Páginas

VANDREDI 20

Koulè Vyolèt
VANDREDI APRÈ LÈSANN
PREMYE MOSO LABIB
"Èske se pa sa a pito : jèn nan mwen chwazi a” ?
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 58, l-9a
Men pawòl Granmèt Bondye :
"Rele, pa sispann, tankou yon twonpèt, leve vwa ou ; anonse pèp mwen an krim yo fè ak kay Jakòb la peche yo fè. Chak jou y’ap chèche m’, yo vle konnen chemen m’ yo, tankou yon nasyon k’ap fè sa k’ kòrèk, ki pa lage jijman Bondye l’ la. Y’ap mande m’ jijman jistis, yo vle pwoche kot Bondye :
"Poukisa n’ap fè jèn, epi ou pa gade ; nou rabese nanm nou, ou pa konnen” ?
Men li : jou jèn nou an, se volonte nou n’ap fè, n’ap reklame tout moun ki dwe nou yo. Men li : se nan batay ak diskisyon n’ap fè jèn, n’ap frape ak kout pwen san pitye. Pa fè jèn tankou nou fè jous jodi a, pou yo kapab tande vwa nou nan syèl la.
Èske se kalite mòd jèn sa a mwen chwazi, pou yon moun ap maltrete nanm li tout lajounen ? Èske se balanse tèt li tankou yon boul, mare ren l’ak sa k’ ak sann ? Èske se sa nou rele jèn ak jou ki fè Granmèt la plezi ?
Èske se pa sa a pito: jèn nan mwen chwazi a? Defèt chenn ki fè nou pa kòrèk la, demare pakèt k’ap peze sou tèt la, ranvwaye sa k’ kraze yo nan libète, kraze tout chaj; separe pen ou avèk moun ki grangou a, fè pòv la ak moun ki pa gen kay la antre nan kay ou; lè ou wè yon moun ki nikò, kouvri l’, pa meprize pwòp chè ou.
Lè sa a, limyè w’ ap eklate tankou granmaten, sante w’ ap leve byen vit, jistis ou ap mache devan fas ou, bèlte Granmèt la ap vlope w’. Lè sa a w’ap lapriyè, Granmèt la ap koute, w’ap rele, l’ap di : "Men mwen".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 50, 3-4. 5-6a. 18-19
R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa meprize l’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè jan ou sansib anpil, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan. Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen tout tan. Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan mwen fè l’.R.
Ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ofri l’, li p’ap fè w’ plezi. Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze,
yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
"Lè y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa a y’a fè jèn".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 14-15
Lè sa a : Kòm Jezi te rive lòt bò lanmè, nan rejyon Jerazenyen yo, disip Jan yo pwoche kote l’, yo di: "Poukisa nou menm ak farizyen yo, n’ap fè jèn souvan, epi disip pa w w yo menm, yo pa fè jèn"?
Jezi di yo : "Èske pitit yo ki avèk mesye marye a, yo kapab chagren, toutotan mesye marye a avèk yo? Men gen jou k’ap rive, lè y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa a fè jèn".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Tèks nou li jodi a ap ede nou reflechi sou kesyon jèn ki fè Bondye plezi a. Jezi ba nou verite a klè ; nou menm, jou nou chwazi pou n’ fè jèn, yo pa sanble jèn ki fè Bondye plezi. Se pou nou reflechi pou n’ wè ki kalite jèn n’ap fè, èske se pa pwòp enterè nou n’ap chèche ? Èske se pa yon jèn pou n’ fè moun wè, pandan n’ap chèche fè lòt enjistis tout jan ? Si nou vle fè jèn tout bon vre, men demach pou n’ swiv la, fè bagay ki pou fè kè Bondye kontan: Se pou nou gen kè sansib, sispann toupizi lòt yo, pa fè lòt yo enjistis, bay moun k’ap rann nou sèvis libète, wete pwa lou k’ap peze moun yo, pataje sa nou genyen ak moun ki nan bezwen, louvri pòt kay nou byen gran pou n’ akeyi malere yo, etranje yo, pa pran plezi lè w’ wè yon frè oubyen yon sè ap lonje men l’ devan w’ pou w’ap pase l’ nan rizib; chak fwa w’ fè byen pou yon moun ki nan nesesite, Granmèt la ap klere wout pou ou, w’ap santi prezans li k’ap mache avèk ou, l’ap delivre w’, lè sa a lapriyè w’ yo va rive jwenn li. Pou kisa patizan Jan yo ak Farizyen yo ap jene, epi ou menm Jezi, patizan pa w’ yo pa fè jèn? Yo di sa paske Jwif yo te kenbe lapriyè avèk jèn nan kòm penitans pou peche yo. Men avèk prezans Jezi Bondye Papa a vin bay pèp la kè kontan: Gen yon tan pou chak bagay; gen yon tan pou fete paske mesye marye a la, pwofèt yo te anonse nòs Bondye Papa a avèk pèp li a, lè l’ te vin vizite l’, poutèt nan okazyon sa a, Jezi manje ak pèp li a epi,avèk prezans Jezi, ki vin siyen yon kontra tou nèf .Jezi te poze yo yon kesyon, li di yo, èske lè yo envite yon moun nan nòs, moun sa a kapab fè jèn?Nou tout nou konn al nan maryaj, lè sa a se fèt, se kè kontan; se konsa pawòl Bondye a vle montre nou ki kalite kontra li pase ak pèp la. Jodi a se avèk nou li vle pase kontra renmen an.Tankou yon gason ak yon fi ki fyanse, nou menm pèp la, se madanm marye a epi mesye marye a se Jezi, se li ki vin etabli kontra tounèf la ant Bondye ak pèp la. Ann travay ansanm pou n’ rete fidèl nan kontra tounèf la.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, padon pou chak fwa nou pa t’ akeyi w’, chak fwa nou pa t’ pataje, chak fwa nou pa t’ tande rèl lòt yo ki gen nesesite. Granmèt, tanpri, ba nou yon kè ki sansib epi devwe pou tout moun, konsa n’a fè yon jèn ki fè w’ plezi, paske se sa ki fè kè Bondye kontan.

PWOPOZISYON : M’ap pran tan pou m’ reflechi sou pawòl sa yo : mwen se madanm marye a, m’ p’ap kapab jene pandan mesye marye a la, ki se Jezi.

No hay comentarios:

Publicar un comentario