Páginas

JEDI 19

Koulè Vyolèt
JEDI APRÈ LÈSANN
PREMYE MOSO LABIB
"Men m’ prezante devan ou jodi a benediksyon an ak malediksyon an".
NAN LIV DETEWONÒM 30, 15-20
Moyiz pale ak pèp la, li di :
"Konsidere sa m’ prezante devan ou jodi a : lavi a ak byen an, epi an fas : lanmò a ak malè a, pou ou kapab renmen Granmèt Bondye w’ la, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou kenbe kòmandman l’ yo ak seremoni yo, ak jijman yo, pou ou kapab viv : konsa l’ap fè w’ vin anpil, l’ap beni ou nan peyi a, kote w’ a pral antre pou w’ posede l’ la.
Sèlman si kè ou vire, ou pa vle koute, ou kite move lide twonpe w’, ou adore dye etranje, ou sèvi yo, mwen deklare ou davans jodi a w’ap peri, nan yon ti moman w’ap mouri nan peyi a, lòt bò Jouden an, kote w’ap antre pou w’ posede l’ la.
Jodi a mwen pran syèl la ak tè a pou temwen, mwen prezante devan nou lavi a ak lanmò a, benediksyon an ak malediksyon an. Chwazi lavi a, pou w’ viv ansanm ak ras ou ; pou w’ renmen Granmèt la Bondye w’ la, pou w’ obeyi vwa l’, pou w’ kole sou li (se li menm vrèman vre ki lavi ou ak longè jou w’ yo), pou w’ abite nan peyi a, sa Granmèt la te fè sèman bay papa w’ yo, Abraam, Izaak ak Jakòb, li t’ap ba yo a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Ala kontantman pou moun ki met Granmèt la kòm esperans li.
Ala kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa kòrèk yo, ki pa kanpe nan chemen pechè yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase Bondye nan rizib yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa kòrèk yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo : men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
"Moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 22-25
Lè sa a :
Jezi di disip li yo : Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt yo ak skrib yo kondane l’ pou l’ resisite sou twazyèm jou a.
Li t’ap di yo tout : "Si yon moun vle vin apre m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’ chak jou, pou l’ suiv mwen. Moun ki vle sove lavi l’ l’ap pèdi l’ ; sèke moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove l’. Sa sa sèvi yon moun si l’ posede tout tè a, epi li pèdi pwòp tèt li, li okazione malè l’"?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pasaj nou li nan chapit trant Liv Detewonòm jodi a ap ede nou dekouvri jan Granmèt la respekte libète nou, li mete devan ou jodi a : chemen lavi a ak byen an, epi li mete anfas ou tou : chemen lanmò a ak malè a. Se nan men ou desizyon an ye, balon an se nan pye w’ li ye, paske Bondye ba ou dwa pou w’ fè sa ou deside fè.
Nan kòmansman tan karèm sa a, nou dwe reflechi sou kisa nou vle nan lavi n’ kòm kretyen, oubyen nou dwe poze tèt nou kesyon sou ki wout n’ap swiv, si nou nan chemen benediksyon an oubyen nan chemen malediksyon an ak pèdisyon an. Ann pwofite tan sa pou pran yon desizyon pi fèm nan fason nou vle viv ekzistans nou. Sou chemen lavi a, fòk nou montre nan jan nou renmen Bondye, jan nou obeyi pawòl li a e sitou jan nou renmen pwochen nou yo. Pa gen anyen ki enposib pou Granmèt la, ann mete nan men l’ tout konfyans nou; an menm tan, ann mande l’ gras pou nou kapab kite se li menm ki dirije lavi nou; konsa n’a ka pran wout benediksyon an.
Levanjil Bondye fè n’ konprann  li pa fasil pou yon mounn tounen disip  Kris la, paske sa ekzije anpil sakrafis, sa mande  sitou pou nou bliye pwòp tèt nou pou kapab swiv li; se sèlman konsa n’a ka eritye lavi ki p’ap janm fini an. Jezi, li menm ki Bonye, li te aksepte chemen soufrans la pou l’ te ka mennen nou nan kè kontan ki p’ap fini an, pou l’ te ka sove nou. Pa gen lavi kretyen san chemen lakwa, e se pa yon kwa ki parèt nan yon moman nan lavi nou aprè sa li disparèt; men  se yon kwa ki toujou la nan tout moman nan lavi nou, e nou dwe sipòte l’ epi ofri l’ bay Bondye nan tout sikonstans, kalamite ak pwoblèm nou rankontre sou wout lavi a.
Gen pafwa nou konvèti lavi nan yon plenyen san souf, nou bliye si soufrans se chemen redanmsyon nou. Chak moman difikilte, se yon opotinite pou nou viv pi pwòch Bondye, pou nou pote kwa ansanm ak Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye papa, ede m’ pran desizyon pou chemen benediksyon an. Ban m’ fòs pou m’ aprann pote kwa mwen rankonte chak jou nan lavi mwen; konsa l’a sèvi m’ kòm wout pou m’ antre nan wayòn syèl la.

PWOPOZISYON : Fè yon lis reyalite ki genyen nan lavi ou, oubyen evènman w’ap viv nan lavi ou, nan fanmi ou, nan kominote w’ la oubyen nan peyi a, ki se siy lakwa pou nou jodi a.

1 comentario:

  1. Docteur Dawn te pwomèt pou l ede m retounen ansyen mari m, ak sipriz mwen mari m tounen apre 5 jou e kounye a nou viv ansanm nan lanmou ak lajwa, li ede zanmi m yo tou, kontakte Dr DAWN pou èd: WhatsApp +2349046229159
    *Si ou vle fè ansyen mennaj ou tounen.
    *Si ou vle atire yon moun nan lavi ou.
    *Si w bezwen seremoni netwayaj.
    *Si ou bezwen vin ansent oswa trete lakòz.
    *Si ou bezwen yon période chans pou genyen.
    *Si ou vle retabli byen ou vòlè a.
    Kontakte li sou WhatsApp: +2349046229159

    ResponderEliminar