Koulè Vyolèt
JEDI APRÈ LÈSANN
PREMYE MOSO
LABIB
"Men m’
prezante devan ou jodi a benediksyon an ak malediksyon an".
NAN LIV DETEWONÒM 30, 15-20
Moyiz pale ak pèp la, li di :
"Konsidere sa m’ prezante devan ou jodi a :
lavi a ak byen an, epi an fas : lanmò a ak malè a, pou ou kapab renmen
Granmèt Bondye w’ la, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou kenbe kòmandman l’
yo ak seremoni yo, ak jijman yo, pou ou kapab viv : konsa l’ap fè w’ vin
anpil, l’ap beni ou nan peyi a, kote w’ a pral antre pou w’ posede l’ la.
Sèlman si kè ou vire, ou pa vle koute, ou kite move lide
twonpe w’, ou adore dye etranje, ou sèvi yo, mwen deklare ou davans jodi a w’ap
peri, nan yon ti moman w’ap mouri nan peyi a, lòt bò Jouden an, kote w’ap antre
pou w’ posede l’ la.
Jodi a mwen pran syèl la ak tè a pou temwen, mwen
prezante devan nou lavi a ak lanmò a, benediksyon an ak malediksyon an. Chwazi
lavi a, pou w’ viv ansanm ak ras ou ; pou w’ renmen Granmèt la Bondye w’
la, pou w’ obeyi vwa l’, pou w’ kole sou li (se li menm vrèman vre ki lavi ou
ak longè jou w’ yo), pou w’ abite nan peyi a, sa Granmèt la te fè sèman bay
papa w’ yo, Abraam, Izaak ak Jakòb, li t’ap ba yo a".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM 1, 1-2. 3.
4 e 6
R/ Ala kontantman pou moun ki met Granmèt
la kòm esperans li.
Ala kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa
kòrèk yo, ki pa kanpe nan chemen pechè yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase
Bondye nan rizib yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’
la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap
donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa kòrèk yo, se pa konsa, men
y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo :
men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
"Moun ki
pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 22-25
Lè sa a :
Jezi di disip li yo : Pitit moun nan gen pou l’
soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt yo ak skrib yo kondane l’ pou l’
resisite sou twazyèm jou a.
Li t’ap di yo tout : "Si yon moun vle vin apre
m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’ chak jou, pou l’ suiv
mwen. Moun ki vle sove lavi l’ l’ap pèdi l’ ; sèke moun ki pèdi lavi l’
poutèt mwen, l’ap sove l’. Sa sa sèvi yon moun si l’ posede tout
tè a, epi li pèdi pwòp tèt li, li okazione malè l’"?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON : Pasaj nou li
nan chapit trant Liv Detewonòm jodi a ap ede nou dekouvri jan Granmèt la
respekte libète nou, li mete devan ou jodi a : chemen lavi a ak byen an,
epi li mete anfas ou tou : chemen lanmò a ak malè a. Se nan men ou
desizyon an ye, balon an se nan pye w’ li ye, paske Bondye ba ou dwa pou w’ fè
sa ou deside fè.
Nan kòmansman tan karèm sa a, nou dwe reflechi sou kisa
nou vle nan lavi n’ kòm kretyen, oubyen nou dwe poze tèt nou kesyon sou ki wout
n’ap swiv, si nou nan chemen benediksyon an oubyen nan chemen malediksyon an ak
pèdisyon an. Ann pwofite tan sa pou pran yon desizyon pi fèm nan fason nou vle
viv ekzistans nou. Sou chemen lavi a, fòk nou montre nan jan nou renmen Bondye,
jan nou obeyi pawòl li a e sitou jan nou renmen pwochen nou yo. Pa gen anyen ki
enposib pou Granmèt la, ann mete nan men l’ tout konfyans nou; an menm tan, ann
mande l’ gras pou nou kapab kite se li menm ki dirije lavi nou; konsa n’a ka
pran wout benediksyon an.
Levanjil Bondye fè n’ konprann li pa fasil pou yon mounn tounen disip Kris la, paske sa ekzije anpil sakrafis, sa
mande sitou pou nou bliye pwòp tèt nou
pou kapab swiv li; se sèlman konsa n’a ka eritye lavi ki p’ap janm fini an.
Jezi, li menm ki Bonye, li te aksepte chemen soufrans la pou l’ te ka mennen
nou nan kè kontan ki p’ap fini an, pou l’ te ka sove nou. Pa gen lavi kretyen
san chemen lakwa, e se pa yon kwa ki parèt nan yon moman nan lavi nou aprè sa
li disparèt; men se yon kwa ki toujou la
nan tout moman nan lavi nou, e nou dwe sipòte l’ epi ofri l’ bay Bondye nan
tout sikonstans, kalamite ak pwoblèm nou rankontre sou wout lavi a.
Gen pafwa nou konvèti lavi nan yon plenyen san souf, nou bliye
si soufrans se chemen redanmsyon nou. Chak moman difikilte, se yon opotinite
pou nou viv pi pwòch Bondye, pou nou pote kwa ansanm ak Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye papa, ede m’ pran desizyon pou
chemen benediksyon an. Ban m’ fòs pou m’ aprann pote kwa mwen rankonte chak jou
nan lavi mwen; konsa l’a sèvi m’ kòm wout pou m’ antre nan wayòn syèl la.
PWOPOZISYON : Fè yon lis
reyalite ki genyen nan lavi ou, oubyen evènman w’ap viv nan lavi ou, nan fanmi
ou, nan kominote w’ la oubyen nan peyi a, ki se siy lakwa pou nou jodi a.
Docteur Dawn te pwomèt pou l ede m retounen ansyen mari m, ak sipriz mwen mari m tounen apre 5 jou e kounye a nou viv ansanm nan lanmou ak lajwa, li ede zanmi m yo tou, kontakte Dr DAWN pou èd: WhatsApp +2349046229159
ResponderEliminar*Si ou vle fè ansyen mennaj ou tounen.
*Si ou vle atire yon moun nan lavi ou.
*Si w bezwen seremoni netwayaj.
*Si ou bezwen vin ansent oswa trete lakòz.
*Si ou bezwen yon période chans pou genyen.
*Si ou vle retabli byen ou vòlè a.
Kontakte li sou WhatsApp: +2349046229159