Páginas

VANDREDI 13

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"N’ap tankou dye yo ki konn ni byen ni mal".
LEKTI LIV LAJENÈZ 3, 1-8
Sèpan an se te pi rizèz nan tout bèt yo sou tè a, sa Granmèt Bondye te fè yo. Li di madanm nan : "Pouki sa Bondye pase nou lòd, pou nou pa manje nan okenn pye bwa paradi a” ?
Madanm nan reponn : "Nan fwi pye bwa yo, ki nan paradi a, nou gen dwa manje ; men nan fwi pye bwa, ki nan mitan paradi a, Bondye pase nou lòd pou nou pa manje ladan l’, pou nou pa menm touche l’, otreman n’ap mouri". Sèpan an menm di madanm nan : "Sa pa vre ditou, nou p’ap mouri okenn. Se paske Bondye konnen jou n’ap manje ladan l’ nan, je nou ap louvri, n’ap vin tankou dye yo ki konnen ni byen ni mal".
Madanm nan wè kijan pye bwa a te bon pou manje, li te bèl pou je, aspè l’ te bay plezi, li pran nan fwi a, li manje, li bay mari l’ la tou, ki manje. Je yo tou le de vin louvri. Lè yo rekonèt yo te nikò, yo koud fèy fig frans, yo fè rad pou pase nan tay yo.
Kon yo tande vwa Granmèt Bondye k’ap mache nan paradi a nan van an aprè midi a, Adan kache kò l’ ak madanm li sot devan fas Granmèt Bondye a nan mitan pye bwa paradi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 31, 1-2. 5. 6. 7 (r.: la)
R/ Ala kontantman pou moun yo padonnin fot li.
Ala kontantman pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri peche l’.
Ala kontantman pou moun Granmèt la pa konsidere kòm koupab, ki pa gen riz nan lespri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen an.
Mwen di : "M’ap deklare fot mwen an devan Granmèt la". Ou menm ou padonnen fot peche m’ nan.R.
Se pousa tout sen ap priye kote ou nan tan gras la. Nan delij gran dlo yo yo p’ap pwoche kote l’.R.
Ou se kachèt mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la ; w’ap vlope m’ak fèt sove ou sove m’ nan.R.
LEVANJIL
"Li fè moun soud yo tande, li fè baba yo pale".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 7, 31-37
Lè sa a :
Jezi sòti nan teritwa Tir la, li travèse Sidon, li rive jous nan lanmè Galile a, nan mitan teritwa Dekapòl la.
Yo mennen yon moun soud ba li, moun nan te baba tou, yo t’ap priye l’ pou l’ poze men sou li. Li pran l’ apa sot nan foul la, li met dwèt li nan zòrèy li, li krache, li touche lang li; li leve je nan syèl la, li pouse yon ti souf, li di l’: "Efeta", sa vle di "Louvri". Menm lè a zòrèy li louvri, kòd lang li lage, li t’ap pale kòrèk.
Li pase yo lòd pou yo pa di pèsòn sa. Men plis li t’ap pase lòd, se plis yo t’ap preche sa.
Moun yo te sezi anpil, yo t’ap di : "li fè tout bagay byen : li fè moun soud yo tande, li fè baba yo pale".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a ankὸ nou kontinye li nan liv Lajenѐz yon pati nan istwa Adan ak Èv, pati ki rakonte dezobeyisans Adan ak Èv aprè Bondye te fin mete yo nan paradi a. Yo te pito obeyi satan olye pou yo te konfὸme yo avѐk plan Bondye.
Dezobeyisans fѐ yo gate zanmi ak Bondye, yo vin pa ka gade l’ anfas, yo te oblije kache lѐ yo tande vwa Bondye. Se konsa nou menm tou lѐ nou tonbe nan peche, li fѐ nou pa ka gade Bondye, peche fѐ nou tounen lènmi Bondye.
Nan levanjil la nou wѐ kote Jezi geri yon nѐg ki te soud epi ki te bѐbѐ an menm tan. Avan li fѐ sa pou li fѐ, li priye epi li leve je l’ nan syѐl la. Se yon siy ki montre ke Jezi pa janm fѐ anyen pou kont li men avѐk ѐd papa l’ ki nan syѐl la. Si Jezi li menm ki Bondye pa fѐ anyen san lapriyѐ, nou menm ki se pechѐ nou dwe toujou lapriyѐ Bondye pou nou mande l’ direksyon nan tout sa nap fѐ. Si nan premye moso labib la, Adan ak Èv te tounen esklav peche jiskaske yo te gate zanmi ak Bondye, nan Levanjil la, Jezi ki geri nѐg ki te soud epi bѐbѐ a, li libere l’anba esklavaj maladi kote li pa t’ ka tande ni pale pawὸl Bondye. Jezi te mande yo pa di pèsonn sa men plis li t’ap di yo sa, se plis yo t’ap rakonte sa yo te wѐ a.
Sa vle di, lѐ Bondye fè yon mѐvѐy nan lavi nou, nou pa kapab rete san nou pa pale, nou pa kapab pa fѐ lὸt moun konnen sal’ fѐ pou nou. An nou pa kite peche fѐ nou tounen esklav pou n’ rive gate zanmi ak Bondye men pou rive fѐ zanmi avѐk li menm jan ak nѐg nan Levanjil la pou nou kapab rive libere anba tout kὸd peche ki vini sou tout fὸm nan lavi nou.
LAPRIYЀ : Bondye papa, ba nou lagras pou nou kapab rete zanmi avѐ w’, pou n’ toujou chѐche obeyi w’ pase nou obeyi satan k’ap tann pyѐj pou nou. Amѐn !

PWOPOZISYON : Repouse nan lavi nou tout sa yo ofri nou ki ka fѐ nou tonbe nan peche ki pou fѐ nou gate zanmi ak Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario