Koulè Blan
SKOLASTIK KI SEN, Vyèj
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"An nou fè
moun nan nan pòtre nou, pou l’ sanble ak nou".
LEKTI LIV LAJENÈZ 1, 20-2, 4a
Bondye di ankò : "Se pou dlo yo bay bèt k’ap
glise, ki gen lavi, avèk zwazo sou tè a anba sipò syèl la". Bondye kreye
gran pwason yo ak tout kalite bèt vivan, ak sa ki gen mouvman, sa dlo yo bay
daprè espès yo, epi tout kalite zwazo daprè ras yo. Bondye wè sa te bon, li beni
yo, li di : "Devlope, vin anpil, plen dlo lanmè a, se pou zwazo yo
vin anpil sou tè a. Vin gen yon aswè ak yon maten, senkyèm jou.
Bondye di ankò : "Se pou tè a bay bèt vivan nan
ras yo, bèt chaj ak sa k’ap glise atè, ak tout bèt tè a, daprè espès yo".
Sa fèt konsa. Bondye fè bèt tè a daprè espès yo, ni bèt chaj yo, ni tout sa k’ap
glise atè a daprè ras yo. Bondye wè sa te bon.
Li di : "An nou fè moun nan sou pòtre nou ak resanblans
nou; se pou l’ kòmande sou pwason lanmè yo ak zwazo syèl yo ak tout bèt tè a ak
tout sa k’ap glise atè, ki gen mouvman sou tè a". Bondye kreye moun nan
sou pòtre l’ ; sou pòtre Bondye li kreye l’, gason ak fi li kreye yo.
Bondye beni yo, li di : "Devlope, vin anpil, plen
tè a, mete l’anba lòd nou ; se pou nou kòmande sou pwason lanmè a ak zwzo
syèl la ak tout bèt vivan, ki gen mouvman sou tè a".
Bondye di : "Men mwen ba nou tout zèb ki pote semans
sou tè a ak tout kalite pye bwa ki gen semans ras yo nan yo, pou yo sèvi nou
kòm manje, ni pou tout bèt vivan sou tè a, ni pou tout sa ki an mouvman sou tè a,
ki gen lavi nan yo, pou yo kapab jwenn manje". Sa fèt konsa. Bondye wè tout
sa l’ te fè yo, yo te bon anpil. Vin gen yon aswè ak yon maten, sizyèm jou.
Konsa syèl la ak tè a reyalize, ak tout dekorasyon yo. Setyèm
jou a Bondye konplete travay li a li te fè a, li repoze setyèm jou a pou tout
travay li te fè yo.
Se konsa syèl la ak tè a te fèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 8,
4-5. 6-7. 8-9 (r.: 2a)
R/ Granmèt, Granmèt nou ala gran non ou
gran sou tout tè a !
Lè m’ wè syèl ou yo, travay dwèt ou yo, lalin ak zetwal
yo ou fikse ; sa moun nan ye, pou ou sonje l’ ?
Oubyen pitit moun nan, pou ou vizite l’ ? R.
Ou fè l’ vin pi ba yon ti kras anba zanj yo, ak glwa ak
konsiderasyon ou kouwonnen l’ ;
Ou enstale l’anlè travay men ou yo. Tout bagay, ou mete
yo anba pye l’.R.
Ni mouton, ni bèf yo tout, menm bèt nan rak bwa yo,
Zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo,
Tout sa k’ap deplase nan santye lanmè yo.R.
LEVANJIL
"Nou lage
kòmandman Bondye yo, nou kenbe abitid moun yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 7. 1 -13
Lè sa a :
Farizyen yo rasanble vin kot Jezi avèk kèk nan skrib yo
ki te vin sot Jerizalèm. Kòm yo te wè kèk nan disip li yo ki t’ap manje avèk men
yo sal, sa vle di san lave, yo fè yo repwòch. Sèke Farizyen yo ak tout Juif yo,
si yo pa lave men yo souvan, yo p’ap manje, pou yo kenbe abitid ansyen yo. Lè
yo sot deyò, si yo pa lave kò yo, yo p’ap manje ; pou yo kenbe anpil lòt
bagay yo te transmèt yo : lave gode, krich, veso an kuiv ak kabann.
Konsa Farizyen yo ak skrib yo mande : "Pouki sa
disip ou yo pa mache daprè abitid ansyen yo, men y’ap manje manje yo ak men yo
sal” ?
Men li menm li reponn, li di yo : "Izayi te pale
byen sou nou kòm pwofèt, bann ipokrit, jan sa ekri a. 'Pèp sa a se ak po bouch
l’ap fè lwanj mwen, men kè yo lwen m’. Se pou granmesi y’ap ofri m’ sèvis antan
y’ap bay ansèyman ak kòmandman moun". Nou kite kòmandman Bondye a, nou kenbe
abitid moun yo : N’ap lave krich, gode ak dòt bagay konsa n’ap fè an
kantite".
Li t’ap di yo : "Nou anile kòmandman Bondye a
byen pwòp, pou nou kenbe abitid pa nou. Moyiz te di : «Respekte papa ou ak
manman ou» ; epi : «Moun ki madichonnen papa oubyen manman l’, se pou
l’ mouri byen mouri». Nou menm menm nou di : «Si yon moun di papa l’oubyen
manman l’ : Kòban (sa vle di kado), tout sa m’ genyen pou m’ te ba ou a» ;
nou pa kite l’ fè anyen ankò pou papa l’oubyen manman l’, nou chire pawòl Bondye
a pou abitid pa nou, sa nou menm nou transmèt ; epi se konsa nou fè anpil
bagay».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON : Jodi a, nou kontanple kòman anpil vye
tradisyon mèt Lalwa yo manipile vrè sans katriyèm kòmandman Lalwa Bondye a.
Skrib yo t’ap anseye timoun yo ke li te pi bon pou yo te prezante ofrann lajan
ak byen nan Tanp la. Timoun yo ki te gen konsyans yo mal fòme nan sans sa a, yo
te kwè yo te vrèman respekte katriyèm kòmandman a, yo te kwè yo te sou bon
chemen an. Men, an reyalite yo te twonpe.
«Nou anile kòmandman
Bondye a byen pwòp, pou nou kenbe abitid pa nou.» (Mk 7,9) : Jezi se pi
gran entèprèt Lalwa a, nan sans sa li eksplike vrè sans katriyèm kòmandman an,
e se konsa li repare gwo erè fanatism jwif yo te komèt la.
«Vrèman vre, Moyiz te di : «Respekte papa ou ak manman ou» (Mk 7,10) : Katriyèm
kòmandman an raple timoun yo responsablite yo anvè paran yo. Nan mezi kapasite
yo oubyen posiblite yo, yo dwe ede paran yo nan nivo materyèl e moral pandan
vyeyès yo ak lè yo malad, lè yo pou kont yo oubyen lè yo gen enkyetid. Jezi
raple ke sa dwe fèt kòm yon atitid rekonesans.
Respè nou gen pou paran nou (pyete filyal), se rekonesans
nou genyen poutèt yo ba nou lavi ak pou jefò yo fè nan travay di pou ede pitit
yo grandi kòmsadwa nan laj ak sajès. «
Respekte papa w’ ak tout kè w’, e pa bliye doulè manman w’. Sonje
se gras a yo menm ki fè ou te vini nan mond lan: e kijan ou kapab remèt yo sa
yo te ba ou?» (Sir 7,27-28).
Granmèt la fè wè bèlte papa a nan pitit li yo, e nan yo menm
li konfime otorite manman. Moun ki respekte papa li, li jwenn padon pou peche
li, moun ki fè konpliman pou manman li, li tankou yon moun k’ap ramase trezò
(cf. Sir 3,2-6). Tout sa ak lòt konsèy klere nan lavi nou sa ki konsène
relasyon nou ak paran nou. An nou mande Granmèt la gras pou nou pa janm manke
renmen ke nou dwe paran nou yo, epi atravè ekzanp lavi nou, pou nou aprann lòt
yo ke se yon obligasyon pou yo renmen paran yo.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, fè m’ renmen manman m’ak
papa m’, fè m’ respekte yo antan m’ap sonje kijan yo ban m’ lavi, kijan yo
travay di pou pran swen mwen chak jou. Fè m’ sèvi yo ak dousè ak lanmou.
PWOPOZISYON : Ede paran mwen fè kèk ti aktivite, tankou netwaye kay
la, lave asyèt, elatriye. Montre yo kijan mwen renmen yo epi ou rekonesan antan
mwen di yo mèsi pou tout sa yo fè pou mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario