Páginas

SAMDI 28

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"M’ap fè yo vin tounen yon sèl nasyon".
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 37, 21-28
Men pawòl Granmèt Bondye:
"Men m’ap pran pitit Izrayèl yo sot nan mitan nasyon yo, kote yo te pati a, m’ap rasanble yo sot tout kote, m’ap mennen yo nan tè yo a, m’ap fè yo vin tounen yon sèl nasyon nan peyi a, sou mòn Izrayèl yo; se yon sèl wa k’ap kòmande yo tout, yo p’ap de nasyon ankò, yo p’ap separe nan de peyi-wa ankò.
Yo p’ap sal ankò nan zidòl yo, nan bagay lèd yo, ak nan tout peche yo; m’ap sove yo sot nan tout kote yo te konn fè peche, m’ap pwòpte yo, y’ap pèp mwen, m’ap Bondye yo.
Sèvitè m’ David ap wa sou yo, se yon sèl gadyen yo tout ap genyen. Y’ap mache nan jijman m’ yo, y’ap kenbe kòmandman m’ yo, y’ap obsève yo. Y’ap abite sou tè a mwen te bay sèvitè m’ Jakòb la, kote zansèt nou yo te abite yo; y’ap abite ladan l’, ni yo menm, ni pitit yo, ni pitit pitit yo pou tout tan, epi David sèvitè m’ nan ap wa yo pou tout tan.
M’ap pase kontra lapè avèk yo, se yon kontra tout tan l’ap ye pou yo, m’ap asire yo, m’ap fè yo vin anpil; m’ap mete Tanp mwen an nan mitan yo pou tout tan, tant mwen an ap nan mitan yo, m’ap Bondye yo, yo menm y’ap pèp mwen; nasyon yo ap konnen mwen se Granmèt la k’ap fè Izrayèl vin sen, paske Tanp mwen an ap nan mitan yo pou tout tan".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Jer 31, 10. ll-12ab. 13 (r.: l0dl
R/ Granmèt la ap veye nou tankou yon gadyen fè pou bann mouton l’.
Koute pawòl Granmèt la, nasyon yo, anonse sa nan zile yo ki lwen yo, di: "Sa a ki te gaye Izrayèl la, l’ap rasanble l’, l’ap veye sou li tankou yon gadyen fè pou bann mouton l’". R.
Granmèt la delivre Jakòb, li delivre l’ sot nan men sa k’ pi fò.
Y’ap rive, y’ap fè lwanj sou mòn Siyon, y’ap vin ansanm nan byen Granmèt yo.R.
Lè sa a vyèj la ap kontan nan dans la, ni jèn jan ni granmoun ansanm; m’ap fè dèy yo-a vi-n tounin kè kontan, m-ap konsolé yo, m-ap fè kè yo kontan nan plas soufrans yo-a.   R.
LEVANJIL
"Se pou pitit Bondye yo, ki te gaye yo, te kapab rasanble vin tounen yon sèl".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 11, 45-56
Lè sa a:
Anpil nan Juif yo, ki te vin kot Mari ak Mat, ki te wè sa Jezi te fè, yo te vin kwè nan li. Men kèk nan yo al jwenn farizyen yo, yo di yo sa Jezi te fè.
Konsa, chèf prèt yo ak farizyen yo rasanble yon reyinyon, yo di: "Ki sa n’ap fè, paske mesye sa a ap fè anpil siy? Si nou kite l’ konsa, tout moun ap kwè nan li, Women yo ap rive, y’ap pran plas nou an ak nasyon nou an". Youn nan yo yo te rele Kayif, ki te chèf prèt ane sa a, li di yo: Nou menm menm nou pa konprann anyen; nou pa reflechi li pi bon pou nou, si yon sèl moun nan mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri".
Bagay sa a, se pa nan li menm sa sòti ki fè l’ di l’; men kòm li te chèf prèt ane sa a, li te anonse davans tankou pwofèt, Jezi te gen pou l’ te mouri pou nasyon an, epi se pa nou nasyon an sèlman men pou pitit Bondye yo, ki te gaye yo, pou yo te kapab rasanble fè yon sèl. Konsa depi jou sa a, yo t’ap reflechi pou yo touye l’.
Jezi menm pa t’ mache an piblik lakay Juif yo ankò, men l’al nan rejyon bò dezè a, nan yon vil yo rele Efrèm, li te rete la ansanm avèk disip li yo.
Pak Juif yo te tou pre, anpil moun te monte Jerizalèm sot nan rejyon yo, pou Pak la, pou yo te kapab sanktifye. Yo t’ap chèche Jezi, youn t’ap pale ak lòt, pandan yo te kanpe nan Tanp la: "Sa ou panse èske li pa vini nan fèt la"? Chèf prèt yo ak farizyen yo te pase lòd pou si yon moun te konnen kote l’ ye, pou l’ te deklare sa, pou yo te kapab arete l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pandan li sou wout la ap monte Jerizalèm, Jezi konnen gen yon bann moun ki deja kondane li davans, paske plis l’ap releve moun yo kilès li ye, plis l’ap bay verite sou pwòp tèt li, plis l’ap anonse wayòm nan, se plis moun ki t’ap koute li yo te divize, se plis yo pa t’ rive antann yo (Jn 11,45-46).
Pawòl negatif Kayif la, « li pi bon pou nou, si yon sèl moun nan mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri» (Jn 11,50), Jezi pral asime pawòl sa pozitivman pou li kapab sove nou gras a sakrifis pwòp tèt li sou kwa a. Jezi, sèl vrè Pitit ki soti nan Papa a, li mouri sou lakwa a akoz lanmou li pou nou chak! Li mouri pou plan Papa te ka tounen yon reyalite, sa vle di, «rasanble tout pitit Bondye yo ki te gaye (Jn 11,52).
Men kalite kreyativite Bondye nou an. Kayif, nan move santiman li, antan ke ideyalis, li sèlman kondane, elimine avèk santans li a (« li pi bon pou nou, si yon sèl moun nan mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri»); okontrè, Bondye li menm, lè li voye Pitit li a granmesi lanmou li gen pou nou, li reyalize yon mèvèy: li fè santans malveyan an tounen yon zèv lanmou, paske pou Bondye Papa a, tout moun gen menm valè ak san Jezi ki koule a!
Nan yon semèn ankò, nou pral chante nan gran fèt Veye Paskal la sa nou rele Anons oubyen pwoklamasyon Pak la.  Atravè mèvèy lapriyè sa a, Legliz la fè lwanj peche orijinèl la. E li pa fè li paske li pa rekonèt gravite li, men paske Bondye, nan bonte li ki san limit la, li fè yon kokenn chenn mèvèy pou bay peche lèzòm yon repons. Li bay «chagren orijinèl la» yon repons ak Enkanasyon an, Sakrifis pèsonèl ak enstitisyon Lekaristi.  Se konsa, litiji a pral chante samdi pwochen: « Ala yon peche ki pote chans avèk li, ki pou fè nou jwenn kalite Sovè sa a! »
Se pou pawòl nou avèk asyon nou pa tounen obstak pou levanjelizasyon an, paske nou menm tou, nou te resevwa nan men Kris la misyon pou rasanble tout pitit Bondye ki gaye: «Ale toupatou! Fè disip pou mwen» (Mt 28, 19).
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè m’ akeyi chak jou delivrans ou a.

PWOPOZISYON:  Konbyen disip mwen fè pou Jezi deja? Reflechi sou sa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario