Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"Li mennen
l’ bay Adan. Yo te de nan yon sèl chè".
LEKTI LIV LAJENÈZ 2, 18-25
Granmèt Bondye di: "Li pa bon pou moun nan sèl; an
nou fè yon èd pou li ki sanble ak li".
Konsa, Granmèt Bondye pran labou, li fòme tout bèt tè a
ak tout zwazo syèl la, li mennen yo bay Adan, pou l’ wè kijan li t’ap rele yo;
tout sa Adan rele nan bèt vivan yo, se non l’ sa. Adan bay tout
bèt vivan yo non yo, ni tout zwazo syèl la, ni tout bèt tè a. Sèlman Adan pa t’
jwenn yon èd ki sanble ak li.
Se pousa Granmèt Bondye voye yon gwo dòmi lou nan Adan;
pandan l’ap dòmi, li pran youn nan kòt li yo, epi li plen chè nan plas la; ak
kòt la li te pran nan Adan an, Granmèt Bondye fòme yon madanm, li mennen l’ bay
Adan. Adan di:
"Sa a koulye a, se zo ki sot nan zo m’ yo, se chè ki
sot nan chè m’ ; y’ap rele sa a 'Madanm', paske se nan mesye a yo te pran l’.
Se pousa mesye a ap kite papa l’ak manman l’epi l’ap kole
kò l’ kot madanm li, epi yo tou lè de ap yon sèl chè.
Yo tou lè de te ni-kò, ni Adan ni madanm li, men yo pa t’
wont.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127,
1-2. 3. 4. 4-5 (r. : cf. la)
R/ Ala kontantman pou tout moun ki krenn
Granmèt la.
Ala kontantman pou tout moun ki krenn Granmèt la. K’ap
mache nan chemen l’ yo. Se travay men ou w’ap manje, ala kontantman pou ou, sa
ap bon pou ou.R.
Madanm ou ap tankou yon pye rezen ki byen donnen sou bò
kay ou; pitit ou yo ap tankou ti pye oliv ki fèk pouse alantou tab ou a.R.
Se konsa moun nan beni, moun sa a ki krenn Granmèt la. Se
pou Granmèt la beni ou antan l’ nan Siyon, se pou ou wè byen Jerizalèm tou lejou
lavi ou.R.
LEVANJIL
"Ti chyen
yo manje anba tab la nan myèt ti moun yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MA 7, 24-30
Lè sa a :
Jezi leve, 1’al nan teritwa Tir ak Sidon ; li antre
nan yon kay, li pa t’ vle pèsòn konnen, men li pa t’ kapab ret kache.
Gen yon madanm, menm lè li tande pale osijè l’, li menm
ki te gen yon pitit fi ki gen yon espri papwòp, li antre, li lage kò l’ nan pye
l’. Madanm nan se te yon payen, nan ras Siwofenisyen. Li t’ap priye l’ pou l’
chase demon an sot nan pitit fi l’ la.
Li di l’ : "Kite ti pitit yo fin plen vant yo anvan ;
sa pa bon pou pran pen ti moun yo, pou voye l’ bay chyen yo".
Men li menm li reponn, li di l’: "Wi, Granmèt;
sèlman ti chyen yo konn manje anba tab la nan myèt ti moun yo".
Li di l’ : "Poutèt pawòl sa a, ou mèt ale :
demon an sòti nan pitit fi ou la". Lè l’al lakay, li jwenn ti fi a kouche
sou kabann nan, demon an te pati.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON : Zanmi mwen, jodi a, an nou gade sou kisa
refleksyon nou chita, ki mesaj Bondye vle kominike nan tѐks
jodi a. Nan premye moso labib la, yo rakonte kὸman
Bondye te kreye Èv avѐk yon kὸt
li te pran nan Adan, se sa ki fѐ fi ak gason depi
yo mete yo ansanm yo vin fѐ yon sѐl
kὸ, yon sѐl chѐ
ke pesonn pa gen dwa separe.
Pi devan nan Levanjil la, Sen
Mak ap fѐ nou konnen kὸman
Jezi te geri pitit yon fanm payèn, ki pa t’ konnen Bondye. Aprè Jezi te
fin miltipliye pen, foul moun yo t’ap mache swiv li tout kote pou yo te ka wѐ
tout mirak li t’ap fѐ yo. Men li menm li te antre yon kote pou l’ te fѐ
yon ti poze lespri l’ pou yo pa t’ wѐ l’ ; men
madanm sa a t’ap siveye l’ ki fѐ li wѐ lѐ
li antre.
Mak di nou li sipliye Jezi pou
l’ mande l’ wete move lespri a sou pitit la, men Jezi di l’ : ou
pa fѐt pou ou retire manje nan bouch timoun pou w’ jete l’ bay chyen. Kisa
Jezi te vle di l’ nan pawὸl sa a, madanm sa a li pa t’ moun ras jwif, se te
moun lὸt nasyon ki pa t’ konnen Bondye, moun sa yo yo pa t’ konsidere yo tankou
moun, yo te konsidere yo tankou chyen. Sa vle di si l’ genyen pou l’ geri se
moun sa yo ki konnen ekzistans Bondye, kidonk Jwif yo ki dwe pase an premye.
Men repons ki sot nan bouch
madanm nan pa t’ pѐmѐt Jezi di m’ap
gade pou m’ wѐ. Madanm nan di «men ti chyen yo konn manje ti sa k’ap
sot tonbe nan bouch timoun yo tonbe anba tab la». Pawὸl sa a se pa yon
pawὸl ki soti konsa konsa, men se yon pawὸl lafwa, yon lafwa ki gen rasin,
se pou sa Jezi di : «ou mѐt ale, pitit ou a geri». Madanm nan rekonѐt
limit li, li mete l’ byen ba devan Jezi pou l’ kapab jwenn sa li bezwen
an.
Se konsa tou, depi lafwa nou
byen fonde, depi nou rekonѐt limit nou, pou Jezi pa gen fwontyѐ, pa gen baryѐ,
pa gen ras ni nasyon ki ka anpeche nou jwenn sa n’ap mande l’ la.
LAPRIYЀ :
Bondye papa a, kѐlkeswa distans nou genyen avѐ w’, ogmante lafwa nou pou nou
kapab jwenn tout sa n’ap mande w’ menm jan ak madanm sa ke levanjil la pale nou
an.
PWOPOZISYON : Rekonѐt limit nou devan Bondye avan nou fѐ l’ yon
demand.
No hay comentarios:
Publicar un comentario