Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se pou nou
ankouraje nou toutotan yo kapab di ‘Jodi a’».
LKETI LÈT POU EBRE YO 3, 7-14
Frè m’ yo :
Jan Espri Sen an di a: «Jodi a, si nou tande vwa l’, pa
fèmen kè nou, tankou nan revòlt la, daprè jou yo te tante m’ nan dezè, kote
papa nou yo te tante m’ nan, yo te tante m’ epi yo te wè travay mwen pandan
karantan; poutèt sa jenerasyon sa a eksite m’, mwen di: «Tout tan yo gen kè yo
k’ap pran chemen kwochi, konsa yo pa rekonèt chemen m’ yo»; jan mwen fè sèman
nan kòlè m’ nan: «Yo pa gen dwa antre nan repo m’ nan».
Gade, frè m’ yo, pou pa gen yon kè ki move nan pami nou,
ki pa gen lafwa, ki vire do bay Bondye vivan an ; men se pou nou ankouraje
tèt nou, chak jou, toutotan yo kapab di «Jodi a», pou pèsòn nan nou pa fèmen kè
l’avèk manti peche a.
Sèke nou vin patisipe nan Jezikri, si sèlman nou kenbe premye
ansèyman l’ nan fèm jouskalafen.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS Ps
94, 6-7. 8-9. 10-11 (r.: 8)
R/ Si jodi a nou te kapab koute vwa
Granmèt la : «Pa fèmen kè nou».
Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou ajenou devan
Granmèt la ki fè nou an,
paske se li menm ki Bondye nou, nou se pèp pak li ak
mouton men l’.R.
Si jodi a nou te kapab tande vwa l’: «Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba, daprè jou Masa nan dezè
a,
Kote papa nou yo te tante m’ nan ; yo te chèche m’
kont, malgre yo te wè travay mwen yo».R.
LEVANJIL
«Lèp la pati
sot sou li, li vin geri»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1,40 -45
Lè sa a :
Yon lepre vin kot Jezi, li priye l’, li met ajenou, li di
l’: «Si ou vle, ou kapab pwòpte m’». Jezi menm pran pitye pou li, li lonje men l’,
li touche l’, li di l’: «Mwen vle, se pou ou pwòpte». Kon l’ di sa, menm
lè a lèp la pati kite l’, li pwòpte.
Li menase l’ menm lè a li ranvwaye l’ sèk; li di l’: «Gade,
pa di pèsòn sa; men ale, fè chèf prèt yo wè ou, ofri pou gerizon w’ nan, sa
Moyiz te kòmande a, kòm temwayaj pou yo».
Men li menm menm li pati, li kòmanse deklare bagay la, li
gaye nouvèl la, atèl pwen li pa t’ kapab parèt aklè pou l’ antre nan yon vil. Men
se deyò nan kote dezè yo li te rete, yo te sot tout kote pou yo vin jwenn li.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nan premye lekti a,
nou li «jodi a, si nou tande vwa
Granmèt la, pa fèmen kè nou!» (Eb.3,7-8).
E nou repete sa avèk ensistans nan repons nou bay Sòm
94 la. Nan sitasyon sa, nou ka souliye de bagay: yon dezi avèk yon avètisman.
Nou pa dwe janm bliye ni youn ni lòt.
Nan tan nou konsakre chak jou nan lapriyè, nou swete e nou mande pou nou
koute vwa Granmèt la. Men petèt anpil fwa nou plis vle Bondye koute
nou olye nou koute li. Nou pran tan pou nou di tout pawòl ki nan kè nou, men
nou pa pran yon minit pou nou koute sa l’ap di nou. Konsa, li enpòtan pou nou
aprann fè silans nan kè nou, antan nou evite tout distraksyon lè nou konsantre
pou nou louvri kè nou pou nou akeyi afeksyon ak renmen Granmèt la nan fon kè
nou.
Nou
dwe pran anpil prekosyon pou kè nou pa fin tounen wòch, pou kè nou pa vin di.
Pafwa difikilte lavi a ka fè nou tounen yon ki gen kè di, yon moun ki desespere
e ki wè tout bagay mal devan zye li. E sa ka menm rive san nou pa rann nou
kont. Nou dwe mande Granmèt la pou
li fè nou pran konsyans de tout danje sa yo. Lapriyè se okazyon pou nou gade
lavi nou ak tout sikonstans ki anviwonnen li. Nou dwe fè lekti evènman yo atravè
limyè Levanjil la, pou nou rive dekouvri nan ki aspè nou bezwen konvèti tout
bon vre, kisa dwe chanje nan lavi nou.
Si nou te kapab mande yon konvèsyon avèk menm lafwa ak
menm konfyans lepre a ki te prezante devan Jezi a, lè li te mete ajenou pou li
a: «Si ou vle, ou kapab pwòpte m’» (Mk. 1,40). Se Jezi sèl ki ka rann posib
tout sa ki parèt enposib pou nou. Ann kite lagras Bondye aji nan lavi nou pou
kè nou kapab pwòpte epi, antan nou fè nou tou piti nan men li, pou kè nou kapab
vin sanble chak jou pi plis ak kè Jezi. Li menm menm li di nou avèk konfyans: «
Mwen vle, se pou ou pwòpte» (Mk.1, 41).
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mwen gen anpil lèp k’ap wonje kè mwen ak konsyans
mwen, tankou rayisans, jalouzi, adiltè, tanpri geri mwen, pwòte kè mwen.
PWOPOZISYON:Dekouvri nan lavi mwen
ki lèp ki fè mwen pa ka viv trankil.
No hay comentarios:
Publicar un comentario