Páginas

MADI 13

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li te gen pou l’ te fè lotè delivrans la rive nan dènye degre a, antan l’ fè l’ pase nan soufrans»
LEKTI LÈT POU EBRE YO 2, 5-12
Se pa zanj yo Bondye fè kòmande fas tè a k’ap vini an, sa n’ap pale osijè l’ la. Nan yon kote gen yon moun ki sèvi temwen, ki di :
«Ki sa moun nan ye, pou w’ ap sonje l’ la? oubyen pitit moun nan, pou w’ ap vizite l’ la? Ou fè l’ vin yon ti kras pi ba pase zanj yo, ou kouwonnen l’ak glwa ak konsiderasyon, ou enstale l’ sou travay men ou yo : ou mete tout bagay anba pye l’.
Kòm li mete tout bagay anba lòd li, li pa kite anyen ki pa anba lòd li; koulye a menm nou pa ko wè tout bagay anba lòd li. Men sa a ki vin yon ti kras pi ba pase zanj yo, nou wè l’, se Jezi, li kouwonnen ak glwa ak konsiderasyon poutèt soufrans lanmò a; akoz gras Bondye a li te goute lanmò pou tout moun.
Sa a tout bagay fèt poutèt li a epi pa lentèmedyè l’ la, li menm ki t’ap mennen tout pakèt pitit yo nan glwa a, li te gen pou l’ te kondui sa a ki t’ap sove yo a nan dènye pwen li, pa lentèmedyè soufrans la. Sèke sa a k’ap fè yo vin sen an epi sa yo ki vin sen an se nan yon sèl yo tout yo sòti. Se poutèt sa li pa wont rele yo frè, antan l’ di : «M’ap anonse non ou bay frè m’ yo : nan mitan asanble a m’ap fè lwanj ou».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 8, 2a e 5. 6-7. 8-9 (r. : cf. 7)
R/ Ou enstale Pitit ou a anlè travay men ou yo.
Granmèt, Granmèt nou, ala gran non ou gran sou tout tè a !
Sa moun nan ye, pou ou sonje l’ ?
Oubyen pitit moun nan, pou ou vizite l’ ? R.
Ou fè l’ vin pi ba yon ti kras anba zanj yo,
Ak glwa ak konsiderasyon ou kouwonnen l’ ;
Ou enstale l’anlè travay men ou yo.R.
Tout bagay, ou mete yo anba pye l’ :
Ni mouton ni bèf yo tout, menm bèt nan rak bwa yo,
Zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo,
Tout sa k’ap mache nan santye lanmè yo.R.
LEVANJIL
«Li t’ap ba yo ansèyman tankou moun ki gen otorite»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MARK 1, 21-28
Nan vil Kafanawòm nan, jou saba Jezi antre nan sinagòg la, li t’ap ba yo ansèynman.Yo te sezi osijè ansèynman l’ nan ; sèke li t’ap ba yo ansèyman tankou moun ki gen pouvwa, se pa tankou pwofesè yo.
Nan sinagòg yo a, te gen yon mesye ki te gen espri papwòp, li rele byen fò, li di : «Ki sa k’ gen ant nou menm ak ou menm, Jezi moun Nazarèt la? Èske ou vini pou ou pèdi nou ? Mwen konnen kilès ou ye : Sen Bondye a».
Jezi menase l’, li di: «Pè bouch ou, sòti nan mesye a». «Espri papwòp la souke l’, li rele byen fò, li pati sot nan li.
Tout moun te sezi, atèl pwen yo t’ap chèche ansanm antre yo, yo t’ap di: «Ki kalite bagay sa a? Ki kalite ansèyman nouvo sa a? Sèke ak pouvwa li kòmande menm sou espri papwòp yo, yo obeyi l’». Repitasyon l’ gaye menm lè a nan tout rejyon Galile a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
MWEN KONNEN BYEN KI MOUN OU YE, OU SE MOUTON BONDYE CHWAZI A.
Jezi, nan pasaj li sou tè a, premye kategori moun ki te rekonèt li se te moun ki te gen movèz espri sou yo. Sa montre kijan Jezi se vrèman pou pòv yo li te vini pou, pou sila yo ki te antrave anba fòs mal la. Jezi te vini vrèman pou moun ki te nan nesesite, moun ki te anpetre ak movèz espri, moun ki te nan vovèz vi, moun ki malad.
Levanjil jodi a fè nou konnen Jezi t’ap pale ak direktè lalwa yo kòm yon moun ki te gen otorize, yon moun ki te gen yon misyon spesyal. Sa te vrèman atire atansyon yo, yo te gen anvi tande li. Jezi te gen gwo pouvwa Papa a avèk li, men ta sanble ke yo pa t’ kapab konprann sa; men lè li kòmanse pale ak move lespri yo ak otorite, yo te kòmanse sezi! Men yon nonm ki pale, menm move lespri yo obeyi li. Ki pouvwa nonm sa ?
Jodi a, Jezi envite nou pou gen konfyans nan li, pou nou ouvri kè nou bay Papa a, pou nou angaje nou nan travay li a, konsa, konsa lavi nou va tounen yon enstriman nan sèvis lwanj Granmèt la.
Bib la di nou ke Bondye kreye lòm yon ti kras pi ba pase zanj yo, men aprè sa pa gen anyen sou fas tè a ki pi wo pase nou ; sa vle di Bondye ba nou menm pouvwa sa a, menm otorite sa a li te bay Jezi a pou nou pale ak move lespri ki anpeche pitit li yo viv an pè.
Bondye tèlman renmen nou, li voye sèl grenn pitit li a vin sou tè a pou l’ te ka sove nou ; li pa t’ rayi pitit li a, li pa t’ chwazi voye l’ mouri men li te chwazi voye l’ delivre nou.
Jezi vini sou tè a, li pase kèk bon moman pami nou, tankou pawòl la di, Pitit Bondye a te pran plas pi ba ke zanj nan syèl yo pou l’ te ka pran kondisyon nou, li te fè l’ pi ba toujou lè l’ te bay lavi l’ sou yon kwa pou l’ te sove nou.
Nou di pi ba toujou paske nan epòk Jezi a se te esklav, vòlè, asasen yo te konn klouwe.
Sa montre nou ke Jezi pa t’ janm vini pou l’ te kondane moun ki fè peche men pou l’ te kondane peche moun fè. Li te mouri nan mitan de malfetè. Ki sa sa di ou menm jodi a ? Ou pa konn panse anpil fwa ke moun ki vòlè yo pa gen plas yo nan sosyete a ? Ou pa konn panse pwostitiye yo ta dwe disparèt yon fwa nan milye kote w’ap viv ? Kriminèl yo, ou pa konn di depi yo pran yo se touye yo ? Ebyen jodi a pawòl Bondye envite ou gade sitiyasyon sa yo ak yon lòt je, yon je renmen, yon je mizerikòd
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, Bondye lavi a, fè m’ yon kè sansib, pou m’ pa kouri kondane pèsonn, okontrè pou mwen aprann gade feblès yo ak konpasyon epi ede yo leve ak fòs mizerikòd ou a.

PWOPOZISYON:Avanse sou yon moun ou konnen ki te fè yon gwo zak, bal yon akolad epi di l’ ou renmen l’. Ankouraje li fè sa ki byen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario