Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
« Sa k’
renmen Bondye a, se pou l’ renmen frè l’ tou »
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 19-5,4
Nou menm mwen renmen anpil la, nou renmen Bondye donk,
paske Bondye te renmen nou an premye. Si yon moun di: Mwen renmen Bondye, epi
li rayi frè l’, li se yon mantè. Sa k’
pa renmen frè l’ la li wè a, Bondye li pa wè a, kijan li kapab renmen li? Sa a se
kòmandman an nou te resevwa nan men Bondye a : pou sa k’ renmen Bondye a,
li renmen frè l’ la tou.
Tout moun ki kwè Jezi se Kris la, se sot nan Bondye li
fèt. Epi tout moun ki renmen sa a li bay
nesans la, li renmen sa a tou ki pran nesans sot nan li a.Nan sa a nou konnen
nou renmen sa k’ gen nesans Bondye yo, lè nou renmen Bondye epi nou reyalize
kòmandman l’ yo. Sa a reyèlman se charite Bondye a, pou nou kenbe kòmandman l’
yo : epi kòmandman l’ yo pa lou. Sèke tout sa k’ gen nesans sot nan
Bondye, li ranpòte viktwa sou tè a, epi sa a se viktwa a, ki metrize tè a,
lafwa nou.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 71,
1-2. 14-15bc. 17
R/ Vini adore Bondye nou.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou, se
pou l’ kòmande pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan verite.R.
L’ap delivre yo sot nan enjistis ak vyolans, san yo ap gen fran valè devan l’. Y’ap priye pou
li tout tan, tout tan y’ap beni l’.R.
Se pou non l’ beni tout tan ; toutotan solèy la ap
klere, se pou non l’ dire. Se pou tout fanmi tè a beni nan non l’, se pou tout
nasyon deklare ala kontantman pou li.R.
LEVANJIL
« Jodi a
Pawòl sa a ki ekri a reyalize»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 14-22a
Lè sa a :
Jezi tounen nan fòs Espri a nan Galile a ;
repitasyon l’ gaye nan tout rejyon an. Li t’ap anseye nan sinagòg yo, tout moun
t’ap fè lwanj li.
Li rive Nazarèt, kote yo te fè edikasyon l’ nan ; li
antre daprè abitid li nan sinagòg la jou saba a, li leve pou l’ fè lekti a. Yo
renmèt li liv pwofèt Izayi a. Lè l’ dewoule liv la, li jwenn kote ki ekri
a :
« Espri Granmèt la sou mwen ; se pousa li sakre
m’, li voye m’anonse pòv yo bon nouvèl la, geri sa k’ gen kè kraze yo, preche
delivrans bay prizonye yo, preche limyè bay avèg yo, ranvwaye sa y’ap maltrete
yo an libète, preche yon ane ki fè Granmèt la plezi, yon jou l’ap bay
rekonpans ».
Li woule liv la, li renmèt sèvitè a li, li chita. Nan sinagòg la,
tout je te fikse sou li.
Li kòmanse di yo : « Jodi a Pawòl sa a ki ekri
a reyalize nan zòrèy nou ». Tout moun t’ap fè temwayaj sou li, yo te sezi
pou pawòl gras yo ki t’ap sòti nan bouch li a.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nou menm ki di nou renmen Bondye, apot Jan ta
renmen nou klè sou sa, paske pou li, renmen ta dwe yon bagay natirèl ki pran
nou nan zantray e ki makonnen nou ak Bondye.
Kòm patizan, kòm disip-misyonè Jezikri, nou dwe
renmen, poutèt Bondye se Renmen. Si nou renmen pwochen nou tout bon vre, lè sa
a nou mèt sèten nou renmen Bondye tout bon vre. Jan di nou Bondye renmen nou, sa
se yon bagay nou pa dwe doute sou li. Pi gwo prèv nou genyen, li voye Pitit li
Jezikri vin montre nou kijan lanmou sa a san kondisyon e li san parèy ; li
la ni pou sa k’ fè volonte l’, ni pou sila yo ki pa fè volonte li.
Ala yon bèl bagay se renmen, paske li anvlope
tout bagay. Se nan renmen sa a ke fòs Lespri Sen sòti, Lespri ke Levanjil la
rakonte nou ki te poze sou Jezi nan sinagòg la, lè li t’ap anonse misyon l’ sou
tè a : li di Granmèt la voye l’anonse Bòn nouvèl delivrans la.
Bòn nouvèl la, sèke Jezi se Sovè a, Mesi a,
Liberatè a, li vin chanje tout bagay ki pa fè kè Bondye plezi, li vin transfòme
lavi nou, li vin fè nou lagras, li pa vle nou soufri ankò.
Frè ak sè m’ yo, daprè mesaj Jezikri a, ki se
mesaj delivrans lan, nou dwe konte pi plis toujou sou Granmèt la, paske li
renmen nou, li vle nou byen viv sou tè a.
LAPRIYÈ : Granmèt, voye Lespri renmen w’ lan nan nou, pou nou kab
aprann renmen frè ak sè n’ yo ; konsa n’a kapab di nou renmen w’ tout bon
vre.
PWOPOZISYON : M’ap aprann renmen tèt mwen, pou mwen ka renmen Bondye
atravè pwochen mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario