Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Nou fè
peche, nou fè sa ki pa kòrèk".
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 9, 4b-10
M’ap lapriyè ou, Granmèt, Bondye ki
gran, ki terib, ki kenbe kontra a ak kè sansib la pou moun ki renmen w’ yo epi
ki kenbe kòmandman w’ yo.
Nou fè peche, nou fè sa ki pa kòrèk,
nou aji san nou pa respekte ou, nou vire do nou, nou devye sot nan kòmandman w’
yo ak jijman w’ yo; nou pa t’ obeyi sèvitè ou pwofèt yo, ki te pale o non ou ak
wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp peyi a.
Se pou ou, Granmèt, jistis la: nou
menm menm se pou nou lawont nan figi a, jan sa ye Jodi a pou moun Jida ak pou
moun ki abite Jerizalèm yo ak pou tout Izrayèl la, ni pou moun ki tou pre yo,
ni pou moun ki lwen yo sou tout tè a, kote ou te voye yo an egzil poutèt peche
yo te fè kont ou menm menm.
Granmèt, pou nou menm se lawont nan
figi a, pou wa nou yo, pou chèf nou yo ak zansèt nou yo, ki te fè peche yo.
Kanta pou ou menm menm, Granmèt Bondye nou, se kè sansib ak padon, paske nou
vire do ba ou, nou pa t’ koute vwa Granmèt Bondye nou an, pou nou te mache nan
lalwa l’ la, sa l’ te ba nou pa lentèmedyè sèvitè l’ yo pwofèt yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 78, 8. 9.
11 e 13
R/ Granmèt,
se pa daprè peche nou yo pou w’ aji avèk nou.
Pa
sonje peche zansèt nou yo, fè vit pou kè sansib ou pran devan nou, paske nou
vin pòv anpil.R.
Pote
nou sekou, Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou; padonnen
peche nou yo, poutèt non ou.R.
Se
pou l’ antre devan fas ou, rèl prizonye yo; daprè grandè bra ou kite rès pitit
lanmò yo.R.
Nou
menm menm, pèp ou a ak mouton pak ou a, n’ap fè lwanj ou tout tan; pou
jenerasyon ak jenerasyon, n’ap anonse lwanj ou.R.
LEVANJIL
"Padonnen, y’ap padonnen
nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 6, 36-38
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Se
pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib. Pa jije, yo p’ap jije
nou; pa kondane, yo p’ap kondane nou; padonnen, y’ap padonnen nou.
Bay,
y’ap ba nou: se yon mezi ki bon, ki byen foule, ki byen souke, k’ap debòde,
y’ap mete nan pli rad nou. Nan menm mezi n’ap mezire a, se ladan l’ y’ap mezire
pou nou tou, se ladan l’ y’ap renmèt nou".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Sansiblite ak
mizerikòd, se de kalite pawòl Bondye a envite nou kiltive jodi a. Padon ak kè
sansib se de gran atitid Granmèt la toujou manifeste souvan an favè nou.
Nan premye lekti a, yo montre nou kòman Bondye genyen konpasyon
pou pèp li a. Pèp la dezobeyi, li fè sa ki lèd, men Bondye toujou montre li
kijan li renmen li, li pran pasyans ak li. Bondye pa gade sou jan nou kondui
tèt nou anpil fwa menm jan ak pèp Izrayèl la, pou li montre nou kè sansib li,
pou li toujou delivre nou nan sitiyasyon malouk nou ye. Menm lè nou fin pèdi
nan sa ki pa bon, kè sansib li fè li rachte nou. Konsa, zafè kè sansib la se
yon bagay ki dwe toujou prezan nan lavi nou, se yon bagay ki konsène nou. Nan
tout sa ki sou latè, se nou menm lèzòm ki genyen kapasite sa a. Lè nou gade
zanimo yo, se gwo manje piti, epi tou lè pye bwa yo ap grandi se devan devan
nèt, men nou menm lèzòm sa pa dwe konsa, paske nou dwe toujou manifeste kè
sansib youn pou lòt. Se sa li ta dwe ye, paske nan reyalite lavi a, chak jou,
nou obsève bò lakay nou, nan peyi nou, nan nouvèl n’ap tande, nou ka rann nou
kont genyen tandans pou pi gwo kraze pi piti. Si Bondye te antre nan lojik sa a
pa t’ap genyen anpil nan nou ki t’ap la ankò. Konsa li enpòtan, pou nou gade
ekzanp Granmèt la ban nou pou nou fè menm jan an.
Nan Levanjil jodi a, Jezi envite nou selebre sakreman
rekonsilyasyon avèk frè ak sè nou yo, li envite nou pou nou gen kè sansib, pou
nou youn padone lòt, pou nou pa jije, pou nou pataje sa nou ye ak sa nou
genyen. Se yon gwo ekzòtasyon pou nou jodi a, nou menm ki gen tandans pou nou
kondane epi panse ak pwòp tèt pan ou sèlman. Nou panse mesaj la klè, sèlman li
rete pou nou aplike li nan lavi nou. Si nou te konn fè sa li mande yo, n’ap
kontinye ; si nou pa t’ konn fè yo nou ka kòmanse depi jodi a, paske nou
konnen ak Bondye li pa janm twò ta.
LAPRIYÈ : Bondye papa, ou menm ki se kè sansib ak
padon, ede nou gen lodas pou nou viv nan rekonsilyasyon ak padon ak frè ak sè
nou yo, pou lavi ka kontinye fleri. Amèn
PWOPOZISYON : Padone yon
moun ki te ofanse mwen. Souri ak li, ba li yon gwo akolad ki sensè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario