Páginas

JEDI 8

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
« Bondye se renmen ».
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 7-10
Nou menm mwen renmen anpil la, se pou nou youn renmen lòt, paske charite a se nan Bondye li sòti : epi tout moun ki renmen se nan Bondye li fèt, li konnen Bondye. Moun ki pa renmen, li pa konnen Bondye, paske Bondye se renmen.
Se konsa charite Bondye a parèt nan nou, Bondye voye sèl Pitit li a sou tè a, pou nou viv gras a li. Men nan kisa charite a ye : se pa kòmsi se nou ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou an premye, li voye Pitit li a kòm padon pou peche nou yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 2. 3-4ab. 7-8
R/ Tout nasyon tè yo ap adore ou, Granmèt.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou,
L’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Mòn yo ap pote lapè pou pèp la, ti wotè yo ap pote jistis.
L’ap jije pòv yo nan pèp la, l’ap sove pitit malere yo.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak lapè an kantite joustan lalin nan disparèt. L’ap kòmande sot nan lanmè al nan lanmè, epi sot nan gran rivyè a jous nan bout fas tè yo.R.
LEVANJIL
“Antan li fè pen yo vin anpil, Jezi montre li se pwofèt la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 33-44
Lè sa a :
Jezi wè anpil foul, li pran pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki pa gen gadyen ; li kòmanse ba yo ansèyman anpil.
Kòm lè a te ta anpil, disip li yo pwoche, yo di : « Kote sa a se yon dezè, epi lè a deja ap fin ta ; ranvwaye yo, pou y’al nan vil yo ki tou pre yo, ak nan bouk yo, y’a achte manje pou yo manje ».
Li reponn, li di yo: “Ba yo manje nou menm”.
Yo di l’ : « N’a pral achte desan goud pen, pou nou ba yo manje ».
Li di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade”.
Lè yo o kouran, yo di: “Senk avèk de pwason”.
Li pase yo lòd pou yo fè tout moun kouche pa gwoup sou zèb fre a, yo kouche pòsyon san, pòsyon senkant.
Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li gade nan syèl la, li beni pen yo, li kase yo, li bay disip li yo, pou yo mete devan moun yo, ni de pwason yo tou li separe yo pou tout moun. Tout moun manje vant plen. Yo ranmase rès moso yo plen douz panye, ni nan pwason yo tou. Moun yo ki te manje yo menm yo te senk mil gason.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Renmen se sa Bondye mande, renmen se lavi yon kretyen, Bondye se renmen, apot yo se renmen, ebyen nou tout dwe tounen renmen pou frè ak sè nou yo. Se gwo pawòl sa Apot Jan adrese ak nou chak jodi a nan premye moso labib la, kote l’ap di nou ki kalite renmen Bondye gen pou nou, kote li aksepte voye sèl grenn pitit li a vin mouri pou nou, pou nou menm ka gen lavi e lavi nèt ale.
Se prèv lanmou sa Bondye ban nou pou l’ montre kòman li renmen nou, e pou l’ di nou tou pa gen pi gwo kado nou ka ofri frè ak sè nou ke lanmou nou gen pou yo. Se pa yon lanmou pou yon pwofi, pou yon enterè, men se yon lanmou kote ou bay tout ou menm san ou pa espere jwenn anyen an retou. Yon renmen nou ka ofri ak yon souri, menm jan nou abitye chante sa : ak yon souri damou n’ap swete lòt la lapè, kè poze. Se pou youn renmen lòt nan konba lavi, se pou nou mete tèt nou ansanm pou pwoblèm nou ka disparèt. Pou grangou kaba, pou mizè ka fini, pou nou fè menm jan ak premye kominote kretyèn nan; tout sa yo te genyen yo te mete l’ ansanm pou yo te ka viv, konsa pa t’ gen lamizè, pa t’ gen fè lagè, pa t’ gen chen manje chen.
Fòk nou kite lanmou Bondye anvayi kè nou pou n’ ka renmen menm jan ak li. Jezi te ak foul moun yo, pou jan li te wè yo nan dezè a, ebyen li te gen pitye pou yo, li te manifeste lanmou pou yo, li te ba yo manje.
Jodi a, konbyen frè ak sè nou yo k’ap soufri grangou ? Èske nou ba yo kichòy pou yo manje. Frè ak sè m’ yo, an nou pran konsyans, pou nou wè konbyen fwa nou pa t’ kite lanmou sa Bondye envite nou genyen an manifeste pou lòt yo. Paske chak fwa nou sèvi lòt yo, se Granmèt la menm nou sèvi ; chak fwa nou akeyi yo, se Granmèt la nou akeyi.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki si tèlman renmen ras lèzòm, ou fè pitit ou a vin mouri pou nou, pou nou menm ka gen lavi ; tanpri, transfòme kè nou yon fason pou nou ka renmen pi plis toujou, e pou nou fè parèt nan vizaj nou pòtre ou menm ki se vrè lanmou an. Nou mande w’ sa pa pouvwa Jezikri. Amèn

PWOPOZISYON : Chèchè pandan semèn nan yon okazyon pou w’ manifeste yon prèv lanmou. Ou ka bay yon moun ki nan bezwen kichòy, ou ka vizite yon malad, yon prizonye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario