Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li te gen pou l’
sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye pou yo»
LEKTI LÈT POU EBRE YO 2, 14-18
Paske pitit yo te kominike nan chè a ak san an, Jezi li menm
tou te vle patisipe nan yo, pou, gras a lanmò a, li te kapab detwi sa a ki te gen
pouvwa lanmò a, sa vle di dyab la; pou l’ te kapab delivre sila yo ki t’ap pase
tray pandan tout lavi a poutèt esklavaj kè sote lanmò a.
Se pa zanj yo li vin pote sekou, men se ras Abraam nan li
vin pote sekou. Se pousa li te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’
te kapab pran pitye pou yo, pou l’ te kapab vin tounen yon prèt an chèf ki
fidèl kot Bondye, pou l’ te kapab padonnen fot pèp la.
Kòm li menm li soufri, li kite yo tante l’, li gen pouvwa
pou l’ soutni sa yo y’ap tante a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104,
1-2. 3-4. 6-7. 8-9 (r. : 8a)
R/ Granmèt la sonje alyans la pou tout
tan.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan
pami nasyon yo. Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.R.
Fè lwanj non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche
Granmèt la kontan. Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sa a li chwazi a. Se
li menm Granmèt Bondye nou ; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
Li sonje alyans li a tout tan, pawòl li te kòmande bay
mil jenerasyon yo, sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
«Li geri anpil
moun ki t’ap soufri ak divès maladi».
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 29- 39
Lè sa a :
Pandan Jezi ap sòti nan sinagòg la, li rive nan kay Simon
ak Andre avèk Jak ak Jan. Bèlmè Simon an te kouche avèk lafyèv, menm lè a yo
pale l’osijè l’. Li pwoche, li soulve l’, li kenbe men l’; menm lè a lafyèv
la pati, epi li t’ap sèvi yo.
Lè aswè rive, pandan solèy la t’ap kouche, yo mennen tout
moun ki malad ba li, ni moun ki gen demon ; tout vil la te rasanble devan
pòt la. Li geri anpil moun ki t’ap soufri avèk divès maladi, li chase anpil demon ;
li pa t’ kite yo pale, paske yo te konnen l’.
Granmaten, li leve, li sòti, 1’al nan yon kote ki dezè, epi
li t’ap priye la. Simon menm rapousuiv li, ni moun ki te avèk li yo; lè yo jwenn
li, yo di l’: «Se tout moun k’ap chèche ou». Li di yo :
«An al nan bouk yo ki tou pre yo ak nan vil yo, pou nou preche la ; se pou
sa menm mwen vini. Li t’ap preche nan sinagòg yo, ak nan tout Galile a, li t’ap
chase demon yo.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Yè, se avèk anpil etònman direktè lalwa yo t’ap gade kijan Jezi t’ap libere
yon nèg anba pouvwa move lespri. Jezi t’ap kòmande move lespri yo e yo
te koute li.
Jodi a ankò nou wè Jezi ki kontinye ap pote gerizon,
jodi a, se jou delivrans bèlmè Simon an ki te gen yon gwo lafyèv sou li. Jezi
geri li.
Bon, nan kilti pa nou, nou pa konsidere lafyèv la
kòm yon gwo maladi, paske lè yon moun gen yon ti lafyèv nou panse se pa twò
grav, si li pran ti te, ti aspirin ebyen li kapab leve touswit. Men sa depan
tou de kisa ki koz lafyèv la. De tout fason nou pa konnen ki kalite lafyèv
bèlmè Simon te genyen, sepandan Jezi geri li. Ebyen nou menm tou, tout ti jès
nou kapab fè ak yon moun ki nan bezwen, sa gen anpil konsiderasyon nan je
Bondye.
Madanm nan te kouche, li pat leve, Jezi te we li te merite sa. Li bal men
li fè l’ leve.
Jezi te geri anpil lot malad ankò, moun ki te gen move lespri, men li pa
t’ kite yo pale paske yo te gentan konn kilès moun li ye. Nou toujou di kote bon
lespri a ye, move lespri a pa kanpe. Kote ki gen limyè pa ka gen fènwa.
Ebyen Jezi vini pou li disparèt tout fènwa ki te anvayi moun nan, fènwa ki
te fè li kwoupi pou li pa t’ ka mache, fènwa ki te fè li esklav pwòp pasyon ak
lanvi li.
Depi limyè a parèt li chase fènwa a.Depi solèy la parèt ebyen li gen tan
jou.
Nou menm ki se disip misyonè Jezikri, kisa nou vo pou lòt yo ? Ki sa
nou sèvi pou lòt yo ? Plis fènwa ? Yon reyon limyè ? Ki sa nou
pote ? Renmen oubyen rayisans ? Benediksyon oubyen madichon ? Kè
kontan oubyen tristès ? Amitiye oubyen ipokrizi ? …Ann nou reflechi
byen sou sa.
Gen yon bagay nou pa kapab inyore : Jezi te fèt, li te viv tankou nou ;
li te soufri ak enfliyans sosyete a, li te viv anba lalwa tankou nou menm. Men
sa pa t’anpeche li te fè travay Papa, sa pa t’anpeche li te viv tankou limyè
pou sa ki te nan fènwa yo. Se sa ki te pèmèt li pote laviktwa sou tout fòs
fènwa ak lanmò. Si nou imite Jezi nan lavi nou, ebyen nou menm tou, nou va
chavire tout fòs lanmò, pou nou antre nan piyay lavi ki p’ap janm fini an.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, souple, ba nou fòs ak kouraj pou n’ ka rive dekouvri
misyon nou sou tè a, pou nou ka fè disparèt tout fènwa ki nan antouraj nou,
gras a reyònman limyè Kris la.
PWOPOZISYON : Priye ak yon moun ki gen
move lespri pou, envoke Lespri Sen an pou li kapab chase li. Oubyen priye pou
yon moun ou konnen ki pa kontwole emosyon li, pou li ka gen plis sajès.
No hay comentarios:
Publicar un comentario