Páginas

LENDI 9

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Bondye pale, sa fèt konsa".
KÒMANSMAN LIV LAJENÈZ 1, 1-19
Nan kòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a. Tè a menm te san konsistans, li te vid, fè nwa yo te sou fas bafon an, Espri Bondye t’ap plane anlè dlo yo.
Bondye di: "Se pou limyè fèt". Epi limyè a fèt. Bondye wè limyè a bon, li separe limyè a ak fènwa yo. Li rele limyè a "jou", epi fè nwa yo "nuit". Vin gen yon aswè ak yon maten, premye jou.
Bondye di ankò : "Se pou vin gen yon sipò nan mitan dlo yo, pou l’ separe dlo yo ak dlo yo". Bondye fè sipò a, li separe dlo yo, ki te anba sipò a, avèk sa k’ te anlè sipò a. Sa fèt konsa. Bondye rele sipò a "syèl". Vin gen yon aswè ak yon maten, dezyèm jou.
Bondye di : "Se pou dlo yo ki anba syèl la rasanble yon sèl kote, pou pati sèk la parèt". Sa fèt konsa. Bondye rele pati sèk la "tè", dlo yo ki rasanble yo, li rele yo "lanmè". Bondye wè sa bon.
Bondye di : "Se pou tè a jèmen zèb vèt ki fè semans, ak pye bwa ki kapab bay fwi, ki donnen fwi daprè ras yo, ki gen semans nan yo sou tè a". Sa fèt konsa. Tè a bay zèb vèt, ki fè semans daprè ras yo, ak pye bwa ki donnen fwi, ki gen semans yo yo chak daprè espès yo. Bondye wè sa te bon. Vin gen yon aswè ak yon maten, twazyèm jou.
Bondye di : "Se pou gen limyè nan sipò syèl la, pou yo separe lajounen ak lannuit; se pou yo klere nan sipò syèl la, pou yo klere tè a". Sa fèt konsa. Bondye fè de gran limyè: pi gran limyè a, pou kòmande jou a, pi piti limyè a, pou kòmande nannuit la, epi li fè zetwal yo tou. Li mete yo nan sipò syèl la, pou yo klere sou tè a, pou yo kòmande sou lajounen ak lannuit, epi pou yo separe limyè a ak fènwa yo. Bondye wè sa te bon. Vin gen yon aswè ak yon maten, katriyèm jou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS103, l-2a. 5-6. 10 e 12. 24 e 35c (r.: 31b)
R/ Se pou Granmèt la kontan nan travay li yo.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen : Granmèt Bondye m’, ou gran anpil. Ou abiye ak lwanj, ak glwa,
Ou vlope ak limyè tankou yon rad.R.
Ou menm ki fikse tè a sou baz li,
Li p’ap panche pou tout tan k’ap gen tan.
Bafon an kouvri l’ tankou yon rad, anlè mòn yo dlo yo te ret kanpe.R.
Ou menm ki voye sous yo nan ravin yo ;
Nan mitan mòn yo y’ap travèse.
Anlè yo zwazo syèl yo ap abite,
Nan mitan branch yo y’ap fè tande vwa yo.R.
Ala anpil travay ou yo anpil, Granmèt:
Yo tout se ak sajès ou fè yo,
Tè a plen ak kreyati ou.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen.R.
LEVANJIL
"Tout moun ki te touche l’, yo te sove".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 6, 53-56
Lè sa a :
Le Jezi avèk disip li yo fin travèse lòt bò lanmè a, yo rive nan peyi Jenezarèt la, yo akoste.
Pandan y’ap sòti nan batiman an, menm lè a yo rekonèt yo; moun yo kouri nan tout rejyon sa a, yo kòmanse pote moun ki te malad yo sou kabann, kote yo te tande li te ye. Kote l’ te antre, nan bouk yo, nan abitasyon yo oubyen nan vil yo, yo te konn plase malad yo sou plas yo, yo te konn ap priye l’, pou l’ kite yo touche ti fil rad li. Tout moun ki te konn touche l’, yo te konn sove.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, nan Levanjil la, nou wè bèlte «pouvwa kontak» ak Granmèt nou an : « yo te konn plase malad yo sou plas yo, yo te konn ap priye l’, pou l’ kite yo touche ti fil rad li. Tout moun ki te konn touche l’, yo te konn sove.» (Mk 6,56). Yon senp ti kontak fizik kapab opere anpil mirak pou moun ki chache Kris la avèk lafwa. Pouvwa gerizon li a debòde nan kè li ki plen lanmou an e li elaji sou rad li.
Pasaj sa a kapab ede nou medite sou fason nou resevwa Granmèt la nan sakreman Lakominyon an. Èske nou kominye avèk sètitid ke kontak sa a kapab opere mirak nan lavi nou ? Nou fè plis ke touche rad la : nou resevwa reyèlman Kò Kris la nan kò pa nou. Kominyon an, li pa sèlman geri maladi nou soufri nan kò nou, men li geri nanm nou e li bay nanm nou yo garanti ke yo ka patisipe nan pwòp lavi Bondye a menm. Se konsa Sen Inyas d’Antyòch te wè Lekaristi a « medikaman imòtalite ak dòz kont lanmò a, ki fè nou jwenn sa nou gen pou nou viv pou tout tan nan Jezikri».
Avantaj medikaman sa a, sèke li geri nou anba tout sa ki separe nou avèk Bondye ak lòt yo. Se konsa, lè nou geri, nou pa kapab pliye sou nou ankò. Nou louvri ak lòt yo. Se nan sans sa a Benwa XVI di nou, « manje Kris la, se chemen pou nou pa rete endiferan devan sò frè nou yo (…). Alò, yon espirityalite ekaristik, se yon vrè dòz kont sa ki fè nou wè pwòp tèt pa nou sèlman ak egoyism ki souvan karakterize lavi n’ap viv chak jou, li fè nou redekouvri gratuite, santralite relasyon yo apati lafanmi an, avèk sousi pou soulaji blesi sila yo ki separe».
Menm jan ak sila yo ki te geri anba maladi yo lè yo touche wòb Jezi a, nou menm tou nou ka jwenn gerizon pou egoyism nou yo lè nou resevwa Granmèt la avèk lafwa.
LAPRIYÈ: Jezi, mèsi paske ou si tèlman renmen mwen, ou ban mwen pwòp lavi pa ou. Ede mwen renmen lòt yo antan mwen mete lavi mwen nan sèvi yo gratis.

PWOPOZISYON: Si mwen kwè tout bon vre, mwen ka resevwa gerizon pou kò mwen ak pou nanm mwen nan sakreman Lekaristi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario