Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Bondye pale
avèk nou nan Pitit la»
KÒMANSMAN LÈT POU EBRE YO 1,1-6
Anpil fwa ak anpil manyè lontan Bondye te pale ak papa yo
nan pwofèt yo, nan dènye jou sa yo li pale avèk nou nan Pitit la, li menm li enstale
kòm eritye tout bagay la, se pa lentèmedyè l’ li te fè tan yo.
Li menm ki klète glwa li ak pòtre sa l’ ye a, li pote
tout bagay ak pawòl pouvwa l’ la, lè l’ fin pwòpte peche yo, li chita adwat glwa
a nan anwo nèt la ; li gen pi gran plas pase zanj yo, non li eritye a pi
gran anpil pase pa yo a.
Kilès nan zanj yo Bondye te di : «Se Pitit mwen ou ye,
mwen menm jodi a mwen anfante ou» ? Epi tou : «M’ap yon papa pou li,
li menm l’ap yon pitit pou mwen» ? Epi, lè l’ap fè Premye Pitit la antre
sou fas tè a, li di : «Se pou tout zanj Bondye yo adore l’».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 96,
1 e 2b. 6 e 7c. 9 (r.: cf. 7c)
R/ Adore Bondye, tout zanj li yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan.
Jistis ak jijman, se platfòm twòn li.R.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè glwa l’.
Adore l’, tout dye yo.R.
Paske ou menm, Granmèt, ou anwo nèt anlè tout tè a,
ou leve byen wo, anlè tout dye yo.R.
LEVANJIL
«Fè penitans kwè
nan bòn nouvèl la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 14-20
Aprè yo fin arete Jan, Jezi rive nan Galile, l’ap preche
bòn nouvèl peyi-wa Bondye a, l’ap di : «Tan an rive, peyi-wa Bondye a pwoche :
fè penitans, kwè nan bòn nouvèl la».
Antan l’ap pase bò lanmè Galile a, li wè Simon avèk Andre
frè l’ la k’ap voye filè nan lanmè a se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo: «Vini
aprè m’, m’ap fè nou al lapèch lèzòm». Menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li.
Li kontinye sot la, 1’al yon ti kras pi lwen, li wè Jak
pitit Zebede a avèk Jan, frè l’ la, yo t’ap rapyese filè yo nan batiman an; menm
lè a, li rele yo. Yo kite papa yo Zebede nan batiman an avèk anplwaye yo, yo
suiv li.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pasaj nou li nan
Lèt pou Ebre yo, se kòm yon ti rezime sou istwa delivrans nou. Men sa ki
fondamantal nan pasaj sa a, sèke yo pale nou de Jezikri ki sèvi kòm dènye
entèmedyè ant Bondye avèk lèzòm. Jezi se pa yon moun konsa konsa, men li se
pwòp reflè glwa Bondye. Li miwa ki pèmèt nou kontanple vrè imaj Bondye a.
Nou wè Bondye te toujou konn pale avèk limanite
atravè lòt mou ki te sèvi kanal pou mesaj li a te ka pase, tankou pwofèt yo, Wa
yo, Jij yo, elatriye.
Men rive yon tan li deside voye pwòp Pitit li vin
pale avèk nou. Pitit sa a, se Limyè, se etwal ki vin gide nou sou chemen lavi
a, e li se Chemen an menm, ki kapab mennen nou kay Papa. Pa gen lòt chemen.
Aprè li te fin reyalize misyon Papa te konfye li
sou tè a, li te vin chèf tout bagay.
Yon lòt bò, nan pasaj Levanjil nou li jodi a, Sen
Mak ap di nou, men Jezi ap rele nou pou n’ swiv li. Jezi menm, al chèche kote
nou ye pou l’ pou l’ ka envite nou nan fèt, nan piyay lavi, pandan l’ap mande
n’ repanti, epi kwè, paske wayòm syèl la rive. Li mande nou kite tout
bagay dèyè, vin swiv li. Men, èske nou gen menm dispozisyon Simon ak Andre a
pou nou kite tout bagay pou n’ swiv Jezi?
Se sèten, chemen Bondye
a pa fasil, men li vo lapenn, paske nou wè Bondye pa fè anyen san nou, li vle
pou nou patisipe nan tout sa l’ap fè; se pou sa li mande mesye yo swiv li, pou
y’al fè pechè lèzom, antan yo y’ap jete senn levanjil la. Jounen jodi a, an nou
gade kisa ki antrave relasyon ou ak Bondye, kisa ki anpeche nou swiv Jezi tout
bon vre.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt
pou sa w’ ye nan lavi mwen, tanpri ede m’ retire tout baryè ki anpeche m’ vin
jwenn ou.
PWOPOZISYON: Akeyi renmen Bondye, transmèt li bay frè ak
sè mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario