan kòmansman, anvan syèk tan yo, li kreye m’, jous
nan syèk tan k’ap vini yo, mwen p’ap disparèt, nan kay ki sen an devan l’ mwen
sèvi.
Se konsa nan Siyon mwen enstale fèm, nan vil ki sen an
tou mwen repoze, nan Jerizalèm pouvwa m’enstale.
Mwen pran rasin nan pèp ki gen konsiderasyon an, nan
pòsyon Bondye m’ nan eritaj mwen ye, nan foul sen yo mwen jwenn plezi m’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 147,
12-13. 14-15. 19-20
R/ Pawòl la vin tounen chè, li abite nan
mitan nou.
Fè lwanj Granmèt la Jerizalèm; fè lwanj Bondye
ou, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo
nan ou.R.
Li menm ki poze limit ou yo nan lapè, li ba ou kont ble
ki gra. Li menm ki voye pawòl li sou tè a, avèk vitès pawòl li a
kouri.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman
l’ bay Izrayèl. Li pa fè konsa pou okenn nasyon, jijman l’ yo, li pa fè konnen
yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Li te chwazi
nou davans kòm pitit adoptif pa lentèmedyè Jezi”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 1,3-6. 15- 18
Konpliman pou Bondye Papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki
beni nou nan tout benediksyon Lespri a nan syèl la nan Jezikri; jan l’ te chwazi
nou nan li depi anvan tè a te fèt, pou nou te kapab vin sen, san tach devan fas
li nan charite a; li menm ki te mete nou apa davans pou l’ adopte nou kòm pitit
pa lentèmedyè Jezikri nan li menm, daprè plan volonte l’, pou lwanj glwa gras
li a, sa l’ sèvi pou l’ fè nou gras nan Pitit li a li renmen an.
Se pousa lè m’ tande lafwa nou, ki nan Granmèt Jezi a,
avèk renmen nou nan tout sen yo, mwen pa sispann ap di Bondye mèsi pou nou,
antan m’ap fè sonje nou nan lapriyè m’ yo: Se pou Bondye Granmèt nou Jezikri,
Papa glwa a, ba nou Lespri sajès avèk revelasyon nan konesans li: se pou l’
klere je kè nou, pou nou konnen ki esperans rele li rele nou an, ki richès glwa
eritaj li nan sen yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pawòl la vin tounen moun, li abite
nan mitan nou”
KÒMANSMAN LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ
JAN 1, 1-18
Nan kòmansman se te Pawòl la, Pawòl la te kot Bondye, se
Bondye Pawòl la te ye.
Li te kot Bondye nan kòmansman. Tout bagay te fèt pa
lentèmedyè l’, san li menm anyen pa t’ fèt nan sa k’ te fèt.
Nan li se te lavi, lavi a se te limyè lèzòm ; limyè
a klere nan fènwa, fènwa yo pa vlope l’.
Gen yon moun Bondye voye, yo te rele l’ Jan. Li te vini
nan temwayaj, pou l’ sèvi limyè a temwen, pou tout moun te kapab kwè pa
lentèmedyè l’, li pa t’ limyè li menm, men se pou l’ te kapab sèvi limyè a
temwen.
Te gen vrè limyè a, sa k’ klere tout moun k’ap vin sou tè
sa a. Li te sou tè a, se pa lentèmedyè l’ tè a te fèt, men tè a pa t’ rekonèt
li ; li vin lakay li, moun lakay li pa t’ resevwa l’.
Men tout moun ki te resevwa l’, li ba yo pouvwa pou yo
vin tounin pitit Bondye, yo menm ki kwè o non l’, ki pa fèt sot nan san yo, ni
nan volonte chè a, ni nan volonte gason, men ki fèt sot nan Bondye.
Pawòl la vin tounen moun, li abite nan nou ; nou wè
glwa li, glwa tankou pa Sèl Pitit la ki sot nan Papa a, plen gras ak verite.
Jan sèvi l’ temwen, li rele byen fò, li di: “Sa a, se
osijè l’ mwen te di: “Sa a k’ap vini aprè m’ nan, li pran plas devan m’, paske
li te la anvan mwen”.
Nan sa l’ plen an, nou tout nou resevwa, epi gras sou gras.
Sèke lalwa a yo te bay li pa lentèmedyè Moyiz, gras la ak verite a menm se pa
lentèmedyè Jezikri li rive.
Bondye, pèsòn pa janm wè l’ ; sèl Pitit la, ki nan
vant Papa a, li menm li montre l’.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, Levanjil Sen Jan an
prezante sou yon fòm pwetik e li sanble ofri nou, non sèlman yon entwodiksyon,
men tou yon sentèz tout eleman ki nan liv sa a.
Li prezante sou yon
ton solanèl, avèk kèk konparezon, ak kèk repetisyon epi nou nou jwenn kèk lide
ki trase.
Pwen ki pi enpòtan
an nan ekzposisyon an, nou jwenn li nan mitan, avèk yon afimasyon ki byen kadre
avèk epòk Nwèl la : « Pawòl la tounen moun, li te vin viv nan mitan nou»
(Jn. 14,1).
Jan di nou ke
Bondye te pran kondisyon moun, li te mete li nan po moun, e li enstale nan
mitan nou. Nan moman sa a, nou jwenn li nan mitan yon fanmi : kounye a se
nan Bètleyèm, pita an ekzil avèk yo nan peyi Lejip epi aprè sa nan Nazarèt.
Bondye te vle Pitit li a pataje lavi nou, e se pou sa,
li pase tout etap ekzistans la: li pran fòm nan vant Manman li, li fèt e li
grandi kòm sa dwa.
E li kontinye: «Nou te kontanple bèlte li, bèlte ke li
te resevwa nan men Papa a antan ke sèl Pitit, ki ranpli ak gras ak verite». Nan
premye moman sa yo, zanj yo tou chante: «Lwanj pou Bondye ki nan syèl la», «e
kè poze sou tè a» (Lik 2,14).
E kounye a, antan paran li yo kouvri li, vlope li nan
ti kabann manman li prepare a, papa li montre gwo devouman li; li plen lanmou
nan kè li, li bon e li aji ak entelijans. Li te prepare yon espas akeyan avèk
mwayen li te genyen. Nan manifestasyon gadò mouton yo ki pral adore li, paran
Jezi yo ap jwe ak li, y’ap souri ak li.
Se nan fason sa pòsyon Levanjil la prezante nou Pawòl
Bondye a, ki se Sajès, tankou li anonse nou sa. Se yon Pawòl ki ba nou lavi
atravè Bondye, li fè nou grandi, devlope san anyen pa kokobe nou, li fè nou
kapab gade tout sa ki nan antouraj nou epi valorize yo selon degre enpòtans yo,
gade yo avèk zye Bondye, antan nou montre rekonesans nou pou sila a ki bay lavi
li san rezèv pou fanm ak gason ki nan mond lan, depi lè li te parèt kòm yon
Timoun nan.
LAPRIYÈ : Jezi, ou menm ki desann, ki fè ou
tou piti pou sove lèzòm, tanpri ede nou sèvi lòt yo ak anpil dousè ak imilite.
PWOPOZISYON : Avèk imilite,
sèvi yon timoun oubyen yon granmoun ki bezwen konkou. Se yon siy limyè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario