Páginas

DIMANCH 22

Koulè Vyolèt
PREMYE DIMANCH KARÈM-ANE B
PREMYE LEKTI
"Kontra Bondye avèk Noe lè l’ fin delivre l’ sot anba dlo delij la".
LEKTI LIV LAJENÈZ 9, 8-15
Men sa Bondye di Noe ak pitit li yo avèk li : «Men m’ap pase kontra m’avèk nou, epi avèk ras nou apre nou, ni ak tout vivan ki avèk nou, ni ak zwazo ni ak bèt chaj ni ak bèt gadinaj sou tè a, yo tout, sa k’ sòti nan ach la, ni ak tout bèt sou tè a. M’ap pase kontra m’avèk nou, dlo delij la pa gen dwa janm touye tout chè ankò, ni p’ap gen delij k’ap detwi tè a».
Bondye di: «Men siy kontra a, sa mwen bay ant mwen menm ak nou menm nan pou tout vivan ki avèk nou nan jenerasyon tout tan yo: m’ap mete ach mwen an nan nyaj yo, l’ap sèvi siy kontra a ant mwen menm ak tè a. Lè m’a kouvri syèl la ak nyaj yo, ach mwen an ap parèt nan nyaj yo, m’ap sonje kontra m’ nan avèk nou epi avèk tout vivan ki gen lavi chè; p’ap gen dlo delij yo ankò pou detwi tout chè".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 24, 4bc-5ab. 6-7bc. 8-9 (r.: cf. 10)
R/ Tout chemen ou, Granmèt, se kè sansib ak verite pou moun ki obsève testaman ou nan.
Montre m’ chemen ou yo, Granmèt, aprann mwen santye ou yo.
Kondui m’ nan verite ou la, ban m’ leson, paske se ou menm ki Bondye delivrans mwen.R.
Sonje bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou yo, paske se depi tout tan yo ekziste, daprè kè sansib ou, sonje-m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa l’ap aprann moun ki nan peche yo chemen an; l’ap kondui moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
DEZYÈM LEKTI
"Nou menm koulye a, batèm nan sove nou tankou sa k’ te pase lontan an".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 3, 18-22
Nou menm mwen renmen anpil la :
Jezikri mouri yon fwa pou tout poutèt peche nou yo, li menm ki kòrèk pou sila yo ki pa kòrèk yo, pou l’ te kapab ofri nou bay Bondye, li mouri nan chè a, li vivan nan lespri a; se nan lespri a menm li t’al preche lespri yo ki te nan prizon an, yo menm ki te refize kwè lontan, lè moun yo t’ap tann pasyans Bondye nan tan Noe a, lè l’ t’ap bati ach la, kote se yon ti kras ki te sove nan dlo a, an tou uit moun nan.
Nou menm tou koulye a batèm nan sove nou sou menm fòm sa a, se pa sa k’ sal nan chè a li wete, men se yon bon konsyans li mande nan Bondye gras a leve vivan Jezikri a, ki adwat Bondye, ki anglouti lanmò a, pou nou te kapab vin eritye lavi tout tan an, li pati nan syèl la, aprè l’ fin mete mesaje yo ak pouvwa yo ak otorite yo anba lòd li.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Satan t’ap eseye l’, mesaje yo t’ap sèvi l’"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1,12-15
Lè sa a :
Lespri a pouse Jezi nan savann nan, li te nan savann nan pandan karant jou ak karant nuit, Satan t’ap eseye l’, li te avèk bèt sovaj yo, mesaje yo t’ap sèvi l’.
Aprè yo fin arete Jan, Jezi rive nan Lagalile, l’ap preche levanjil rèy Bondye a, l’ap di : "Tan an rive, rèy Bondye a pwoche : fè penitans, kwè nan levanjil la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan tan lontan lè pèp la t’ap kòmanse aprann, Granmèt la te trete yo menm jan yon manman oubyen yon papa konn trete pitit li. Si timoun nan fè dezòd, yo kale l’.  Lè yo fè sa, yo pa vle fè l’ mal, se yon leson y’ap bay timoun nan pou l’ ka chanje, pou l’ tounen yon moun debyen.
Menm jan tou, lè pèp la te dezobeyi Bondye, tèlman yo t’ap fè dega, Granmèt la te kale yo, ak yon gwo lavalas ki te pirifye tout sa k’ te genyen sou latè. Se yon leson li t’ap bay yo, men vrèman se lavi l’ te vle pou yo, ki fè l’ pèmèt fanmi Noe viv malgre inondasyon an, pou pèp la te ka rekòmanse ankò, epi l’ tou renouvle kontra a avèk yo.
Men lè pitit la grandi epi l’ tounen granmoun, paran l’ pa kale l’ankò. Yo ka ba l’ konsèy, epi y’ap ba l’ekzanp nan jan yo menm y’ap viv, pou li sonje kiyès li ye. Pitit la p’ap fè sa k’ pa bon, pou pa fè paran l’ wont, paske li konnen ki ledikasyon yo te bay li.
Menm jan tou, nan istwa pèp Bondye a, Granmèt la rive pran desizyon trete nou tankou granmoun. Jezi te montre nou kòman pou n’ byen viv ansanm, epi li bay tèt li pou nou. Si nou rekonesan, nou p’ap fè sa k’ pa bon. Men si nou ta bliye kiyès nou ye, se pa kale l’ap kale nou, sèlman l’ap ba nou konsèy.
Se sa Granmèt la ap fè pou nou nan tan Karèm nan. L’ap mande nou konvèti.  (Atansyon, konvèti pa vle di chanje legliz, oubyen chanje relijyon. Konvèti vle di chanje mantalite ou pito.)  Lè l’ mande nou chanje mantalite nou, se envite l’ap envite nou, men li p’ap fòse nou. L’ap respekte libètè nou, tankou granmoun ki konnen sa k’ bon ak sa k’ pa bon.
Ann sonje kiyès nou ye. Ann wete mechanste nan kè nou, ann regle lavi nou sou renmen Bondye a !
LAPRIYÈ: Granmèt, m’ fè ou konfyans. Ede m’ mache daprè prensip ou yo !

PWOPOZISYON: Antan ke pitit Bondye, kisa pou m’ chanje nan lavi mwen, pou m’ pa fè Papa m’ wont ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario