Páginas

JEDI 26

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«W’ap papa anpil nasyon».
LEKTI LIV LAJENÈZ 17, 3-9
Jou sa yo: Abram tonbe fas atè.
Bondye di l’: "Se mwen menm, men kontra m’ avèk ou, w’ap papa anpil nasyon. Yo p’ap rele non ou Abram ankò, men y’ap rele ou 'Abraam', paske m’ap fè ou vin tounen papa anpil nasyon. M’ap fè ou vin anpil anpil, m’ap fè ou vin tounen nasyon, gen wa k’ap sòti nan ou.
M’ap pase kontra m’ ant mwen menm ak ou menm, avèk ras ou apre ou, pou jenerasyon yo, kontra pou tout tan, pou m’ Bondye ou ak Bondye ras ou apre ou. M’ap ba ou ni ou menm ni ras ou a peyi kote ou ye kòm etranje a, tout peyi Kanaan an, kòm posesyon pou tout tan, m’ap Bondye yo".
Bondye di Abraam ankò: "Ou menm se pou ou kenbe kontra m’ nan, epi ras ou apre ou, pou jenerasyon l’ yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 4-5, 6-7. 8-9 (r.: 8a)
R/ Granmèt la sonje kontra l’ tout tan.
Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.
Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a.
Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
Li sonje kontra l’ la tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo,
Sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
"Abraam papa nou te danse, pou l’ te wè jou m’ nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 8, 51-59
Lè sa a:
Jezi di Juif yo: "An verite, an verite mwen di nou, si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap janm wè lanmò".
Juif yo di: "Koulye a nou konnen ou gen yon demon. Abraam mouri, ni pwofèt yo; epi ou di: "Si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap goute lanmò menm". Èske ou pi gran pase papa nou Abraam, ki mouri a? E pwofèt yo mouri tou. Ki sa ou konprann ou ye"?
Jezi reponn: "Si mwen fè lwanj pou pwòp tèt mwen, lwanj mwen an pa anyen; se Papa m’ k’ap fè lwanj mwen, li menm nou di se Bondye nou an, nou pa konnen l’. Mwen menm mwen konnen l’; e si m’ di mwen pa konnen l’, m’ap tankou nou, m’ap bay manti. Men mwen konnen l’, mwen kenbe pawòl li. Abraam papa nou te danse pou l’ te wè jou m’: li wè l’, li kontan".
Juif yo di l’: "Ou pa ko gen senkantan, epi ou wè Abraam"?
Jezi di yo: "An verite, an verite mwen di nou: anvan Abraam te kòmanse ekziste, mwen la".
Yo ranmase wòch, pou yo voye sou li; Jezi menm kache kò l’, li sòti nan kay sakre a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Sen Jan mete nou fas ak yon manifestasyon Jezi nan Tanp la. Sovè a revele yon reyalite ke juif yo pa t’ konnen: «Abraam papa nou te danse pou l’ te wè jou m’: li wè l’, li kontan». Tout juif yo te konnen Bondye te pase yon alyans avèk Abraam, kote li te pwomèt delivrans (benediksyon) pou tout pitit li ak pitit pitit li. Men juif yo pa t’ konnen jous ki kote limyè Bondye a te kapab klere. Kris la fè yo konnen Abraam te wè jou Mesi a nan jou Granmèt la.
Nan revelasyon sa a, Jezi demontre ke li pa gen yon vizyon limite sou Bondye. Men, sitou, Li manifeste li tankou yon prezans ki te ekziste davans e ki prezan nan tan Abraam. Yon ti tan aprè, lè diskisyon an byen chofe, lè juif yo di Jezi l’ap fè manti, puiske li pa ko gen senkant lane, Li di yo: «Anvan Abraam te kòmanse ekziste, mwen la» (Jan 8,58). Nan sans sa a Jezi pwoklame divinite li; juif yo te kapab konprann li trè byen e yo te kapab kwè nan Li si yo te gen plis konesans sou Papa a.
Doktrin Kris la plis ke yon pakèt règ moral, tankou pou lanmou ak padon. Krisyanism la se lafwa yon moun. Jezi se Bondye, e li se yon moun tout bon. Bondye ki kòrèk nèt, moun ki kòrèk nèt. Nan yon bèl lapriyè li te fè, Sen Ilè de Pwatye te ekri: « Ba nou sans ekzak pawòl yo, limyè entelijans la, noblès langaj la, lafwa kòrèk la; sa nou kwè a, fè nou gras pou nou kapab afime li tou. Sa vle di, puiske granmesi pwofèt yo ak Apot yo nou konnen yon sèl Bondye, ou menm, Papa a, ak yon sèl Granmèt, Jezikri, se pou nou kapab selebre ou kòm Bondye, epi rann Pitit ou a temwayaj, li menm ki sanble ak ou tèt koupe nan tout bagay la».
LAPRIYÈ: Granmèt, ede nou viv nan amoni ak pwòp tèt nou, ede nou gade reyalite lavi yon lòt fason. Ede nou kwape tout prejije nou yo ki fè nou avèg e ki fè nou pa kapab ni antann nou ni fè pwogrè. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Re-afime lafwa mwen nan Jezi, ki se Sovè limanite. Kenbe pawòl Jezi yo, pratike kòmandman li yo pou lavi ka boujonnen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario