Koulè Blan
EPIFANI GRANMÈT
LA
(GRAN
FÈT)
PREMYE MOSO
LABIB
« Glwa
Granmèt la leve sou ou.»
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 60, 1-6
Leve, klere, Jeruzalèm, paske limyè ou la rive, glwa
Granmèt la leve sou ou. Sèke men fènwa yo ap kouvri tè a, tenèb ap kouvri pèp yo ;
men sou ou se Granmèt la ki leve, y’ap wè glwa l’ nan ou.
Nasyon yo ap mache nan limyè ou, wa yo nan klète nesans
ou a. Leve je ou toutalantou, gade : tout sa yo rasanble, y’ap vin jwenn
ou ; pitit ou yo ap vin sot byen lwen, pitit fi ou yo ap parèt, y’ap pote
yo sou bra.
Lè sa a w’ap wè, w’ap plen richès, kè ou ap sezi, l’ap
gonfle, lè kantite richès lanmè a ap rive sou ou a, lè foul nasyon yo ap rive
sou ou a, se yon rivyè chamo k’ap kouvri ou, dwomadè Madyan ak Efa ; yo
tout ap vin sot Saba, y’ap pote lò ak lansan, y’ap chante lwanj Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71,
1-2. 7-8. 10-l1. 12-13
R/ Tout nasyon tè a ap adore ou, Granmèt.
Bondye, bay wa a jijman ou nan, bay pitit wa a jistis ou
a ;
l’a jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Jistis ap fleri nan jou l’ yo, ak lapè an kantite,
joustan lalin nan disparèt.L’ap kòmande sot nan lanmè jous nan lanmè,
sot nan gran rivyè a jous nan limit fas tè yo.R.
Wa Tasis yo ak zile yo ap ofri richès, wa Arab yo ak Saba
ap pote kado.Tout wa yo ap adore l’, tout nasyon yo ap sèvi l’. R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa
gen moun pou pote l’ sekou. L’ap pran pitye pou pòv la ak malere a, l’ap sove
nanm pòv yo.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Koulye a yo devwale kijan nasyon yo
eritye pwomès la ansanm avèk nou”
NAN
LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 3,2-3a.
5-6
Frè
m’ yo:
Nou
te tande kijan Bondye te fè m’ gras pou nou; sèke li devwale m’ mistè sa a
pitit moun yo pa t’ konnen nan lòt jenerasyon yo, jan l’ devwale l’ bay Apot yo
ak Pwofèt yo ki sen yo nan Espri a: nasyon yo eritye ansanm avèk nou, yo fè yon
sèl kò avèk nou, yo patisipe menm jan avèk nou pou pwomès li a nan Jezikri pa
lentèmedyè bòn nouvèl la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Nou vin
sot olevan pou nou adore wa a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2, 1-12
Lè Jezi te fèt nan Bètleèm Jida, nan jou wa Ewòd, men Maj
sot olevan rive Jerizalèm, ap di : « Kote sa a ki fèt la, wa juif
yo » ? Nou wè zetwal li
reyèlman olevan, epi nou vin adore li ».
Wa Ewòd menm antan l’ tande, li twouble epi tout
Jerizalèm avèk li ; antan l’ rasanble tout chèf prèt yo ak skrib pèp la,
li kesyone yo ki kote Kris la t’ap fèt.
Yo menm menm yo di l’ : « Nan Bètleèm
Jida ; se konsa reyèlman sa ekri pa lentèmedyè Pwofèt la : « Epi
ou menm, Bètleèm, tè Jida, ou pa pi pitit nan chèf Jida yo, nan ou reyèlman
l’ap sòti, chèf la k’ap kòmande pèp mwen Izrayèl la kòm wa a ».
Lè sa a atò, Ewòd rele Maj yo an kachèt, li fè yo
eksplike l’avèk swen tan zetwal la ki te parèt ba yo a, epi antan l’ voye yo
Bètleèm, li di : « Ale, epi pran ransèyman avèk swen osijè pitit la,
lè n’a jwenn li, tounen avèti m’, pou mwen menm tou m’al adore li ». Yo
menm, kon yo fin tande wa a, yo pati.
Epi menm zetwal la yo te wè olevan an, li t’a prale devan
yo, jous li vin ret anlè kote ti pitit la te ye a. Antan yo wè zetwal la, yo
kontan anpil ; epi antan yo antre nan kay la, yo wè pitit la avèk Mari,
manman l’, epi antan yo lage kò yo atè, yo adore l’. Epi antan yo louvri trezò
yo, yo ofri l’ kado : lò, epi lansan, epi lami.
Epi antan yo resevwa repons nan sonj pou yo pa tounen kot
Ewòd, se atravè yon lòt chemen yo tounen nan rejyon yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, pwofèt Izayi ankouraje nou : « Leve, klere ! Paske limyè ou la rive, glwa Granmèt
la leve sou ou.» (Izayi 60,1). Limyè sa a ke pwofèt la te wè a, se etwal ke Wa
Maj yo te wè an Oryan an, avèk anpil lòt moun. Maj yo dekouvri sans li. Lòt
moun yo kontanple li tankou yon bagay ki admirab, ki bèl men ki pa afekte yo.
E, se konsa yo pa fè okenn reyaksyon.
Maj yo
te rann yo kont ke atravè etwal la Bondye te voye yon mesaj enpòtan e li te vo
lapenn pou yo te pase anpil difikilte, pou yo te mete sou kote anpil bagay pou
yo te ka riske nan yon vwayaj san yo pa t’ konnen ekzakteman ki kote yo ta
prale a. Lespwa yo te genyen pou yo te rive jwenn Wa a te pouse yo swiv etwal sa
a ke pwofèt yo te anonse a e ke pèp Izrayèl la t’ap tann depi plizyè syèk la.
Maj yo te rive Jerizalèm, Kapital Juif yo. Se la yo
panse yo kapab jwenn enfòmasyon pou konnen ekzakteman ki kote Wa yo a te fèt.
Vrèman vre, yo jwenn enfòmasyon: «Bètleyèm, nan Jide, paske se sa pwofèt la te
anonse» (Mt 2,5). Nan yon ti bout tan, toupatou, nouvèl la gaye osijè Maj yo ki
rive e k’ap poze kesyon.
Jerizalèm se te yon ti vil, se poutèt sa tout moun te
gen tan okouran. «Wa Ewòd te boulvèse epi tout Jerizalèm avèk li.», se sa
Levanjil la di nou.
Jezi
kwaze sou chemen li ak anpil moun ki pa enterese ak li. Yon ti jefò tou piti te
kapab chanje lavi moun sa yo. Yo te kapab rankontre tout bon
vre avèk Wa ki bay kè kontan ak kè poze a.
Frè
ak sè m’ yo, sa mande pou nou gen dispozisyon ak bòn volonte pou nou chèche,
bouje, mande san dekouraje tankou Maj yo; nou dwe sòti nan nou menm, nan woutin
nou, pou nou kapab gen gwo chans rankontre Kris la. Si nou pa jwenn li, ebyen
nou poko jwenn anyen nan lavi a, paske se li sèl ki kapab sove nou: Jwenn Jezi,
se jwenn Chemen ki mennen nan konesans Verite ki bay Lavi a. E san li menm,
anyen pa vo anyen.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki devwale Sèl Pitit ou a
nan jounen jodi a bay nasyon yo, gras a zetwal la ki t’ap kondui yo a, fè nou
favè avèk bon kè ou, pou nou menm ki deja rekonèt ou nan lafwa a, nou kite ou
kondui nou jous nan vizyon fas ou nan syèl la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Atravè
refleksyon ak meditasyon, dekouvri ki siy jounen jodi a ki ka ede mwen
rankontre ak Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario