Páginas

MÈKREDI 7

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Eseye espri yo si se nan Bondye yo sòti.”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 22—4, 6
Nou menm mwen renmen anpil la :
Tout sa nou kapab mande n’ap resevwa l’ nan men l, paske nou kenbe kòmandman l’ yo, epi se sa k’ fè l’ plezi devan l’ nou fè.
Sa a se kòmandman l’ nan, pou nou kwè o non Pitit li a Jezikri, epi pou nou youn renmen lòt, jan l’ te ba nou lòd la. Moun ki kenbe kòmandman l’ yo, li rete nan li, ni li menm tou nan li ; se nan sa nou konnen Espri li te ba nou an rete nan nou.
Nou menm mwen renmen anpil la, pa kwè nan tout kalite espri, men se pou nou eseye espri yo si se nan Bondye yo sòti; paske gen anpil fo pwofèt ki sòti sou tè a. Nan sa yo rekonèt Espri Bondye a: tout espri ki rekonèt Jezikri vini nan chè a, se nan Bondye li sòti; tout espri ki nye Jezi, se pa nan Bondye li sòti; sa a se Antikris la, sa nou te tande di li t’ap vini an, koulye a li deja sou tè a.
Nou menm se nan Bondye nou sòti, ti pitit mwen yo, nou ranpòte viktwa sou li : paske sa a ki nan nou an li pi gran pase sa a ki sou tè a. Yo menm se sou tè a yo sòti ; se pousa se koze tè a y’ap pale, tè a menm koute yo. Nou menm se nan Bondye nou sòti. Moun ki rekonèt Bondye, li koute nou ; moun ki pa sot nan Bondye, li pa koute nou : nan sa nou rekonèt espri verite a ak espri erè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 2, 7-8. 10-11
R/ M’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou.
M’ap anonse desizyon l’ nan : Granmèt la di m’ : « Se pitit mwen ou ye ; se mwen jodi a ki anfante ou. Mande m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou, posesyon ou se limit tè a.R.
Koulye a, wa yo, konprann, pran leson, nou menm k’ap jije tè a. Sèvi Granmèt la ak respè, fete devan l’avèk sezisman. R.
LEVANJIL
« Peyi wa syèl yo tou pre ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 12-17. 23-25
Lè sa a :
Lè Jezi tande yo te arete Jan, li pati kite Galile a; li kite vil Nazarèt la, li vin abite Kafanawòm bò lanmè a, nan limit Zaboulon ak Neftali, pou pawòl pwofèt Izayi a te kapab reyalize:
« Tè Zaboulon, ak tè Neftali, wout lanmè a lòt bò Jouden an, Galile nasyon yo. Pèp ki te chita nan fènwa yo, li wè yon gran limyè, sou moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo ».
A pati lè sa a, Jezi kòmanse preche, l’ap di : « Fè penitans, paske peyi wa syèl yo tou pre ».
Jezi t’ap fè tout tou tout Galile a, l’ap bay ansèyman nan sinagòg yo, l’ap preche bòn nouvèl peyi wa a, l’ap geri tout maladi ak tout feblès nan pèp la. Repitasyon l’ travèse tout Siri a ; yo mennen tout moun malad ba li, sa k’ gen divès kalite maladi ak soufrans k’ap peze yo, sa k’ gen demon, sa k’ gen maladi tonbe, sa k’ pa kapab mache, li geri yo. Anpil foul suiv li sot depi Galile a ak Dekapòl ni Jerizalèm, ni Jide ni lòt bò Jouden.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan premye lekti-a Apot Jan ki sen, prezante nou yon mesaj an kat pati. Nan premye pati a, li ankouraje nou pou kontinye viv nan Bondye, kote li ba nou asirans tout sa n’ap mande Bondye Granmèt la, l’ap ban nou l’ si nou kenbe kòmandman li a; se sa ki korèk nou fè, paske se nan bagay sa yo Bondye pran plezi l’.
Donk fòk nou fè byen jiskaske nou pa kapab ankò, menm jan Sen Ogisten di sa: “renmen epi fè sa nou vle”. Nan Dezyèm pati a, Jan envite nou pou nou renmen nan Bondye paske se nan Bondye nou sòti e nan li nou prale viv pou toutan gras ak Jezikri, Pitit li a.
Nan Twazyèm pati a, li envite nou pou fè atansyon ak fo pwofèt yo, ak lespri fo yo. Jodi a lè n’ap gade reyalite peyi nou, n’ap mande kisa k’ap pase paske ti legliz pouse tankou dyondyon ; yo tout vle fè mirak pou yo ka fè moun kwè nan yo.
Donk Jan mande nou pou nou fè tansyon ak bagay sa yo, pou nou mande Bondye pou l’ klere lespri nou ak limyè l’ la pou nou ka wè si se nan Bondye sa y’ap fè ak sa y’ap di yo sòti vre, paske anpil nan yo se antikris, se fo pwofèt yo ye.
Nan katriyèm pati a, Jan ap di nou se nan Bondye nou sòti, nou pa dwe tande moun sa yo paske se pawòl tè y’ap di nou, moun pou nou tande, se sèl Granmèt la, li menm ki se pawòl Bondye a, e se pawòl sa ki bay lavi ki p’ap janm fini an.
Men pou nou rive jwenn lavi sa ki p’ap janm fini an, fòk nou koute Jezikri k’ap pale ak nou, k’ap di nou : «Fè penitans, paske peyi wa syèl yo tou pre». Se gwo envitasyon sa Jezi fè nou chak pou kite peche a pou nou kase tèt tounen vin jwenn Bondye, paske Wayòm li an prèske rive.
Ann nou mande Bondye gras sa pou l’ede nou kole sou li san rete li menm ki sous lavi a.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ou menm ki konnen fon kè nou, tanpri souple fè nou rete kole sou ou menm jan branch bwa rete kole sou pye a. Konsa, n’a rive tande vwa w’ k’ap di nou «Fè penitans, paske peyi-wa syèl yo tou pre». Nou priye w’ konsa ou menm ki vivan, ki wa e ki Bondye koulye a e pou toutan k’ap gen tan. Amèn

PWOPOZISYON : Pandan semèn, ann gade konbyen fwa nou pa t’ tande vwa Bondye k’ap pale ak nou, nou tande pito vwa fo pwofèt yo. Ann chèche ranje koze nou ak Granmèt la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario