Koulè Wouj
DIMANCH RAMO
PREMYE MOSO
LABIB
“Mwen pa kache
fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’ yo, men mwen konnen mwen p’ap wont”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-7
Granmèt la ban m’ yon lang ki gen konesans, pou m’ kapab
soutni moun ki bouke pale a. Depi granmaten, li reveye, granmaten li reveye
zòrèy mwen, pou m’ koute tankou se yon mèt k’ap pale. Granmèt Bondye louvri
zòrèy mwen.
Mwen menm mwen pa fè rebèl ; mwen pa rekile dèyè.
Mwen renmèt kò m’ bay moun yo k’ap frape m’ nan, mwen renmèt figi m’ bay moun
yo k’ap mete vwal sou mwen an ; mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap
maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an.
Granmèt Bondye a ap pote m’ sekou, se pousa mwen pa wont.
Se pousa mwen fè fas mwen tankou wòch ki pi di a, mwen konnen mwen p’ap wont.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 21 8-9. 17-18a. 19-20. 23-24
R/ Bondye, Bondye mwen, pouki sa ou
lage m’?
Tout
moun ki wè m’ yo pase m’ nan jwèt; yo tire lang, yo souke tèt:
“Li
te espere nan Granmèt la, se pou l’ delivre l’; se pou l’ sove l’, paske li
renmen l”.R.
Sèke
anpil chyen sènen m’, yon bann moun mechan fè laviwonn mwen. Yo pèse men m’ ak
pye m’, yo konte tout zo mwen yo.R.
Yo
separe rad mwen yo antre yo, yo tire manto m’ nan osò. Ou menm, Granmèt, pa ret
lwen, fòs mwen, fè vit vin ede mwen.R.
M’ap
rakonte non ou bay frè mwen yo, nan mitan Legliz la m’ap fè lwanj ou. Nou menm
ki respekte Granmèt la, se pou nou fè lwanj li,
tout
ras Jakòb, deklare glwa li, se pou tout ras Izrayèl respekte l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Li rabese tèt li: se pousa Bondye
leve l’ anlè”.
NAN
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2,
6-l1
Jezikri,
malgre se sa Bondye ye a li ye, li pa konsidere ret egal ak Bondye a tankou yon
bagay pou l’ kenbe pou li sèl, men li fè pwòp tèt li vin pa anyen, antan li
pran nati esklav, li vin sanble ak lèzòm, yo rekonèt li tankou moun. Li rabese
tèt li, antan li obeyi jous nan lanmò, epi lanmò lakwa.
Se
pousa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ yon non ki anlè tout non, pou o non Jezi sa
a, tout jenou bese nan syèl, sou tè, ak anba tè, epi tout lang deklare Jezikri
se Granmèt, nan glwa Bondye Papa a.
Pawòl Granmèt la.
SOUFRANS
GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ MAK KI SEN 14,1-15,47
"Yo t’ap chèche kijan
pou yo kenbe Jezi an trèt pou yo touye li".
Se
te Pak la avèk Azim yo aprè de jou; chèf prèt yo ak pwofesè yo t’ap chèche
kijan pou yo sezi Jezi an trèt pou yo touye l’. Men yo t’ap di: "Pa nan
jou fèt la, pou pa gen dezòd nan pèp la".
"Li
anbome kò m’ davans pou lantèman an".
Pandan l’ te Betani, kay Simon, leper
a, li te atab, yon madanm rive avèk yon boutèy losyon kalite siperyè ki vann byen
chè, li kase boutèy la, li vide sou tèt li. Kèk moun te revòlte, yo t’ap pale antre yo, yo t’ap di:
"Pouki gaspiyaj sa a fèt pou losyon an? Yo ta kapab vann losyon sa a plis
pase twasan pyès lajan pou yo bay pòv yo". Yo t’ap pale l’ mal.
Jezi menm di: "Kite l’ trankil.
Pouki sa n’ap trakase l’ la? Se yon
bon aksyon li fè pou mwen. N’ap toujou gen pòv avèk nou, epi, lè n’a vle, n’a
kapab fè yo dibyen; men mwen menm se pa tout tan n’ap genyen m’. Se sa l’
kapab li fè: li anbome kò m’ davans pou lantèman an. An verite mwen di nou,
tout kote y’ap preche bòn nouvèl sa a sou tout tè a, y’ap rakonte tout sa l’ fè
a pou fè sonje l’.
"Yo pwomèt Jida Iskaryòt
pou yo ba l’ lajan".
Jida
Iskaryòt, youn nan douz yo, al jwenn chèf prèt yo, pou l’ renmèt li ba yo. Lè
yo tande sa, yo kontan epi yo pwomèt li y’ap ba l’ lajan. Li t’ap chèche kijan
li t’ap bay li nan yon bon okazyon.
"Kote sal a manje m’
nan, kote pou m’ manje Pak la avèk disip mwen yo"?
Premye
jou Azim yo, lè yo t’ap sakrifye Pak la, disip yo di l’: "Kote ou vle pou n’
al pare pou ou pou ou manje Pak la"?
Li
voye de nan disip li yo, li di yo: "Ale nan vil la, yon mesye ap rankontre
nou, l’ap pote yon krich dlo, suiv li, epi kote l’ antre a, di mèt kay la; Mèt
la di: «Kote sal a manje m’ nan, kote pou m’ manje Pak la ansanm ak disip mwen
yo»? L’a montre nou yon gran sal nan chanmòt la ki tou pare; se la n’a pare pou
nou”
Disip
yo ale, yo rive nan vil la, yo jwenn jan l’ te di a, yo pare Pak la.
"Youn
nan nou ap trayi m’, sa k’ap manje avèk mwen an".
Lè aswè rive, li rive ansanm avèk
douz yo. Pandan yo kouche, y’ap manje, Jezi di: "Amèn, mouin di nou, youn
nan nou ap trayi m’, youn k’ap manje ansanm avèk mwen".
Yo
kòmanse vin tris, yo chak pran di l’: "Èske se mwen"?
Li
di yo? "Youn nan douz yo, k’ap tranpe pen ansanm avèk mwen nan plat la. Pitit moun
nan ap pati, jan sa ekri sou li a men ala malè pou moun sa a ki renmèt Pitit
moun nan! Li ta pi
bon pou li, si moun sa a pa t’ janm fèt".
"Sa a se Kò mwen, sa a
se San mwen, san nouvo alyans la".
Pandan
y’ap manje, Jezi pran pen, li beni l’, li kase l’, li ba yo, li di: "Pran,
sa a se kò mwen". Li pran kalis la, li di mèsi, li ba yo, yo tout yo bwè
nan li. Li di yo: Sa a se San mwen, san nouvo alyans la, ki vide pou tout pakèt
moun yo. Amèn, mwen di nou, mwen p’ap bwè nan fwi pye rezen sa a ankò jous nan
jou sa a kote m’ap bwè l’ tou nouvo nan peyi-wa Bondye a".
"Anvan kòk la chante
de fwa, w’ap gen tan nye m’ twa fwa".
Lè
yo fin chante kantik pou di Bondye mèsi a, yo sòti, y’al sou mòn pye Oliv yo.
Jezi
di: "Nou tout n’ap skandalize poutèt mwen nan nuit sa a menm, paske men sa
ki ekri: «M’ap frape gadyen an, mouton yo ap gaye. Men, lè m’ap fin resisite, m’ap
pran devan nou nan Galile».
Pyè
menm di l’: "Menm si tout moun skandalize poutèt ou, se pa mwen menm".
Jezi
di l’: "Amèn, mwen di ou, jodi a menm, nan nuit sa a menm, anvan kòk la
chante de fwa, w’ap gen tan nye m’ twa fwa.
Li
menm menm li t’ap deklare pi rèd: "Menm si m’ dwe mouri ansanm avèk ou, mwen
p’ap nye ou". Yo tout t’ap di menm jan.
"Li
kòmanse sezi, kè l’ sere".
Yo
rive nan yon jaden yo rele Jetsemani, Li di disip li yo: "Rete isit la
pandan m’ap lapriyè". Li pran Pyè ak Jak ansanm avèk Jan avèk li, li
kòmanse sezi, kè l’ sere. Li di yo: Nam mwen tris jous pou m’ mouri: rete isit
la, veye".
Li avanse yon ti kras, li lage kò l’
atè a, l’ap mande si sa kapab fèt, pou lè sa a pase lwen l’, li di: "Aba,
Papa, tout bagay posib pou ou, fè kalis sa a pase lwen m’; sèlman se pa jan m’
vle, se jan ou vle".
Li rive, li jwenn yo ap dòmi. Li di
Pyè: "Simon, w’ap dòmi? Ou
pa kapab veye inèd-tan? Veye, lapriyè, pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a
rapid, se vre, men chè a fèb".
L’ale
ankò, li lapriyè, li di menm pawòl la. Li tounen ankò, li jwenn yo ap dòmi; je
yo te lou, yo pa t’ konnen ki sa pou yo te reponn li.
"Kenbe
l’, mennen l’ anba kòd".
Pandan
y’ap pale toujou, Jida Iskaryòt la rive, youn nan douz yo, te gen anpil foul
avèk li avèk epe ak baton, se prèt yo ak pwofesè yo ak ansyen yo ki te voye yo.
Sa a ki te trayi l’ la te ba yo siy sa a, li te di: "Sa a m’ap bo a, se li
menm, kenbe l’, mennen l’ antan nou siveye l’ byen".
Lè
yo rive, menm lè a li pwoche kote l’, li di: "Sali, Rabi"; li bo l’.
Yo met men sou li, yo kenbe l’. Youn nan sa k’ te kote l’ yo rale epe l’, li
frape sèvitè gran prèt la, li koupe ti bout zòrèy li.
Jezi
pran lapawòl, li di yo: "Se tankou pou yon vòlè, nou sòti ak epe ak baton
pou nou kenbe m’. Chak jou mwen te lakay nou nan Tanp la, mwen t’ap bay ansèyman
epi nou pa t’ kenbe m’; men se pou sa k’ ekri yo te kapab akonpli. Lè sa a
disip li yo kite l’, yo tout sove kò yo.
Te
gen yon ti gason ki t’ap suiv li, li te abiye ak yon dra sou kò l’ touni; yo kenbe
l’. Li menm, li kite dra a, li sove kò l’ touni.
"Èske
ou se Kris la, Pitit Bondye ki beni an"?
Yo
kondui Jezi bay chèf prèt la, yo rasanble tout prèt yo ak skrib yo ak ansyen
yo. Pyè menm t’ap suiv de lwen, jous anndan an, nan lakou gran prèt la, li
chita avèk sèvitè yo bò dife a l’ap chofe kò l’.
Gran
prèt yo menm ansanm ak tout manb yo ki te rasanble yo, yo t’ap chèche yon temwayaj
kont Jezi, pou yo kondane l’ amò, men yo pa t’ jwenn. Anpil fo-temwen t’ap fè depozisyon
kont li, men temwayaj yo pa t’ akòde. Gen kèk fo-temwen ki leve, yo depoze kont
li, yo di: "Nou te tande l’ di: «M’ap detwi Tanp sa a ki fèt ak men moun
nan, epi nan twa jou m’ap bati yon lòt ki pa fèt ak men moun». Men temwayaj yo a
pa t’ konkòde.
Gran
prèt la leve nan mitan, li poze Jezi kesyon, li di: "Ou pa reponn anyen
nan akizasyon yo depoze kont ou yo"? Li menm li pe
bouch li, li pa reponn anyen. Gran prèt la poze l’ kesyon ankò, li di l’: «Èske
ou se Kris la, Pitit Bondye ki beni an»?
Jezi menm di l’: "Se mwen menm;
epi n’ap wè Pitit moun nan ki chita adwat pouvwa Bondye a k’ap vini ansanm ak nyaj
yo nan syèl la".
Gran
prèt la chire rad li, li di: "Sa nou bezwen temwen ankò? Nou tande blasfèm
nan; sa nou di nan sa"? Yo tout yo kondane l’, yo di li merite lanmò.
Kèkzen
kòmanse krache sou li, yo vwale fas li, yo ba l’ souflèt, yo di l’: "Pwofetize".
Epi sèvitè yo t’ap frape l’ avèk kou.
"Mwen pa rekonèt moun
sa a w’ap pale a".
Pandan
Pyè te anba a nan lakou a, gen yon moun nan sèvitè gran prèt yo ki rive, li wè
Pyè k’ap chofe kò l’, li gade l’ depi anwo jous anba, li di: "Ou menm tou,
ou te avèk Jezi moun Nazarèt la".
Pyè
menm nye, li di: "Mwen pa konnen ni mwen pa konprann sa ou vle di a".
L’ale deyò devan lakou a, epi kòk la chante.
Aprè
sa, sèvant la wè l’ ankò, li kòmanse di moun yo ki te kanpe toutotou yo, li te
nan pami yo. Li menm menm li nye ankò.
Aprè
yon ti moman ankò moun yo ki te kanpe bò kot Pyè a, yo di l’: "Se vre, ou
se youn nan yo, laprèv, ou se Galileyen tou.
Li
menm li kòmanse rele madichon sou li, li fè sèman: "Mwen pa rekonèt moun
sa a n’ap pale a". Menm lè a kòk la chante ankò. Pyè menm sonje pawòl Jezi
te di l’ la: "Anvan kòk la chante de fwa, w’ap nye m’ twa fwa". Li
pran kriye.
"Èske
nou vle mwen lage wa Juif yo"?
Granmaten,
gran prèt yo avèk ansyen yo ak skrib yo ak tout Sanedren an yo rasanble, yo mare
Jezi, yo kondui l’, yo renmèt li bay Pilat. Pilat poze Jezi
kesyon: "Èske ou se wa Juif yo"?
Li menm li pran lapawòl, li di l’:
"Ou di l’". Gran
prèt yo akize l’ sou anpil pwen.
Pilat menm rekòmanse poze l’ kesyon,
ki di: "Ou pa reponn anyen? Gade sou konbyen pwen y’ap akize ou". Jezi
menm pa reponn anyen menm ankò, atèl pwen Pilat te sezi.
Pou
jou fèt la, li te konn abitye lage youn nan prizonye yo ba yo, sa yo te konn
mande a. Te gen youn yo te rele Barabas, yo te arete l’ ansanm avèk moun ki revòlte
yo, pandan revòlt la li te fè yon krim. Lè foul la monte, li kòmanse mande, jan
l’ te konn fè pou yo a. Pilat menm reponn yo, li di: "Èske nou vle pou m’
lage wa Juif yo ba nou"? Li te konnen reyèlman se poutèt jalouzi gran prèt
yo te bay li. Gran prèt yo menm eksite foul la, pou l’ fè lage Barabas pito ba
yo.
Pilat
pran lapawòl ankò, li di yo: "Ki sa nou vle pou m’ fè avèk wa Juif
yo"?
Yo
menm yo rele byen fò: "Kloure l’ sou kwa".
Pilat
menm di yo: "Ki sa l’ fè ki mal"?
Yo
menm yo rele pi fò toujou: "KIoure l’ sou kwa".
Pilat
deside bay pèp la satisfaksyon, li lage Barabas ba yo, li renmèt Jezi pou yo
bat li epi pou yo kloure l’ sou kwa.
"Yo poze kouwòn très
pikan sou li".
Sòlda
yo menm kondui l’ nan lakou prefè a, yo asanble tout foul sòlda yo. Yo abiye l’
ak yon rad wouj, yo poze yon kouwòn très pikan sou li. Yo kòmanse salye l’:
"Sali, wa Juif yo". Yo frape tèt li ak yon wozo, yo krache sou li, yo
ajenou devan l’ pou adore l’.
Lè
yo fin pase l’ nan jwèt, yo dezabiye l’ ak rad wouj la, yo abiye l’ ak pwòp rad
pa l’; yo kondui l’ pou yo kloure l’ sou kwa.
"Yo kondui l’ yon kote
yo rele Golgota".
Yo
poze men sou yon moun ki t’ap pase, pou l’ pote kwa l’ la, yo te rele l’ Simon,
moun Sirèn, li te vin sot nan jaden, se papa Aleksann ak Rufus. Yo
kondui Jezi jous nan plas Golgota a, sa vle di plas anlè tèt la.
"Yo mete l’ ansanm ak
pechè yo".
Yo
ba l’ bwè lami mele ak diven, li pa pran l’. Moun ki te kloure l’ sou kwa a, yo
separe rad li yo, yo jwe zo sou yo, pou yo wè sa chak moun ap jwenn. Se te twazyèm
è a, yo kloure l’ sou kwa. Rezon kondanasyon l’ nan te ekri: "Wa Juif
yo". Yo te kloure de asasen ansanm avèk li sou kwa, youn adwat epi yon lòt
agoch li. Epi sa k’ ekri a te akonpli, sa k’ di a: "yo mete pòsyon pa l’
ansanm ak moun peche yo".
"Li sove dòt, li pa
kapab sove pwòp tèt li".
Moun
ki t’ap pase yo, yo t’ap blasfeme l’, yo t’ap di: "Ebyen, ou menm k’ap
kraze Tanp la pou ou rebati l’ nan twa jou a, se pou ou sove pwòp tèt ou, desann
sot sou kwa a".
Konsa
tou gran prèt yo t’ap pase l’ nan jwèt antre yo, ansanm ak skrib yo, yo t’ap
di: "Li sove dòt, li pa kapab sove pwòp tèt pa l’. Kris, wa Izrayèl la, se
pou l’ desann koulye a sot sou kwa a, pou nou wè, pou nou kwè". Moun yo ki
te kloure sou kwa a ansanm avèk li a yo menm tou yo t’ap joure l’.
"Jezi pouse yon gran
rèl, li rann souf li".
Lè
sizyèm è a rive, fènwa rive sou tout tè a jous nevyèm è a. Nan nevyèm è a, Jezi
pouse yon gran rèl, li di: "Eloyi, Eloyi, lama sabaktani"? sa vle di: "Bondye mwen, Bondye
mwen, pouki sa ou lage m’ nan"?
Kèk
nan sa k’ te kanpe la a, yo tande, yo di: "Gade, l’ap rele Eli". Youn
nan yo kouri, li plen yon eponj ak vinèg, li mete l’ nan pwent yon wozo, li ba l’
bwè, li di: "kite, n’ap wè si Eli ap vin pou l’ desann li".
Jezi menm, lage yon gran rèl, li
rann souf li.
(Isit la, yo fè jenifleksyon,
yo rete yon ti moman an silans).
Vwal Tanp la chire an de, depi anwo
jous anba. Lè santiryon an wè sa, li menm ki te kanpe an fas la, kijan l’ rele
byen fò, epi li rann souf li a, li di: "Vrèman mesye sa a se Pitit Bondye
li te ye". Te gen medam ki t’ap gade de lwen, nan pami yo te gen Mari
Madlèn, ak Mari manman ti Jak ak Jozèf, ak Salome, lè yo te nan Galile, yo te
konn ap suiv li, yo te konn okipe l’, te gen anpil dòt medam tou ki te monte
ansanm avèk li Jerizalèm.
"Jozèf
woule wòch la sou bouch kavo a".
Kòm aswè te deja rive, se te pou preparasyon
an, lavèy saba a, Jozèf moun Arimati a rive, se te yon moun ki gen konsiderasyon,
li te fè pati konsèy la; li menm tou li t’ap tann peyi Wa Bondye a, li antre
kot Pilat avèk asirans, li mande kò Jezi. Pilat menm sezi pou Jezi ta mouri deja, li fè rele santiryon
an, li mande l’ si Jezi te mouri deja. Lè santiryon an fè l’ konnen sa, li renmèt
Jozèf kò a. Jozèf menm achte yon dra, li desann li, li vlope l’ nan dra a, li
poze l’ nan kavo a, ki te fouye nan wòch la, li woule yon wòch sou bouch kavo a.
Mari Madlèn menm ak Mari manman Jozèf t’ap gade kote yo te depoze l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON : Frè ak sè m’ yo, nou kòmanse yon gran mach lafwa depi
mèkredi sann nan, kote n’antre nan gwo tan preparasyon sa a, gwo tan konvèsyon
sa a nou rele Karèm nan. Dimanch Ramo a ak Lapasyon an, vin ede n’ dekouvri
kòman chemen liberasyon an se chemen lakwa a; dimanch Ramo ak istwa soufrans
Granmèt la vin fè n’ dekouvri kòman pa gen Dimanch Pak la si n’ pa pase nan
vandredi sen an, p’ap gen dimanch kè kontan an si pa gen vandredi soufrans lan.
Nan
lavi nou chak, nou gen bezwen kòm kretyen pou nou swiv menm chemen sa a Jezi
Sovè nou an te pran an. Chemen soufrans sa a, se chemen laverite a, se chemen
lajistis la, se chemen kè poze a, se chemen renmen an. Pa gen okenn jès renmen
ki pa mache ak sakrifis la. Nou kapab pran an ekzanp sakrifis paran yo pou
pitit yo. Tout bouske y’ap bouske lavi a, nan tout kalite travay, se pou yo
kapab kenbe lavi kay yo byen dyanm, lavi pitit yo byen dyanm.
Tout
soufrans Jezi te aksepte pran, tout imilyasyon yo, se pou li te kapab rive bay
limanite bon jan ekzanp solid pou montre kòman youn dwe devwe pou lòt, kòman
youn dwe mete yo nan sèvis lòt pou tout moun kapab viv kòm sa dwa.
Pou
travay sa a kapab rive fèt bò kote pa nou kretyen, fòk nou aksepte sa Bondye
vle pou nou, fòk nou pa pè soufrans la, fòk nou pa pè pran chemen sèvis la,
espesyalman sa k’ nan nesesite yo, chemen mache ak moun ki pi pòv yo, defann sa
y’ap toupizi nan kominote n’ap viv la, non sèlman ak pawòl nou men tou ak bon
jan temwanyaj n’ap bay nan fason n’ap viv.
Pwofèt Izayi te di nou, Granmèt la mete
konesans nan li menm pou l’ sèvi sila ki meprize yo, sa k’ san vwa yo. Pou n’
rive fè travay lamisyon an se pou n’ chèche mete n’ an disponiblite pou Bondye,
kite pawòl li yo ap ekzanp li yo gen enpak nan lavi nou, di nou kichòy nan
sosyete n’ap viv jounen jodi a. Mete zorèy nou disponib pou n’ koute Bondye; se
pou nou dispoze kè nou pou n’ chache fè sèlman sa ki fè l’ plezi, pou n’ mete
n’ nan sèvis liberasyon pèp la tankou Jezi ki pa t’ vin fè wè, men ki te ofri
tèt li nèt ale jous li bay lavi li sou kwa a, pou l’ te kite temwanyaj renmen
Papa a pou limanite.
Nan tout demach lafwa n’ap fè chak jou nan
lavi n’ nan travay nou, nan pataj nou yo, nan lapriyè nou yo, nou dwe lage n’
tankou yon timoun nan bra Granmèt la, li menm ki gen solisyon ak tout pwoblèm
nou yo, li menm ki se fòs nou, li menm ki se lwanj nou, laviktwa nou an.
Dezyèm moso Labib la montre n’ ki kalite
imilite Pitit Bondye a te genyen, li menm ki Bondye, li fè l’ tou piti; li menm
ki jij li konsidere tèt li tankou prizonye nan men pechè yo, men se nan
rabèsman sa a li jwenn favè ak konsiderasyon nan men Papa l’, li menm ki konnen
papa l’ p’ap abandone l’, li menm ki konnen limyè a ap gen dènye mo a sou fènwa
a. Se kalite konviksyon sa a nou dwe genyen pou n’ kapab pa fè bak nan misyon
an, pou n’ toujou rete fèm nan laverite, nan renmen, nan jistis, nan tout bon
zèv, menm lè n’ rankontre pèsekisyon devan lèzòm, paske laviktwa final la se
pou nou. Deja nou dwe di tankou sen Pòl: “Mwen
konnen nan ki moun mwen met lafwa mwen”!
Mèvèy leve byen vivan Jezi a nou pral selebre
dimanch Pak la, li makonnen ak mèvèy soufrans li an. Jezi, nan Levanjil la,
pase dènye moman an ak patizan l’ yo, li soupe ak yo, li ofri yo pen ak diven
pataj la tankou pwòp kò l’ ak san l’. San li se lank ki siyen nan kaye Nouvo
Kontra a nòs tout nèf Bondye vin selebre ak pèp li a, pou li kapab genyen lavi
nan li. Deja li montre nan lanmò li, se pou pwòp delivrans lèzòm li bay lavi
li. Yon jès ki chita sou mèvèy renmen ak mizerikòd Bondye pou limanite ki pa t’
menm merite l’. Men renmen Bondye a pi gran pase peche nou yo; mechanste lèzòm
pa ka bloke jenewozite ki genyen nan kè Bondye, li menm ki se mèvèy san fen, ki
se renmen san limit, bonte san parèy. Yo gen pou yo vire je gade sila a yo te
touye a, sila a se Jezikri, Pitit Bondye vivan an, li menm ki se sèl modèl pou
nou swiv si nou vle rive benefisye delivrans li pote a. Se pou Ramo a ede n’
viv deja gwo mèvèy laviktwa lavi a sou lanmò a nou pral viv yon fason espesyal
nan Dimanch leve byen vivan an. Se pou tout lavi n’ kòm kretyen makonnen ak
gran evènman sa a, espesyalman nan lane 2015 sa a, pou n’ kapab chache konprann
lafwa nou, viv li, pwoklame li, anonse li epi temwanye l’ nan kominote n’ap
viv, nan kote n’ap travay yo.
LAPRIYÈ : Granmèt,
mèsi paske ou montre nou chemen lakwa a se chemen viktwa a lè nou mache ansanm
avèk ou. Tanpri konsole tout fanmi ki an dèy akòz gwo aksidan ki pase nan
kanaval Ayiti nan mwa fevriye 2015 la. Sila yo ki mouri yo, tanpri fè yo wè
limyè fas ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : An n’ chèche sanble pi
plis ak Jezi ki mouri epi ki leve byen vivan an nan fason n’ap viv lafwa nou,
nan fason n’ap kominike lafwa nou, nan fason n’ap pwoklame lafwa nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario