Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Granmèt la avèk mwen, tankou
yon sòlda ki gen fòs".
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 20, 10-l3
Mwen tande afwon anpil moun ap fè m’,
ak bwi toutalantou: "An nou pèsekite l’, an nou pèsekite l’; tout moun ki
t’ap viv lapè avèk mwen, ki te konn ret tou kole m’: "Si l’ te kapab pran
nan pyèj, pou nou ranpòte laviktwa kont li, pou nou tire vanjans sou li".
Men Granmèt la avèk mwen, tankou yon
sòlda ki gen fòs; se pousa moun k’ap pèsekite m’ yo se yo menm k’ap tonbe, se
yo menm k’ap febli, y’ap wont anpil, paske yo pa t’ konprann lawont tout tan an,
ki p’ap janm efase a. Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm ki eseye sila a
ki kòrèk la, ki wè ren ak kè, se pou m’ wè vanjans w’ap tire sou yo, tanpri;
paske se ou menm mwne devwale koz mwen.
Chante
pou Granmèt la, fè lwanj Granmèt la, paske li delivre nam pòv la sot nan men mechan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
17, 2-3a. 3be-4. 5-6. 7 (r.: cf. 7)
R/
Nan tray mwen
an, mwen rele Granmèt la, li koute m’.
Mwen renmen ou, Granmèt, fòs mwen.
Granmèt, kay defans mwen kachèt mwen,
ak sila a k’ap delivre m’ nan.R.
Bondye mwen, sekou m’ mwen espere
nan li.
Sila a k’ap pwoteje m’, kòn delivrans
mwen, li menm k’ap soutni m’.
M’ap rele Granmèt la ki merite lwanj
la, l’ap sove m’ sot nan men lènmi m’ yo.R.
Lanm dlo lanmò yo vlope m’, ravin Belyal
yo twouble m’; kòd lanfè yo antoure m’, filè lanmò yo sènen m.R.
Nan tray mwen an, mwen rele Granmèt
la, mwen rele kot Bondye m’ nan; li koute vwa m’, antan l’ nan kay sakre l’ la,
rèl mwen rive devan fas li, nan zòrèy li.R.
LEVANJIL
"Yo t’ap chèche sezi l’, li
chape sot nan men yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
JAN 10, 31-42
Lè
sa a:
Juif
yo pran wòch, pou yo kalonnen Jezi. Jezi pran lapawòl, li di yo: Mwen montre
nou anpil bon aksyon ki sot nan Papa m’; pou kilès nan aksyon sa yo n’ap kalonnen
m’ nan"?
Juif
yo reponn li: "Se pa pou yon bon aksyon n’ap kalonnen ou, men se poutèt ou
blasfème, se moun ou ye, epi ou pran pòz Bondye ou".
Jezi
reponn yo: "Èske nan lalwa nou an yo pa ekri: "Mwen di: Se Dye nou ye"?
Si yo di yo se dye, yo menm pawòl Bondye a fèt pou yo a (epi yo pa kapab defèt
sa k’ ekri a), sila a menm Papa a fè sen an, li voye sou tè a, nou di: "Ou
blasfeme, paske ou di: mwen se Pitit Bondye". Si m’ pa fè aksyon Papa m’
yo, nou pa bezwen kwè m’. Men si m’ fè yo, menm si nou pa vle kwè m’, se pou
nou kwè aksyon yo, pou nou konnen, pou nou kwè Papa a nan mwen, mwen nan Papa a".
Konsa
yo t’ap chèche sezi l’, min li chape sot nan men yo. Li pati lòt
bò Jouden an ankò, kote Jan te konn batize anvan an, li ret la.
Anpil
moun vin kote l’, yo t’ap di: "Jan pa t’ fè okenn siy; men tout sa Jan te
di sou li yo se te vre". Anpil moun kwè nan li.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, alòske nou rete yon
semen sèlman pou komemore lanmò Granmèt la, Levanjil la prezante nou rezon ki
fè yo kondane li. Jezi ap eseye montre verite a, men juif yo mal gade li, yo
pran li pou yon gwo blofè, yon moun k’ap bay pawòl tafya e yo kalonnen li ak
kout wòch. Fas ak sitiyasyon sa a Jezi
pale sou zèv Bondye akonpli nan li, Li eksplike yo poukisa li se ‘’Pitit Bondye’’.
Se aksyon li yo ki montre sa… Men yo pa t’ an mezi pou konprann langaj Jezi a.
Jezi pale yo sou cheminman li ak angajman li, bagay ki fè anpil moun konnen li
epi renmen li. Nan kòmansman ministè Jezi, disip yo te mande li: Mèt, ki kote
ou abite? (Jn 1,38). Men sa pa t’ itil anyen: Sa Jezi t’ap di yo a, yo pa t’ an
mezi pou konprann li, sèl moun ki te kapab konprann, se moun ki senp ak moun ki
fè yo piti devan Bondye, paske sekrè Wayòm syèl la pa devwale bay gwo save yo
ak moun ki saj yo.
Jezi
t’ap wè kijan li te ka konvenk yo, men li pa reyisi. Vrèman rezon ki fè yo pral
touye li a, se paske li te di verite sou pwòp tèt li, paske li te fidèl ak sa
li te ye, ak idantite li ak misyon li. Antan ke pwofèt li pral envite moun yo
konvèti, e yo p’ap akeyi envitasyon sa a, Li se nouvo vizaj Bondye e y’ap
krache sou li, li fonde yon fratènite tou nèf e y’ap abandone li.
Yon lòt fwa ankò kwa Granmèt la leve ak tout fòs, tankou yon
vrè drapo, tankou sèl rezon ki pa mande diskisyon: Ala yon Lakwa ki si tèlman
merite admirasyon! Ala kokenn chenn mèvèy
laglwa Papa a! Se nan Lakwa nou kontanple tribinal Granmèt la, jijman mond lan
ak pouvwa sila a ke yo klouwe a. Wi, Granmèt! Ou rale tout bagay vin jwenn ou,
lè ou louvri bra ou, ou lonje men ou sou pèp sa a ki refize kwè a, pèp rebèl
la. Se tout linivè ki konprann kòman
grande ou dwe resevwa lwanj!
LAPRIYÈ:
Granmèt, mèsi pou tout soufrans ak imilyasyon ou te sipòte pou ou te ka sove
mwen. Tanpri, ede m’ pote kwa mwen chak jou: kwa maladi, grangou, pèsekisyon,
imilyasyon, lavi chè, chomaj, elatriye.
PWOPOZISYON: Fè yon ti
reflechi pou wè konbyen fwa mwen kondane Jezi, lè mwen kondane yon frè oubyen
yon sè, lè mwen fè manti sou yon moun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario