Páginas

DIMANCH 15

Koulè Vèt
SIZYÈM DIMANCH ÒDINÈ-ANE B
PREMYE LEKTI
"Lepre a ap abite pou kont li andeyò vil la".
LEKTI LIV LEVITK 13, 1-2. 44- 46
Granmèt la pale ak Moyiz ak Aawon, li di :
"Moun ki gen divès koulè ki leve nan po l’ak chè l’, swa bouton oubyen tankou yon bagay ki klere, sa vle di mak lalèp, se pou yo mennen l’ bay Aawon prèt la, oubyen bay youn nan pitit li yo.
Nenpòt ki moun ki tache ak lèp, se pou yo mete l’apa daprè jijman prèt la, se pou l’ gen rad dechire, tèt li san anyen sou li, bouch li kouvri, se pou l’ rele byen fò pou l’ di li sa l’, li pa pwòp. Tout tan, li gen lèp la, li pa pwòp, se pou kont li pou l’ rete andeyò bouk la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 31, 1-2. 5. 11 (r.: cf 7)
R/ Ou se kachèt mwen, ou vlope m’ak fèt sove a.
Ala kontantman pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri peche l’.
Ala kontantman pou moun Granmèt la pa konsidere kòm koupab, ki pa gen riz nan espri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen an.
Mwen di : "M’ap deklare fot mwen an devan Granmèt la". Ou menm ou padonnen fot peche m’ nan.R.
Fè kè nou kontan nan Granmèt la, fete, nou menm ki kòrèk yo. Leve tèt nou, nou tout ki gen kè nou dwat yo.R.
DEZYÈM LEKTI
"Pran modèl sou mwen, menm jan mwen pran modèl sou JeziKri".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 10, 31-11, 1
Frè m’ yo :
Swa n’ap manje, swa n’ap bwè, swa n’ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye. Pa sèvi baryè pou ni Juif yo, ni Grèk yo, ni Legliz Bondye a; menm jan mwen menm mwen te fè tout moun plezi nan tout bagay, san m’ pa chèche sa k’ itil mwen, men sa k’ itil pakèt moun yo, pou yo kapab sove.
Pran modèl sou mwen, tankou mwen menm mwen pran modèl sou Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Maladi lèp la kite l’, li geri".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 40-45
Lè sa a:
Yon lepre vin kot Jezi, li priye l’, li mèt ajenou, li di l’: "Si ou vle, ou kapab pwòpte m’". Jezi menm pran pitye pou li, li lonje men l’, li touche l’, li di l’: "Mwen vle, se pou ou geri". Kon l’ di sa, menm lè a lèp la pati kite l’, li pwòpte.
Li menase l’, menm lè a li ranvwaye l’ sèk, li di l’: "Gade, pa di pèsòn sa; men ale, fè chèf prèt yo wè ou, ofri pou gerizon ou nan sa Moyiz te kòmande a kòm temwayaj pou yo".
Men li menm menm li pati, li kòmanse deklare bagay la, li gaye nouvèl la, atèl pwen li pa t’ kapab parèt aklè pou l’ antre nan yon vil, men se deyò nan kote dezè yo li te rete, yo te sot tout kote pou yo vin jwenn li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lalèp se yon maladi ki prèske pa ekziste ankò, men nan tan Jezi, se te yon maladi terib.  Se yon maladi ki kòmanse bay bouton sou po, epi piti piti, tout kò moun nan kòmanse pouri. Li pedi dwèt nan men li, li pèdi nen li ak zorèy li, konsa konsa jis lè l’ mouri.
Jan pou ou trape maladi sa a, se si ou te gen kontak avèk yon moun ki genyen l’. Se yon maladi kontajye. Se sa k’ fè tout moun te pè moun ki gen maladi a.  Nan premye moso Labib, Moyiz ap jere sitiyasyon an. Li pa gen pouvwa pou l’ geri maladi lalèp la, sa l’ kapab fè, se fè moun lepre yo rete apa, pou lòt moun pa trape lalèp la. Se te yon kesyon sante piblik, tankou jan yo jere kolera jounen jodi a.
Men nou kapab imajine nou kijan sa te ye pou moun lepre yo. Tout figi yo ak tout kò yo ap pouri, yo pa sanble moun. Tout moun pè yo. Yo pa gen dwa antre nan vil la, yo pa gen dwa vizite kay zanmi yo. Okontrè yo pa gen dwa gen okenn kontak ak lòt moun, menm. Yo te pou kò yo nèt.
Si nou konprann sa, nou ka konprann mirak Jezi te fè pou moun lepre a nan moso Levanjil nou li jodi a.  Pa sèlman li te geri kò moun nan, men li te pemèt moun nan sanble yon moun ankò, li te pemèt moun nan repran tout relasyon li te genyen ak lòt moun. Alò, moun nan te ka mache nan lari, nòmal, san l’ pa wònt, san lòt moun pa gade l’, san yo pa pè li.
Aprè sa, tout kote Jezi pase, anpil moun te bezwen wè l’. Pi fò yo pa t’ gen lalèp. Men gen lè yo te santi yo menm jan, te gen sityasyon nan lavi yo ki fè yo elwanye de fanmi yo ak zanmi yo. Te gen sityasyon yo t’ap viv ki te fè yo pa sanble yo menm. Jezi se te yon nouvo lespwa pou yo.
E pou nou menm?
LAPRIYÈ: Jezi, pafwa m’ santi m’ tankou yon lepre. Tanpri souple, pran pitye pou mwen !  Geri mwen !  Amèn.

PWOPOZISYON : Èske pa gen moun mwen rekonèt yo pran yo pou lepre ?  Kisa m’ ka fè pou yo, onon Jezi ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario