Koulè Blan
ANONSYASYON
GRANMÈT LA
(Gran Fèt).
PREMYE MOSO LABIB
“Men Vyèj la ap vin ansent”.
NAN
LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14; 8, 10
Jou
sa yo:
Granmèt
la pale avèk Akaz, li di: “Mande Granmèt Bondye ou la yon siy ba ou, nan fon
anba a oubyen anwo nèt la”.
Akaz
di: “Mwen p’ap mande, mwen p’ap tante Granmèt la”.
Izayi
di: “Koute, kay David: èske sa twò piti pou nou, pou n’ap fatige lèzòm, pou nou
rive fatige Bondye m’ nan? Se poutèt sa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men Vyèj la
ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye
avèk nou”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 39, 7-8a. 8b-9. 10.11
R/
Men m’ap
vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Sakrifis ak kado ou pa t’ vle sa,
men se zòrèy ou fouye pou mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’
mande sa, lè sa a mwen di: “Men m’ap vini.R.
Nan
woulo liv la yo ekri sou mwen pou m’ fè volonte ou.
Bondye
m’, mwen vle, lalwa w’ la nan fon kè m”.R.
Mwen
anonse jistis ou nan gran asanble a; men po bouch mwen, mwen pa anpeche yo,
Granmèt, ou konnen.R.
Jistis ou a, mwen pa kache l’ nan kè
m’, verite w’ la ak delivrans ou a, mwen deklare yo. Mwen pa kache kè sansib ou a ak
verite w’ la nan gran asanble a.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Nan tèt liv la, yo ekri sou mwen,
pou m’ fè volonte ou, Bondye”
NAN
LÈT EBRE YO 10, 4-10
Li
pa posib pou san towo ak bouk wete peche. Se pousa lè Jezikri ap antre sou tè
a, li di: “Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, se yon kò ou fòme pou mwen;
sakrifis pou peche pa t’ fè w’ plezi; lè sa a atò mwen di: “Men m’ap vini; nan
tèt liv la yo ekri osijè m’, pou m’ fè volonte ou, Bondye”.
Pi
wo a, li te di: “sakrifis ak kado ak sakrifis pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa
pa t’ fè ou plezi, sa yo konn ofri daprè lalwa a, lè sa a mwen di: “Men m’ap
vini pou m’ fè volonte ou, Bondye”; li wete premye a, pou l’ enstale sa k’ vin
aprè a. Se nan volonte sa a nou vin sen, gras a sakrifis kò Jezikri yon fwa pou
tout.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Men w’ap ansent, w’ap anfante yon
ti gason”
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38
Lè
sa a:
Bondye
voye zanj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj, ki te
fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari.
zanj
la antre kote l’, li di: “Se pou kè ou kontan, ou menm ki plen gras, Granmèt la
avèk ou, ou beni pami tout fi”. Lè l’ tande sa, li twouble poutèt
pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj la di l: “Pa pè, Mari; ou jwenn
gras kot Bondye; men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele
non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye
ap ba li twòn David papa l’ la, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout
tan, rè li p’ap janm fini”.
Mari di zanj la: “Kijan pou sa fèt,
paske lèzòm mwen pa konnen”.
Zanj la reponn, li di l’: “Lespri
Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se
pousa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men
Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li a, mwa
sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele pa kapab fè pitit la; paske anyen pa
enposib kot Bondye”.
Mari di: “Men sèvant Granmèt la; se
pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a”. Zanj la pati kite l’.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi Legliz ap fete Anonsyasyon Granmèt
la. Nan anons nesans la, nou deja kontanple anons misyon an. Se yon anons ki
pote nouvote, paske Pitit Bondye a pral fèt nan vant yon ti fi ki vyèj :
Mari ki vyèj. Se nouvo paske se pa ni nan tanp lan ni pa yon prèt, ni Jerizalèm
ke Bondye manifeste grandè li kòm Sovè nou, men se pa lentèmedyè yon tifi ki
t’ap viv nan yon vilaj ke anpil moun pa t’ menm konnen nan Galile. Se sa menm
yon nouvo kontra, se sa menm yon nouvèl alyans.
Mari gen rezon pou kè li
kontan, paske zanj lan pote pou li yon bòn nouvèl : li di li l’ap vin Manman
Bondye (Jezi= Bondye sovè). L’ap
gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn
David papa l’ la.
Lik vle montre nou
siperyote Jezi sou Jan Batis, prekisè li a, sila ki t’ap prepare chemen an. Men
se pa yon grandè ki chita sou logèy, sou pouvwa politik ak ekonomik, se yon
grandè ki reflete nan sèvis, nan misyon pòt an pòt, nan pataj, nan gerizon, nan
lanmou, nan imilite ak nan solidarite. Se pou sa menm Bondye chwazi tounen moun
nan vant yon tifi ki sòti nan yon lokalite trè rekile, san enpòtans jewografik
e politik ak ekonomik, yon ti demwazèl ki pa gen gwo ran sosyal.
Nou menm nou gade moun
sou aparans, men Bondye li menm li gade kè moun, li gade moun sou pa anndan. Pou
Lik vijinite Mari a gen yon sans espirityèl ki pèmèt nou dekouvri grandè Bondye
nan lavi moun ki sèvi li ak tout kè, moun k’ap mennen yon lavi selon pawòl li,
selon prensip li yo.
LAPRIYÈ : Granmèt tanpri, menm jan ak Mari, fè m’ gen kouraj pou mwen mete ti
pwojè pa mwen yo sou kote pou mwen antre nan gran pwojè liberasyon ou gen pou
tè a.
PWOPOZISYON : Menm jan avèk Mari, an
nou fè nou disponib pou Bondye. An nou kolabore ak Bondye pou pote konkou bay
lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario