Páginas

MADI 3

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Aprann fè sa k’ byen, chèche sa k’ kòrèk".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 1, 10. 16 -20
Koute pawòl Granmèt la, nou menm, chèf Sodòm yo ; resevwa lalwa Bondye nou an nan zòrèy nou, nou menm pèp Gomò a :
"Lave nou, pwòpte nou, wete move kalkil nou yo sot devan je m’ ; sispann aji mal, aprann aji byen : chèche jijman, ede sa k’ap pase mati a, plede kòz sa k’ san papa a, defann sa k’ vèv la.
Aprè sa nou mèt vini pou nou plede kòz pa nou devan m’, deklarasyon Granmèt la. Si peche nou ta tankou vlou wouj, yo t’ap vin blan kon lanèj ; si yo ta wouj kon woukou, y’ap vin blan kon lanèj.
Si nou vle koute m’, n’ap manje richès tè a ; men si nou pa vle, si n’ap eksite m’ fè kòlè, se epe a k’ap devore nou : sèke bouch Granmèt la pale".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 49, 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle kont avèk ou; sakrifis antye w’ yo devan m’ tout tan. Mwen p’ap pran towo sot lakay ou, ni bouk kabrit sot nan pak ou.R.
"Poukisa w’ap detaye kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou? Epoutan ou rayi disiplin, ou voye pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R.
Se sa ou fè, epi mwen te pe bouch mwen. Ou te konprann mwen te tankou ou. Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwenn bèlte, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye".R.
LEVANJIL
"Yo di, men yo pa fè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23, 1-12
Jezi pale ak foul yo ak disip li yo, li di:
Sou fotèy Moyiz la pwofesè yo ak farizyen yo chita: tout sa yo di nou, se pou nou obsève yo, se pou nou fè yo, sèlman pa aji daprè aksyon pa yo: sèke yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou, bagay moun pa kapab pote, epi yo mete yo sou zepòl moun yo; sèlman menm ak yon ti dwèt yo refize souke yo.
Reyèlman vre tout aksyon yo, yo fè yo pou lèzòm kapab wè yo: yo laji bwat yo ki gen vèsè Labib yo konn pote sou yo a, yo lonje fil ki pandye nan manch rad yo. Yo renmen premye plas nan resepsyon, ak premye fotèy nan kay reyinyon yo, yo renmen moun ap di yo bèl bonjou sou laplas, yo renmen pou moun yo rele yo "Rabi".
Kanta ou menm, pa rele pèsòn "Rabi"; sèke se yon sèl ki mèt nou, nou tout nou se frè. Epi pa rele pèsòn "Papa" sou tè a; sèke se yon sèl ki Papa nou, sila a ki nan syèl la. Pa fè yo rele nou "Mèt"; paske se Kris la sèl ki mèt nou.
Moun ki pi gran nan nou an, se sèvitè nou pou l’ ye. Moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, Granmèt la envite nou mete nou nan sèvis lòt yo avèk senplisite. Li envite nou makonnen pawòl nou ak aksyon nou. Sa vle di nou dwe kiltive koerans, nou dwe konsekan ak pwòp tèt nou.
Granmèt la envite nou genyen yon atansyon espesyal pou sila yo ki fèb yo. Jan li mansyone nan premye lekti a, se sa yo k’ap pase mati, sa ki san papa epi vèv yo. Tout sa nou ta renmen yon moun fè pou nou, se pou nou fè li pou lòt moun. Tout moun sa yo nou dwe pwoteje yo anvan nou prezante kòz pa nou devan Bondye. Kidonk se pou nou toujou chache sèvi lòt yo anvan nou wè pwòp tèt pa nou. Pawòl Bondye a kontredi reyalite mond jounen jodi a, kote genyen plis tandans pou chak koukouy klere pou je li ; Bondye mande pou nou klere pou lòt la aprè sa nou ka vin prezante tèt nou devan l’.
Jezi envite nou pa viv nan fè gran panpan tankou Farizyen ak Eskrib yo te konn fè li a. Moun sa yo ap fè gran panpan, y’ap chante kantamwa, y’ap di moun ki sa pou yo fè menm lè yo menm yo pa aplike li nan pwòp lavi yo. Moun sa yo se yon pil tonbo blanchi, sa ou wè a se pa sa yo ye. Jezi menm li mande patizan li yo, kidonk nou menm jounen jodi a, pou nou viv nan senplisite, pou sa n’ap di se li nou fè, epi piga nou janm dwe swiv moun k’ap fè sa ki pa bon. Menm lè nou ta kache vizaj nou lè nou ap fè sa a, konnen Bondye li menm l’ap wè nou epitou, pa gen verite ki pa sòti deyò yon jou san nou p’ap atann. Yon jou san atann tout bagay ap dewvale. Konsa, li pi bon pou nou toujou fè jefò pou nou viv nan verite ak pwòp tèt pa nou epi ak lòt yo.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, fè m’ pa chache pou moun ap sèvi mwen sèlman. Aprann mwen sèvi sa ki pi fèb yo san mwen pa chache avantaj pa mwen.

PWOPOZISYON : Sa mwen te pwomèt, m’ap chache reyalize li, paske mwen pa vle viv nan kontradiksyon ak pwòp tèt mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario