Páginas

SAMDI 21

Koulè Vyolèt
SAMDI APRÈ LÈSANN
PREMYE MOSO LABIB
"Lè w’ap vide nanm ou bay moun ki grangou a... limyè w’ ap leve nan fènwa yo".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 58, 9b-14
Men pawòl Granmèt la :
"Si w’wete chenn nan sot nan mitan ou, epi ou sispann lonje dwèt ou, ni pale bagay ki pa sèvi ; lè w’a vide nanm ou bay moun ki grangou a, lè w’a plen nanm moun ki nan lapenn nan, limyè w’ap leve nan fènwa yo, fènwa w’ yo ap vin tankou midi. Granmèt la ap toujou ba ou repo, l’ap plen nanm ou ak klète, l’ap delivre zo w’ ; w’ap tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo, ki p’ap manke dlo.
Y’ap bati savann lontan yo nan mitan ou, y’ap leve fondasyon jenerasyon ak jenerasyon, y’ap rele ou sila a k’ap bati miray ki te tonbe yo, sila a k’ap drese santye yo pou lapè a.
Si ou sispann fè pye ou fè lwanj li, antan w’ pa fè wout ou yo, antan volonte w’ pa parèt, pou w’ap pale pawòl ou : lè sa a w’ap jwenn plezi w’ nan Granmèt la, m’ap pote w’ anlè wotè peyi a, m’ap ba w’ manje nan eritaj Jakòb, papa w’ la.
Se bouch Granmèt la menm ki pale".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 85, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Aprann mwen chemen w’, Granmèt, m’a antre nan verite w’ la.
Panche zòrèy ou, Granmèt, koute m’, paske mwen malere, mwen pòv.
Prezève nnam mwen, paske mwen sen ;
Sove m’, Bondye mwen, mwen espere nan ou.R.
Pitye pou mwen, Granmèt, paske m’ap rete kote w’ tout lajounen.
Fè nanm sèvitè w’ la jwenn kontantman,
Paske se kote w’, Granmèt, mwen leve nanm mwen.R.
Paske Granmèt, ou bon, ou dou,
Ou gen kè w’ sansib anpil pou tout moun k’ap rele ou.
Koute lapriyè m’, Granmèt, ak zòrèy ou, koute vwa lapriyè m’.R.
LEVANJIL
"Mwen pa vin rele sa k’ kòrèk yo, men sa k’ nan peche yo, pou yo fè penitans".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 27-32
Lè sa a :
Jezi wè yon pibliken yo rele Levi, ki chita nan biwo ladwann nan, li di l: "Suiv mwen". Li kite tout bagay, li leve, li suiv li.
Levi fè yon gran resepsyon lakay li. Te gen yon pakèt foul pibliken ak dòt moun ki te atab avèk yo. Farizyen yo t’ap babye, ni pwofesè yo, yo t’ap di disip li yo: "Poukisa n’ap manje, n’ap bwè ansanm ak pibliken yo ak pechè yo"?
Jezi pran lapawòl, li di yo: "Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad. Mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men se moun ki nan peche yo mwen vin rele pou yo fè penitans".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Aprann mwen chemen w’, Granmèt m’a antre nan verite w’ la. Panche zòrèy ou pou w’ koute m’ paske mwen malere, mwen pòv ».
Sòm 85 la ap envite nou louvri kè nou bay Bondye san ipokrizi. Nan moso Labib sila yo mwen vle atire atansyon nou sou de bagay.Premye bagay : pouvwa Jezi genyen sou moun, dezyèm bagay : fason li atire moun sou li. Lè n’ gade relasyon l’ak levi, ki moun Levi te ye ? Yon moun ki te gen anpil lajan, Jezi gade l’ sèlman, li di l’ : « Swiv mwen », se konsa li abondone tout bagay, li swiv li. Li fè yon fèt lakay li, li envite Jezi ak disip li yo, farizyen fache. Pibliken ak pwofesè Lalwa yo tou.
Ki mesaj Sen Lik vle fè nou dekouvri ? Bondye Izrayèl la, se yon Bondye ki pa gade sou figi moun, li lonje men mizerikòd li pou l’ sove tout moun ki kwè nan li epi li kondane kondwit moun ki viv sou aparans. Jezi te gen yon misyon trè klè, se pou sa l’ te vini, pou moun ki malad nan nanm yo kapab gen lavi ki p’ap janm fini. Nan ane lafwa sa a, Jezi ap envite n’ pou n’ louvri kè nou ba li, li se vrè doktè ki konnen nou chak an patikilye. Li pa vini pou moun ki rich, ni moun ki gen konesans, men li vini pou tout moun kapab gen lavi ki p’ap janm fini an, si nou chèche l’.
LAPRIYÈ : Bondye papa, ou menm ki konnen sa n’ap chèche, ba nou fòs ak kouraj pou n’ kapab rete fidèl nan sèvis ou, menm jan manman Mari te rete fidèl jiska lafen.

PWOPOZISYON : Mwen vle aprann koute vwa Bondye nan pawòl li a epi fè volonte l’ menm si m’ap fè fas ak anpil difikilte.

No hay comentarios:

Publicar un comentario