Páginas

SAMDI 14

Koulè Blan
SIRIL KI SEN, Mwán, e METÒD KI SEN, Evèk
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Granmèt la voye l’ ale sot nan paradi plezi a, pou l’ travay tè a".
LEKTI LIV LAJENÈZ 3, 9-24
Granmèt la rele Adan, li di l’ : "Kote nou” ?
Li di : "Mwen te tande vwa ou nan jaden an, mwen te pè, paske mwen te nikò, mwen te kache kò m’".
Li di l’ : "Kilès ki te montre ou ou te ni-kò, si se pa paske ou te manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa t’ manje ladan l’ nan” ?
Adan di : "Se madanm nan ou te ban mwen kòm asosye a, ki ban mwen nan pye bwa a, mwen manje.
Granmèt Bondye di madanm nan : "Pouki sa ou fè sa a” ?
Li reponn : "Se sèpan an ki twonpe m’, mwen manje".
Granmèt Bondye di sèpan an : "Poutèt ou fè sa, madichon pou ou nan pami tout vivan ak bèt sou tè a : sou lestomak ou w’ap mache, se tè w’ap manje tou le jou lavi ou. M’ap met rayisans ant ou menm ak madanm nan, ant ras ou ak ras pa l’ ; li menm madanm nan l’ap kraze tèt ou, ou menm w’ap mete pyèj pou li nan talon l’".
Madanm nan tou, li di l’ : "M’ap fè ou soufri anpil lè w’ap ansent ; se nan doulè w’ap anfante pitit yo, w’ap anba pouvwa mari a, li menm l’ap kòmande sou ou".
Kanta pou Adan menm li di : "Poutèt ou koute vwa madanm ou, ou manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa manje ladan l’ nan, tè a madichonnen nan travay ou; se nan redi w’ap manje ladan l’ tout jou lavi ou. Se pikan ak chadwon l’ap jèmen pou ou, w’ap manje zèb tè a. Se nan swe figi ou w’ap manje pen, joustan ou tounen nan tè a, kote yo te pran ou nan ; paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè w’ap tounen".
Adan rele non madanm li "Èv", paske se manman tout vivan yo li te ye.
Granmèt Bondye fè rad ak po bèt pou Adan ak madanm li, li abiye yo, li di: "Men Adan vin tounen tankou youn nan nou, antan l’ konnen byen ak mal; koulye a pinga l’ lonje men l’ pou l’ pran nan pye bwa lavi a, pou l’ manje, pou l’ viv tout tan.
Granmèt Bondye voye l’ale sot nan paradi plezi a, pou l’ travay tè a, kote yo te pran l’ nan. Li chase Adan, li plase Cheriben devan paradi plezi a ak yon epe k’ap flanbe, k’ap vire nan tout sans, pou l’ veye sou wout pye bwa lavi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89, 2. 3-4. 5-6. 12-13 (r.: 1)
R/ Granmèt, ou sèvi nou kachèt, sot nan jenerasyon al nan jenerasyon.
Anvan mòn yo fèt oubyen tè a ak fas tè a gen nesans, depi tout tan epi jous pou tout tan ou se Bondye.R.
Ou fè moun nan tounen nan pousyè ; ou di : "Tounen, pitit moun yo".
Sèke mil ane devan je ou se tankou jounen yè a ki pase, ak yon vèy nan nuit.R.
Ou fè dòmi tonbe sou yo, nan maten, y’ap tankou zèb k’ap pouse : nan maten li fleri, li grandi, nan aswè, li fennen, li seche.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou mete kè nou nan chemen sajès la. Tounen, Granmèt, jouskilè ? Pran pitye pou sèvitè ou yo.R.
LEVANJIL
"Yo manje, yo gen vant plen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 8, 1-10
Jou sa yo ankò, kòm foul la te anpil, epi yo pa t’ gen anyen pou yo te manje, Jezi rele disip li yo, li di yo : "Mwen gen pitye sou foul la, paske men deja twa jou yo kanpe avèk mwen, epi yo pa gen anyen pou yo manje ; si m’ ranvwaye yo san manje lakay yo, y’ap tonbe feblès sou wout la : kèk nan yo menm vin sot byen lwen".
Disip li yo reponn li : "Kote yon moun kapab bay moun sa yo manje pou satisfè apeti yo isit la nan dezè a” ?
Li poze yo kesyon : "Konbyen pen nou genyen” ?
Yo di : "Sèt".
Li pase foul la lòd pou l’ kouche atè a li pran sèt pen yo, li di Bondye mèsi, li bay disip li yo pou yo ofri yo, yo ofri foul la. Yo te gen kèk ti pwason, li beni yo, li pase lòd pou yo ofri yo.
Moun yo manje, apeti yo satisfè ; yo ranmase sa k’ te rete nan moso yo, sèt panye. Epoutan moun ki te manje yo, yo te anviwon kat mil, epi li ranvwaye yo.
Menm lè a li monte nan batiman an avèk disip li yo, li rive nan rejyon Dalmanouta.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye moso Labib la,  nou wè jan Bondye te kreye lèzòm pou l’ te ka  viv byen,  li te mete yo nan paradi, men dezobeyisans yo fè yo pèdi privilèj sa.
Pafwa, lè nou reflechi sou pasaj sa nou toujou pre pou nou jije Adan ak Èv, epi nou bliye si nou kontinye fè repete menm istwa sa. Kot peche Adan ak Èv la te ye? Nan desobeyi lòd Granmèt la, menm jan tou, chak jou nou vire do bay Granmèt la, nou pa vle fè sa l’ di nou fè; sa vle di  nou aji menm jan ak premye paran nou yo.
Se poutèt sa nan jounen jodi a, Bondye vle nou ekzamine atitid nou, si nou pre pou n’ fè yon chanjman nan lavi nou? Li toujou pre pou li refè lavi a avèk nou, malgre li fè n’ santi konsekans peche nou.
Nou wè jan li fè yon vètman pou l’ kouvri Adan ak Èv e malgre li di yo pou yo travay pou yo ka repwodwi, li kite yo viv sou tè a. Se konsa Bondye nou an ye, se yon papa bon kè, li toujou la pou l’ resevwa nou lè nou retounen nan pye l’.
Men atitid konpasyon ak mizerikòd Granmèt la, nou wè l’ nan Levanjil la; kijan Jezikri ap panse ak nesesite foul moun ki t’ap suiv li a, li pa t’ vle voye yo lakay yo san manje, li konen yo te gen tan koute pawòl li a, ki se pen espirityèl la, men tou li panse ak pen materyèl la, se poutèt sa li mande disip yo pou yo te chèche yon mwayen pou yo te nouri foul la; se menm jan tou Granmèt la bay tèt li pwoblèm pou nou, li vle poun n’ viv ak diyite, pou nou tout jwenn manje ak nouriti pou n’ viv.
An menm tan tou,  menm jan ak disip li yo li mande n’ pou nou kolabore pou n’ kapab ede frè ak sè n’ yo jwenn tou. Li vle n’ ouvri je n’ pou nou wè bezwen lòt yo, pa sèlman panse ak sitiyasyon pa m’ nan, men tou panse ak lòt yo, konsa la mitilpiye genewozite ak bòn volonte n’.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen vle di ou mèsi pou tout sa ou fè nan lavi m’, mèsi pou mizerikòd ak konpasyon ou. Mwen mande ou gras ak benediksyon pou m’ ka obeyi lòd ou yo, epi pou ka toujou pre pou m’ pataje sa m’ genyen ak moun ki nan bezwen yo. Amèn

PROPOSISYON: M’ap pran yon ti tan jodi a pou m’ pataje ak yon lòt moun ti mesaj sa. M’ap kòmanse nan fanmi m’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario