Koulè Blan
FÈT BATÈM GRANMÈT LA
PREMYE LEKTI
« Men
sèvitè m’ nan, se nan li mwen jwenn plezi m’»
LÉKTU LIV PROFÈT IZAYI 42, 1-4. 6-7
Min paròl Granmèt la :
« Men sèvitè m’ nan, m’ap soutni l’, li menm mwen
chwazi a, mwen jwenn plezi m’ nan li : mwen mete espri m’ sou li, l’ap
pote jijman an bay nasyon yo. Li p’ap rele ni li p’ap konsidere figi moun, yo
p’ap tande vwa l’ nan lari. Wozo ki fele a, li p’ap kase l’ ; mèch k’ap fè
lafimen an, li p’ap etenn li ; l’ap fè jijman an sòti nan verite. Li p’ap
tris, ni brital, joustan li poze jijman an sou tè a ; zile yo ap tann
lalwa l’ la.
Mwen menm Granmèt la mwen rele ou nan jistis la, mwen
pran ou nan men, mwen pwoteje ou, mwen renmèt ou kòm kontra pèp la pou limyè
nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo, pou ou wete prizonye yo sot nan kacho a,
pou ou wete moun ki chita nan fènwa yo sot nan prizon an ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 28,
la e 2. 3ac-4. 3b e 9b-10
R/ Granmèt la ap beni pèp li a nan lapè.
Pote bay Granmèt la, pitit Bondye yo, pote bay Granmèt la
glwa non l’, adore Granmèt la nan bèlte ki sen an.R.
Vwa Granmèt la sou dlo yo, Granmèt la nan pouvwa, vwa
Granmèt la nan grandè.R.
Bondye grandè a fè tande vwa li : nan tanp li a tout
moun rele viv.Granmèt la abite anlè delij la, Granmèt la ap chita kòm wa pou
tout tan.R
DEZYÈM MOSO
LABIB
« Granmèt
la sakre l’ nan Espri Sen an »
NAN TRAVAY APOT YO 10, 34-38
Jou sa yo :
Pyè louvri bouch li, li di : « Amèn mwen
rekonèt Bondye pa gade sou figi moun, men nan tout nasyon, moun ki krenn li, ki
fè sa k’ kòrèk, se li menm li resevwa.
Bondye voye pawòl la bay pitit Izrayèl yo, li anonse lapè
pa lentèmedyè Jezikri : sa a se Granmèt tout moun. Nou konnen, pawòl ki
rive nan tout Jide a kòmanse depi sot nan Galile a aprè batèm nan, sa Jan te
preche a, Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye sakre l’ak Espri Sen an avèk pouvwa,
li menm ki travèse antan l’ap fè sa k’ byen, l’ap geri tout moun ki t’ap pase
tray anba pouvwa dyab la, paske Bondye te avèk li ».
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
«Ou se Pitit
mwen an sa m’ renmen an, nan ou mwen jwenn plezi mwen»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 6b-11
Lè sa a :
Jan t’ap preche, li t’ap di : «Gen yon moun ki pi fò
pase m’ k’ap vini, mwen pa merite pou m’ bese pou m’ defèt lasèt sapat li yo. Mwen
menm mwen batize nou nan dlo, li menm menm l’ap batize nou nan Lespri Sen».
Rive, jou sa yo, Jezi vini sot Nazarèt Galile a, li resevwa
batèm nan men Jan nan Jouden an ; menm lè a antan l’ap monte sot nan dlo a,
li wè syèl yo louvri epi Lespri a tankou yon kolonb k’ap desann poze sou li ;
yon vwa sòti nan syèl yo : «Ou se Pitit mwen an sa m’ renmen an, nan ou mwen
jwenn plezi m’».
REFLEKSYON : Lè Jan Batis t’ap batize moun yo, se yon
fason li t’ap ede yo pran konsyans jan yo te bezwen chanje mantalite yo, pou yo
te chache Bondye epi konpòte yo yon lòt jan. Jezi menm, li pa t’
bezwen fè tout sa, paske se Pitit Bondye li ye. Li pa t’ janm fè peche. Kidonk,
pa t’ gen anyen pou li te chanje nan pwòp lavi li.
Epoutan, Jezi pran desizyon antre nan ran pechè yo, li fè Jan Batis
batize l’ tou. Se yon fason pou li te montre jis ki bò l’idantifye tèt li avèk
nou. Se yon fason pou li te di pechè yo li konprann sitiyasyon yo e li te vle
delivre yo. Jezi pa t’ janm kite chimen Bondye a, men li te padonen moun ki te
kite l’, depi yo vle retounen l’ap akeyi yo.
Jezi vin montre nou kijan lanmou ak mizerikòd Bondye san limit. Li
plonje nan rivyè pou li te kapab pran sou do li tout chay peche ki te lou sou
do nou.
Lè Papa a ak Pitit la t’ap aji avèk yon sèl lide, yon sèl santiman, se
Lespri Sen an ki reprezante linyon ki genyen nan mitan yo, jan yo ini nan yon
sèl renmen pou tout pèp la.
Lè nou batize nan non Jezi, nou rantre nan kominyon li a ak Bondye.Nou
tounen pitit Bondye menm jan avè l’.
Nou angaje nou pou nou swiv li, pou nou aji menm jan l’ te konn aji, pou
tout frè ak sè nou yo kapab konnen jan Papa a renmen yo.
Epi nou gen Lespri Sen an nan kè nou. Se li menm k’ap ba nou limyè, k’ap
ba nou yon lavi tou nèf, k’ap ede nou bati tèt ansanm nan mitan nou.
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye, Papa a, Pitit la, ak Lespri Sen an! Ede nou viv nan nan tèt ansanm ak
nan renmen menm jan avèk nou! Amèn.
PWOPOZISYON: Kisa mwen kapab fè
jodi a pou fè yon moun konprann jan Bondye renmen l’?
No hay comentarios:
Publicar un comentario