Páginas

MÈKREDI 18

Koulè Vyolèt
KÒMANSMAN TAN KARÈM ANE-B
MÈKREDI SANN
PREMYE MOSO LABIB
"Chire kè nou, pa chire rad nou".
NAN LIV PWOFÈT JOWÈL 2, 12-18
Koulye a, deklarasyon Granmèt la, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou, nan jèn, ak dlo nan je, nan rèl ; chire kè nou, pa chire rad nou, tounen vin jwenn Bondye nou an, paske li bon, li gen mizerikòd, li gen pasyans, ak anpil mizerikòd, li siperyè anlè mechanste. Ki moun ki konnen, si l’ ta tounen, pou l’ padonnen, pou l’ kite yon benediksyon aprè l’, sakrifis ak ofrann likè pou Granmèt la, Bondye nou an ?
Sonnen twonpèt nan Siyon, deklare yon jèn sakre, rele foul, rasanble pèp, konsakre kominote, rasanble vye granmoun yo, rasanble timoun yo ak sa k’nan tete; se pou mesye ki marye a kite kabann li, se pou madanm ki marye a kite chanm li.
Ant kote yo mete rad yo ak lotèl la, se pou prèt yo kriye, yo menm sèvitè Granmèt la, se pou yo di : "Pitye, Granmèt, pitye pou pèp ou a, pa renmèt eritaj ou a nan mank dega, pou nasyon yo pa kòmande sou yo. Pouki pou yo ta di nan pèp yo: Kote Bondye yo a"?
Granmèt la vin jalou pou peyi l’ la, li menaje pèp li a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 50, 3-4. 5-6a. 12-13. 14 é 17
R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè mizerikòd ou a; daprè kantite mizerikòd ou, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen tout tan.Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan mwen fè l’.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo.Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen w’ nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan sove ou sove a, asire m’ak lespri ki pi vif la.Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen anonse lwanj ou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Rekonsilye ak Bondye : men tan gras la koulye a".
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN 5, 20- 6, 2
Frè m’yo :
Pou Jezikri, n’ap fè sèvis komisyonè, tankou se Bondye k’ap ankouraje pa lentèmedyè nou. Nou ensiste pou Jezikri : rekonsilye ak Bondye ; li menm ki pa t’ konnen peche, Bondye fè l’ vin tounen pechè pou nou, pou jistis Bondye te kapab reyalize nan li.
Kòm n’ap plede, nou ankouraje nou, pou nou pa resevwa gras Bondye a pou granmesi. Sèke li di : "Nan tan gras la mwen reponn ou, jou sove a, mwen pote ou sekou". Men li koulye a, tan gras la, men li koulye a, jou sove a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Papa ou, ki wè nan kote ki kache, l’ap renmèt ou sa".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 1-6. 16-18
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
Fè atansyon, pou nou pa fè aksyon kòrèk nou devan moun yo, pou yo wè nou; otreman nou pa ta gen rekonpans devan Papa nou ki nan syèl la.
Lè w’ap fè charite, pa sonnen twonpèt devan ou, tankou ipokrit yo ap fè nan sinagòg yo ak sou plas yo, pou moun yo kapab fè lwanj yo. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm lè w’ap fè charite, pa kite men goch ou konnen sa men dwat ou ap fè, pou charite w’la kapab ret kache; konsa Papa w’ki wè nan kote ki kache a, l’ap renmèt ou sa.
Lè n’ap priye, pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen ret kanpe nan sinagòg yo ak nan kalfou plas yo, pou yo priye, pou moun yo kapab wè yo. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap priye, antre nan chanm ou, fèmen pòt la, priye Papa ou nan kote ki kache a. Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa.
Lè n’ap fè jèn, pa ret chagren tankou ipokrit yo, yo fè figi yo dekonpoze, pou moun yo kapab wè y’ap fè jèn. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap fè jèn, met losyon sou tèt ou, lave figi ou, pou moun yo pa wè w’ap fè jèn, men pou se Papa ou ki wè, li menm ki nan kote ki kache a; Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pandan tout ane litiji a Legliz la pèmèt nou selebre mèvèy Bondye nan lavi nou, se yon seri evènman ki pèmèt nou fè eksperyans renmen Bondye a ki depase limit entelijans nou ak tout bagay nou ta kapab rive konprann. Sa fè kèk tan depi nou antre nan yon nouvo lane litijik. Se ane c, ane ki karakterize avèk Levanjil Sen Lik. Tankou toua ne Litijik, ane sa a genyen : Tan Lavan, Tan Nwèl (nou fèk sot fete li), Tan Karèm, Tan Pak ak Tan Òdinè oubyen Tan Senp. Kidonk genyen 5 tan nan yon ane litijik. Si nou konpran byen chak tan sa yo pèmèt nou selebre yon moman byen detèmine nan istwa lavi Jezikri oubyen istwa delivrans nou. Jodi a, se yon tan tou nèf ki kòmanse nan ane liti C a : Tan Karèm.  Li enpòtan pou chak moun rive konnen ki sa tan sa a vle di, ki sa « karèm» nan ye.
Karèm vle di : karant. 40 jou pou nou prepare nou pou fete Fèt Pak.Lè Jezi fin monte nan syèl, Zapot yo te komanse preche. Se tout moun ki te konn vin mande batèm, granmoun tankou timoun. Anvan yo te resevwa batèm, yo te konn ba yo anpil fòmasyon. Seremoni batèm nan te toujou konn fèt nan lannwit anvan fèt Pak (Veye Paskal). Sa te vle montre: yon moun ki batize, li mouri avèk Jezi pou li leve nan yon lavi tou nèf. Pou prepare bèl fèt sa a, katekimèn yo – kidonk, moun ki t’apral resevwa sakreman-an, te konn pase 40 jou ap pran anpil anpil fòmasyon enpi ap lapriyè. Sete tankou yon retrèt. Se tan retrèt sa-a yo te rele karèm nan komansman Legliz la.
Nan katrièm (4èm) syèk, bagay yo te vin chanje. Legliz la pran tan sa a pou ankouraje moun yo fè penitans enpi eseye mete lavi yo pi pre Bondye nan fè jèn ak abtinans, sa vle di: evite manje vyann jou vandredi.
Aprè sa, Legliz vin redwi penitans la sèlman nan fè jèn jou Mèkredi Lèsann ak Vandredi Sen enpi nan pa manje vyann chak vandredi karèm. Nan tan sa a, Legliz Katolik te toujou konseye fidèl li yo lonje men bay tout moun ki nan nesesite, fè kèt pou tout kominote, tout lòt pèp k’ap kokobe anba problèm lanmizè.
Jodi-a, Legliz la mande tout moun sèvi ak tan sa-a pou yo lapriyè pi plis, pataje sa yo genyen pi plis, fè plis sakrifis ak tèt yo. Li prezante Jezi kòm yon egzanp ban nou. Li menm, li te pase 40 jou nan dezè ap batay ak tout fòs mal ki t-ap chèche kontraye misyon li.
Nan tan Karèm, Legliz la envite tout kretyen pou souke kò yo, bay lafwa yo jarèt dekwa pou yo kontre kòn yo ak tou sa ki kab fè yo vire do bay Bondye. Men tan karèm, se pa sèlman yon tan pou-n fè penitans, se yon tan kè kontan tou. Pandan n-ap batay kont tout move tandans nou yo, limyè Fèt Pak la deja ap briye sou nou. Lavi ki soti nan tonbo lanmò Kris la deja anvayi nou nan jefò n’ap fè pou nou pwoche pi pre Bondye, pi pre frè ak sè nou yo.  Sakrifis ak soufrans n’ap andire yo, se pa yon gwo chay pou nou paske sa n’ap chèche nan yo a deja prezan nan lavi nou. Pandan nou pran wout pou n’al chèche delivrans la, delivrans la deja ap dòmi nan fon kè nou.
Nou swete pou tout moun pase yon bon tan karèm anba je Jezi ki leve byen vivan!
LAPRIYÈ : Bondye Papa, nan kòmansman Tan karèm sa a, kote Legliz la envite nou fè jèn ak penitans, tanpri n’ap mande w’ ba nou Lespri w’ la pou nou kapab pote lavikwa sou tout fòs ki vle koupe relasyon nou genyen avèk ou depi jou batèm nou. Ede nou fè yon jèn ki fè w’ plezi pou nou kapab mouri e resisite ansanm ak Kris la.

PWOPOZISYON : Pou tan karèm sa a, chèche renouvle zanmitay ou ak Bondye ; pataje sa w’ genyen san ou pa ap rete tann anyen an retou ; lapriyè pou w’ jwenn fòs pou lite kont dyab la k’ap mache pye pou pye dèyè w’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario