Páginas

LENDI 5

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Nou travèse sot nan lanmò a al nan lavi a, paske nou renmen frè n’ yo»
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 11-21
Nou menm mwen renmen anpil la :
Men nouvèl la, nou te tande depi nan kòmansman an, pou nou youn renmen lòt. Se pa tankou Kayen, ki te sot nan move a, ki te touye frè l’ la. Epi pouki sa li te touye l’? Paske aksyon l’ yo te move, men aksyon frè l’ yo menm te kòrèk.
Pa sezi, frè m’ yo, si tè a rayi nou. Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò al nan lavi a, paske nou renmen frè yo. Moun ki pa renmen, li rete nan lanmò. Tout moun ki rayi frè l’, li se kriminèl, nou konnen okenn kriminèl pa gen lavi tout tan an ki rete nan li.
Se nan sa nou konnen charite Bondye a, sèke sa a te bay lavi l’ pou nou, nou menm tou nou dwe bay lavi nou pou frè nou yo.
Moun ki gen byen tè sa a, epi li wè frè l’ ki nan bezwen, malgre sa li fèmen zantray li devan l’, kijan charite Bondye a kapab rete nan li ?
Ti pitit mwen yo, pa renmen ak pawòl ni ak lang, men nan aksyon ak verite. Se nan sa nou konnen se nan verite a nou sòti, epi devan fas li nou asire kè nou.
Sèke, si kè nou repwoche nou, Bondye pi gran pase kè nou, li konnen tout bagay. Nou menm mwen renmen anpil la, si kè nou pa repwoche nou, nou gen konfyans kot Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r.: 2a)
R/ Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan ; antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Antre nan pòtay li yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik, fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.
Sèke Granmèt la bon ; pou tout tan li gen mizerikòd, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
«Ou se Pitit Bondye a, wa Izrayèl la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 1, 43-51
Lè sa a :
Jezi te vle pati al nan Galile ; li jwenn Filip. Jezi di l’ : «Suiv mwen». Filip menm se te moun Betsayid, vil Andre ak Pyè a.
Filip jwenn Natanayèl, li di l’ : «Sa a Moyiz te ekri sou li nan lalwa a ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf moun Nazarèt la».
Natanayèl di l’ : «Nan Nazarèt, ki sa ki kapab sòti debyen»?
Filip di l’ : «Vini, w’a wè».
Jezi wè Natanaèl k’ap vin kote l’ li di osijè l’ : «Men yon pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti».
Natanayèl di l’ : «Kote ou konnen m’» ?
Jezi reponn, li di l’ : «Anvan Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou».
Natanayèl reponn li, li di : «Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl».
Jezi reponn, li di l’ : «Paske mwen di ou «Mwen te wè ou anba pye figye a», ou kwè : w’ap wè pi gran pase bagay sa yo».
Li di l’ : «Amèn, amèn mwen di nou : n’ap wè syèl la louvri, ak anj Bondye yo k’ap monte desann anlè Pitit moun nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan litiji jodi a, n’ap reflechi sou renmen Bondye gen pou nou epi sou renmen nou dwe genyen youn pou lὸt.
Nan premye moso labib la nou wѐ kman nou dwe renmen youn ak lt. Renmen san mezi, san gade sou figi moun, renmen moun ki rayi nou. Tout moun ki renmen konsa, deja sòti nan lanmale nan lavi. Se pa renmen sѐlman nan pawl, men nan aksyon menm jan ak Jezi; pou l’ te montre n’ li renmen nou, li te fѐ l’ nan yon aksyon ki pa t’ gen pri, li te mouri sou yon bwa lakwa tankou yon malfetѐ pou l’ te kapab sove nou. Nou gen dwa pa ka rive fѐ yon gwo aksyon tankou pa Jezi a, men chak fwa nou pwofite yon okazyon pou n’ fѐ yon byen pou yon frѐ, yon sѐ ki nan bezwen, nou montre l’ ke nou renmen l’ tout bon vre.
Pi devan, nan levanjil la, sen Jan ap rakonte nou kὸman Natanayѐl te rankontre ak Jezi. Li te chita anba yon pye figye, san dout li t’ap repase nan tѐt li tout bѐl ansѐyman li te sot tande nan bouch Jan Batis epi petѐt li ta byen anvi rekonѐt Mesi sa a Jan batis ap pale a. Men chans pou li, yon ti tan pa pase li rankontre ak Filip ki di l’ : nou rankontre sa Moyiz ak pwofѐt yo t’ap pale sou li a, se Jezi, moun Nazarѐt la. Lѐ sa a Natanayѐl reponn Filip ke pa gen anyen de bon ki kapab sὸti nan Nazarѐt.
Men lѐ Jezi vin rakontre avѐ l’, li di l’ li te wѐ l’anba pye figye a avan Filip te rele l’ la, Natanayѐl pa t’ ka reziste paske li te vin rann li kont se yon moun ki ka wѐ l’ san l’ pa t’ pwoche kote l’ ; se pa t’ yon moun konsa konsa, li vin konprann ke Jezi se Mesi a menm e kontrѐman ak sa l’ te di Filip la li di Jezi : Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayѐl.
Menm jan avѐk Natanayѐl, an nou chѐche dekouvri kilѐs Jezi ye, si nou vle swiv li tout bon.
LAPRIYÈ : Bondye papa, ou menm ki ban nou Jezi pou nou swiv san poze kesyon, ede nou rive dekouvri kilѐs Jezi ye, konsa n’a toujou dispoze pou nou reponn li, lѐ li rele nou. Amѐn !

PWOPOZISYON : Pran ekzanp sou lamou Jezi gen pou nou, pou nou menm tou, nou kapab rive renmen frѐ ak sѐ nou yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario