Páginas

MÈKREDI 4

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Vini, an nou frape l’".
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 18, 18- 20
Yo di: "Vini, an nou fè konplo kont Jeremi; lalwa a p’ap peri poutèt pa gen prèt, ni konsèy la poutèt pa gen moun sajès, ni pawòl la poutèt pa gen pwofèt. Vini, an nou frappe l’ avèk kout lang, nou p’ap fè atansyon nan tout pawòl li yo".
Granmèt, vire lide ou sou mwen, koute vwa lènmi m’ yo. Èske yo konn renmèt mal pou byen, ki fè yo fouye fòs pou nanm mwen an? Sonje mwen te kanpe devan fas ou, pou m’ te plede kòz yo, pou m’ te fè kòlè ou vire lwen yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 30, 5-6. 14. 5-16
R/ Sove m’, Granmèt, nan kè sansib ou a.
Wete m’ sot nan pyèj yo kache pou mwen an, paske se ou menm ki fòs mwen. Se nan men ou mwen renmèt lespri m’; ou deliver m’, Granmèt, Bondye verite a.R.
Sèke mwen tande rèl anpil moun: se kè sote nan lavil la; poutèt yo rasanble ansanm kont mwen, yo fè konplo pou yo wete nanm mwen.R.
Kanta mwen menm menm se nan ou mwen espere, Granmèt; mwen di: "Se Bondye m’ ou ye, se nan men ou destine mwen ye". Delivre m’ sot nan men lènmi yo ak moun k’ap pèsekite m’ yo.R.
LEVANJIL
"Y’ap kondane l’ amò".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 20, 17- 28
Lè sa a:
Pandan Jezi ap monte Jerizalèm, li pran douz disip yo apa, li di yo: "Men n’ap monte Jerizalèm, y’a pral renmèt Pitit moun nan nan men chèf prèt yo ak pwofesè yo, y’ap kondane l’ amò, y’ap renmèt li nan men nasyon yo pou yo pase l’ nan rizib, pou yo bat li, pou yo kloure l’ sou kwa, epi sou twazyèm jou a, l’ap leve ankò".
Lè sa a manman pitit Zebede yo pwoche kote l’ ansanm ak pitit li yo, li ajenou devan l’, li mande l’ kichòy.
Jezi di l’: "Ki sa ou vle"?
Li di l’: "Di pou de pitit mwen sa yo chita youn adwat ou, lòt la agoch ou nan rèy ou an".
Jezi menm reponn, li di: "Nou pa konnen sa n’ap mande a. Èske nou kapab bwè kalis la mwen gen pou m’ bwè a"?
Yo di l’: "Nou kapab".
Li di yo: "Kalis mwen an, n’ap bwè l’; men kanta pou chita adwat mwen oubyen agoch mwen an, se pa mwen menm ki kapab ba nou sa, men se pou moun Papa m’ pare sa".
Lè dis lòt yo tande sa, yo fache kont de frè yo. Jezi menm rele yo, vin kote l’, li di: "Nou konnen chèf nasyon yo kòmande yo, epi sila yo ki nan gran plas yo, yo fè pouvwa yo peze sou yo. Sa pa dwe fèt konsa nan mitan nou, men nenpòt ki moun nan pami nou ki vle vin gen pi gran plas, se pou l’ vin tounen sèvitè nou; epi moun ki vle vin gen premye plas nan pami nou, se pou l’ vin tounen esklav nou.
Se konsa Pitit moun nan pa vini pou l’ fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay lavi l’ pou delivrans kantite moun yo".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan tan n’ap viv jodi a tankou nan tan pase yo, lèzòm toujou manifeste yon swaf, yon anbisyon pou pouvwa. Pètèt li ta vrèman enteresan si pouvwa te toujou mennen nan sèvis.  Nan sans sa, an nou medite sou de mo : pouvwa ak sèvis.
N’ap kòmanse ak premye mo a ki se pouvwa : youn nan bagay anpil moun k’ap viv sou latè ta renmen genyen. Men atansyon frè m’, sè m’! lè w’ rive genyen l’ kijan w’ jere l’? Nan Levanjil sa a, Jezi ap denonse move fason nou konn itilize pouvwa lè nou genyen li epi li envite nou menm kretyen yo pou nou kapab aji yon fason diferan. Nou wè youn nan moun ki te viktim anba pouvwa lògèy lèzòm se Jezi li menm. Depi lè li te fèt, pouvwa wa Ewòd te genyen ak tout lòt moun ki te puisan nan epòk la te vle touye li.
Kalite pouvwa sa yo fè nou viv pi lwen Bondye, yo fè nou prezante bay mond la yon fo imaj sou Bondye, yon Bondye ki pa bay jistis epi ki toupuisan. Nou pa bezwen yon gran save pou nou konprann pouvwa sa yo vle fè nou fou ; se pouvwa ki fè nou vin egoyis, ki fè nou ap toujou ap kouri pou pran premye plas ; se yon pouvwa ki touye zanmitay, renmen ; li rann nou jalou epi li fè nou pèdi dimansyon moun nan nou pote nan nou an.
Jezi di nou, li pa ta renmen nou aji menm jan ak moun sa yo, nou menm ki vle suiv tras li. Nou dwe aprann sèvi. Yon sèvis ki rann nou lib, paske lè nou fin ede yon moun, nou p’ap vire gade a kote pou nou tann yon rekonpans. Yon sèvis ki fè nou reyalize nou kòm moun, ki fè nou anvi bay tèt nou chak fwa pi plis lè se pou ede lòt yo. Gwo pòs yo bèl se vre, men nou p’ap kouri dèyè yo, nou dwe rete lib pa rapò ak tout bagay mond lan ap ofri nou. Pa gen yon pi bèl bagay pase sa lè nou pran yon frè nou nan lari a k’ap soufri epi nou ba li yon plat manje gratis epi nou ofri li lanmou ki sòti nan fon kè nou. Sa bèl anpil lè nou menm paran nou pran responsabilite nou an men, n’ap sèvi pitit nou pou sosyete a demen. Sa bèl anpil lè nou nan yon gwoup legliz, yon koral, n’ap ede lòt yo pou yo kapab viv pawòl Bondye a pi byen.  Envitasyon jodi a, se fè sa nou dwe fè ak tout kè nou pandan n’ap fè li nan tout imilite ak senplisite.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ou menm ki gran nèg, ou fè ou tounen yon ti pòv malere pou ou kapab sèvi. Ede nou sèvi frè ak sè nou yo nan senplisite. Nou mande w’ sa pa pouvwa Jekri, Granmèt nou an. Amèn.

PWOPOZISYON : Ede yon moun ki gen difikilte jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario