Koulè Blan
PREMYE MOSO
LABIB
« Si nou
youn renmen lòt, Bondye rete nan nou.»
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 11-18
Nou menm mwen renmen anpil la, si Bondye renmen nou
konsa, se pou nou youn renmen lòt tou. Bondye, pèsòn pa janm wè l’. Si nou youn
renmen lòt, Bondye rete nan nou charite l’ nan nou an li reyalize nèt.
Nan sa nou konnen nou rete nan li epi li menm nan nou,
sèke li te ba nou nan espri l’ la. Nou menm nou wè, nou sèvi temwen Papa a voye
Pitit li a kòm sove tè a.
Tout moun ki rekonèt Jezi se Pitit Bondye, Bondye rete
nan li, epi li menm nan Bondye. Nou menm nou konnen, nou kwè nan charite a
Bondye genyen pou nou an. Bondye se charite, moun ki rete nan charite a, li
rete nan Bondye, epi Bondye nan li.
Nan sa charite Bondye a kòrèk nèt nan nou, pou nou gen
konfyans jou jijman an ; sèke, jan l’ ye li menm nan, se konsa tou nou
menm nou ye sou tè sa a. Kè sote pa nan charite a ; men charite ki fin
kòrèk nèt la, li voye kè sote a deyò, paske kè sote a gen chatiman an ;
moun ki nan kè sote, li pa kòrèk nèt nan charite a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 71,
1-2. 10-11. 12-13
R/ Tout nasyon tè yo ap adore ou, Granmèt.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou,
l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Wa Tasis yo ak zile yo ap ofri richès, wa Arabi yo ak
Saba ap pote kado.Tout wa yo ap adore l’, tout nasyon yo ap sèvi l’.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa
gen moun pou pote l’ sekou. L’ap pran pitye pou pòv la ak malere a, l’ap sove
nanm pòv yo.R.
LEVANJIL
« Yo wè
Jezi ap mache sou lanmè a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 45-52
Lè sa a :
Jezi fòse disip li yo monte nan batiman an pou yo pran
devan l’ lòt bò lanmè nan direksyon Betsayid, pandan li menm menm li t’ap
ranvwaye pèp la. Lè l’ fin ranvwaye yo li monte nan mòn nan pou l’ priye. Kòm
aswè te rive, batiman an te nan mitan lanmè a, epi li menm pou kont li li te
sou tè a. Antan li wè yo ap fè efò nan rame a (sèke van yo te vin an fas), vè
katriyèm vèy nan nuit la, li rive kote yo antan l’ap mache sou lanmè a ;
li te vle depase yo. Men yo menm lè yo wè l’ap mache sou lanmè a, yo te panse
se yon revenan, epi yo rele. Yo tout reyèlman te wè l’, epi yo te twouble.Menm lè a li
pale avèk yo epi li di yo : Fè konfyans, se mwen menm ki la, pa pè. Li
monte kote yo nan batiman an, epi van an sispann.Yo te pi sezi ankò anndan
yo; sèke yo pa t’ konprann kesyon pen
yo; kè yo reyèlman te vlope nan fènwa.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Moun ki renmen, Bondye rete nan li; si Bondye
renmen nou konsa, nou men m’ tou se pou nou aprann renmen, paske Bonye se non l’
sa , renmen: anpil fwa nou di nou renmen Bondye ke nou pa janm wè, poutan sila yo k’ap viv bò kote nou, sila yo ke nou
wè e nou kapab touche, anpil fwa nou pa janm mande yo ki sa yo pote vann; nou
pa dwe bliye kijan Bondye te kreye nou, pòtre ak li, pou nou te ka sanble ak
li. Kidonk zanmi mwen, nou pa kapab kontinye ap bay tèt nou manti, si nou pa
renmen moun, li enposib pou nou renmen Bondye. Se lè nou prete atansyon ak yon
moun, se lè nou sèvi yon moun, se lè nou respekte yon moun, se lè sa nou montre
nou prete atansyon ak Bondye, nou sèvi Bondye, nou respekte Bondye.
Nan premye lekti a, Sen Jan ba nou yon mesay k’ap
pèmèt nou sanble ak Bondye. Se lè youn renmen lòt, nou menm an nou wè ki kalite
renmen nou gen nan kè nou pou lòt yo; anpil fwa, lè nou bezwen twonpe yon moun,
nou montre l’ nou renmen li, men se pa avèk tout kè, tout sa se blòf. Bondye pa
pran plezi nan mòd renmen sa yo, paske kote ki gen renmen ki vrè, se la Bondye
ye.
Men, poukisa Bondye renmen nou konsa? Èske nou
merite sa? Annou chèche viv dimansyon renmen Granmèt la, paske si gen renmen va
gen lapè ak konfyans nan mond nou an.
Vrèman vre, n’ap viv nan yon mond ki chita sou
ipokri, sou manti, n’ap fè fas ak anpil sitiyasyon chak jou ki fè nou pè, nou
tranble, paske se bagay ki touche nou nan pwofondè sa nou ye kòm moun epi kòm
kretyen. Jezi ap di nou: konfyans!
Gen anpil bagay n’ap tande ki blese zòrèy nou,
tankou y’ap pale pou legalize avòtman, pou fanm marye ak fanm, gason marye ak
gason; yo vle chanje sans kreyasyon Bondye a epi chanje sans kalite lavi Bondye
vle pou pitit li yo. Lè gwo nèg ki gen puisans yo deside chanje bagay yo selon
volonte yo ak enterè yo, ebyen devan sitiyasyon sa a, laperèz anpare nou, nou
vin san espwa, epi nou pèdi konfyans jis nou rive bliye kiyès ki Bondye.
Frè ak mwen, jodi a menm an nou koute Jezi k’ap
di nou: pa pè, mwen toujou la avèk nou pou pote nou sekou!
LAPRIYE:Bondye Granmèt, tanpri ede
nou dekouvri prezans ou nan lavi nou, ede nou fè fas ak tout pwoblèm nou yo.
Pote nou sekou.
PWOPOZISYON: Bondye renmen mwen, mwen menm tou mwen gen
obligasyon pou mwen renmen lòt yo, epi montre yo renmen sa nan fason m’ap viv
avèk yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario