Koulè
Vèt ou Koulè Blan
MARI KI SEN, KI VYÈJ, NOTRE-DAM DE LOUD
(Jounen Mondyal Lapriyè pou Malad)
PREMYE LEKTI
"Granmèt
Bondye pran moun nan, li mete l’ nan paradi plezi a".
LEKTI LIV LAJENÈZ 2, 4b-9. 15-17
Jou Granmèt Bondye te fè syèl la ak tè a, pa t’ gen okenn
ti pye bwa ki te leve sou tè a, ni okenn zèb jaden pa t’ ko jèmen ; sèke
Granmèt Bondye pa t’ fè lapli tonbe sou tè a, pa t’ ko gen moun pou te travay
tè a; men yon ti sous t’ap monte sot nan tè a pou l’ wouze tout fas tè a.
Konsa Granmèt Bondye fòme moun nan ak labou tè a, li
soufle yon souf lavi nan fas li, moun nan vin tounen yon nam ki vivan.
Granmèt Bondye plante yon paradi plezi depi nan
kòmansman, li mete moun nan li te fòme a ladan l’. Ak tè wouze a, Granmèt Bondye fè tout kalite
pye bwa pouse, ki bèl pou gade, ki dous pou manje ; menm pye bwa lavi a te
nan mitan paradi a ak pye bwa syans byen ak mal la.
Granmèt Bondye pran moun nan, li mete l’ nan paradi plezi
a, pou l’ travay li, pou l’ gade l’, li pase l’ lòd, li di : "Nan
tout pye bwa paradi a ou mèt manje ; men nan pye bwa syans byen ak mal la,
pa manje ; paske jou ou ap manje ladan l’, w’ap mouri byen mouri».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 103,
l-2a. 27-28. 29bc-30
R/ Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen : Granmèt Bondye
m’, ou gran anpil. Ou abiye ak lwanj, ak glwa,
ou vlope ak limyè tankou yon rad.R.
Yo tout ap tann ou, pou ou ba yo manje nan tan yo.
Antan ou ba yo, yo rasanble, antan ou ouvri men ou, ou plen
yo ak byen.R.
Lè ou raple espri yo, y’ap mouri, se nan pousyè yo y’ap
tounen.
W’ap voye espri ou, y’ap kreye, w’ap refè fas tè a.R.
LEVANJIL
"Se sa k’
sòti nan moun nan, se sa ki sal moun nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 7, 14-23
Lè sa a :
Jezi rele foul la ankò, li t’ap di yo : "Koute m’,
nou tout, epi chèche konprann. Nan pwen anyen ki andeyò moun nan ki antre nan
li, ki kapab sal li; men se sa k’ sòti nan moun nan, se bagay sa yo ki sal moun
nan. Si yon moun gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande".
Lè l’antre nan kay la, lwen foul la, disip li yo poze l’
kesyon sou parabòl li a. Li di yo: "Konsa ni nou menm tou nou pa gen
konprann? Nou pa konprann, kijan tout sa k’ deyò ki antre nan moun nan pa kapab
sal li, paske li pa antre nan kè l’, men se nan vant li 1’ale, epi li sòti al
nan kote ki separe, pou l’ pwòpte tout manje"?
Li t’ap di: "Se sa k’ sòti nan moun nan, se sa k’
sal moun nan. Sèke se anndan an, nan kè moun nan move panse ap sòti, adiltè,
move plezi, touye moun, vòlè, renmen lajan, mechanste, riz, move konduit, move
je, blasfèm, pran pòz, manke refleksyon. Tout bagay sa yo ki move yo, se anndan
yo sòti, yo sal moun nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON: Premye lekti a
ke nou li nan Liv Lajenèz la pale nou sou kreyasyon moun. Jounen jodi a y’ap
pale nou de de gwo kouran ki eksplike orijin moun: youn se kreyasyon, lòt la se
evolisyon. Sa mete de gwoup moun kanpe fas a fas. Sa lakòz de pozisyon diferan.
Kidonk gen yon pwoblèm ki poze depi lontan. Ebyen istwa nou sot li a nan liv
Lajenèz la, li rezoud pwoblèm nan. Sèke se Bondye ki kreye moun aprè li te fin
kreye tout sa li te konnen moun nan ta pral bezwen.
Kidonk, moun se zèv lanmou Bondye. Sa
ki pi enteresan toujou, sèke Bondye fè moun nan sanble avèk li epi li ba l’
pouvwa sou tout bagay sou latè. Sa kapab pèmèt nou konprann kijan Bondye renmen
nou kòm moun.
Men konsa tou, li montre nou byen ak
mal, epi l’ kite nou lib pou n’ chwazi.
Nan Levanjil la, Jezi ap anseye nou
ke tout sa Bondye fè bon. Se movèz entansyon nou yo ki ka kòwonp sa nou ap fè.
Poutèt sa Jezi di nou: « Se sa k’ sòti nan moun nan, se sa k’
sal moun nan.» (Mt 7,15). Eksperyans ofanse Bondye a, se yon reyalite. E se avèk
anpil fasilite ke kretyen an kapab dekouvri tach mal la epi wè yon mond ki
redui an esklavaj akòz peche a. Misyon Jezi konfye nou an, se netwaye tout
salte movèz entansyon lèzòm pote nan mond lan, ak konkou lagras li.
Sèl bagay ki kapab fè plan Bondye echwe,
se volonte nou. Kidonk nou dwe pran anpil prekosyon pou sa pa rive. Anpil fwa
nou melanje lanmou avèk vanite, dekourajman, mank lafwa, enpasyans pou nou tann
rezilta k’ap vini. Se poutèt sa Sen Gregwa Le Gran mete nou an gad lè li di: «
Ala egare vwayajè sa a egare, lè li wè bèl ti jaden flè sou chemen li, li bliye
kote li ta prale a!».
Nou kapab rive reyalize gwo bagay si
nou rann nou kont ke chak aksyon n’ap poze, li dwe yon aksyon pou sove nan mezi
li makonnen ak pwòp aksyon Kris la.
LAPRIYÈ: Tanpri, Granmèt, voye limyè Lespri Sen w’
nan vin dirije panse mwen epi kòmande aksyon mwen.
PWOPOZISYON: Fè jefò
pou viv epi ede lòt moun viv levanjil la jan Bondye mande l’ la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario