Koulè
Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Moun ki te
pike, kon l’ gade sèpan an kuiv la, li viv".
LEKTI LIV NONB 21, 4-9
Jou sa yo:
Ebre yo pati sot sou mòn Or la, nan chemen ki kondui nan
lanmè wouj la, pou yo fè tout tou peyi Edòm nan. Pèp la kòmanse fatige ak vwayaj
li ak tray. Li pale kont Bondye ak Moyiz, li di: "Pouki nou te fè nou sòti
Lejip, pou nou mouri nan savann nan? Pa gen pen, pa gen dlo, nam nou kòmanse degoute
avèk manje fad sa a".
Se pousa Granmèt la voye koulèv mechan k’ap flanbe nan
pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun yo mouri, anpil moun vin kot
Moyiz, yo di: "Nou fè peche, paske nou pale kont Granmèt la ak kont ou menm:
lapriyè pou l’ wete koulèv mechan sa yo sot kote nou". Moyiz lapriyè pou
pèp la.
Granmèt la pale ak li: "Fè yon koulèv mechan ak
kuiv, mete l’ kòm yon siy: moun koulèv mechan yo mòde, lè l’ gade l’, l’ap
viv". Moyiz fè yon koulèv avèk kuiv, li mete l’ kòm siy, kon moun koulèv te
mòde yo gade l’, yo vin geri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 101,
2-3. 16-18. 19-21 (r.: 2)
R/
Granmèt,
koute priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou.
Granmèt, koute priyè m’, fè rèl mwen
an rive kote ou.
Pa kache fas ou lwen m’; nan nenpòt
jou m’ap pase tray la, panche zòrèy ou kote m’.
Nan nenpòt jou mwen rele ou, fè vit
reponn mwen.R.
Nasyon yo ap respekte non ou,
Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte bèlte ou la;
paske Granmèt la ap bati Siyon, l’ap
parèt nan bèlte l’.
L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li
p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon
an, pèp k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la.
Sèke
li panche sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a antan l’ nan
syèl la;
Pou
l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
LEVANJIL
"Lè n’a leve Pitit moun nan
anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm".
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 8, 21-30
Lè
sa a Jezi di farizyen yo:
"M’aprale,
epi n’ap chèche m’, men n’ap mouri nan peche nou. Kote m’a prale a, nou menm
nou pa kapab vini".
Juif
yo t’ap di: "Èske l’a pral touye tèt li, ki fè l’ap di: "Kote m’a prale
a, nou menm nou pa kapab vini an"?
Li
t’ap di yo: "Nou menm se anba nou sòti, mwen menm se anwo mwen sòti; nou menm
se sou tè sa a nou sòti, mwen menm mwen pa sòti sou tè sa a. Mwen di nou n’ap
mouri nan peche nou yo; si nou pa kwè se mwen menm, n’ap mouri nan peche
nou".
Yo
t’ap di l’: "Ou menm ki sa ou ye"?
Jezi di yo: "Kòmansman an, k’ap
pale avèk nou an. Mwen
gen anpil bagay pou m’ di sou nou, pou m’ jije. Men sila a ki voye m’ nan, li
vre; mwen menm se sa m’ tande nan men l’, se sa mwen di sou tè a". Yo pa t’
konprann li t’ap di Bondye se Papa l’".
Jezi
di yo: "Lè n’a leve Pitit moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm,
mwen pa fè anyen ak pwòp fòs mwen; men se jan Papa m’ aprann mwen an, se konsa
mwen pale. Sila a ki voye m’ nan, li avèk mwen, li pa kite m’ sèl, paske mwen menm
se sa k’ fè l’ plezi se sa mwen fè tout tan". Lè l’ di sa, anpil moun vin
kwè nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, senkyèm madi nan tan Karèm nan, kote nou rete yon sèl
semèn pou noukontanple Soufrans Granmèt la, Li envite nou gade li lè l’ap
libere nou an sou lakwa a: « Jezikri se Gran Prèt nou an, kò li ki si tèlman
gen valè a se sakrifis nou ke li te prezante sou lotèl Lakwa a pou tout moun
kapab sove» (S. John Fisher).
«Lè
n’a leve Pitit moun nan anlè…» (Jn 8, 28). Vrèman vre, Kris la yo klouwe a —
Kris la yo leve anlè a — se pi gran siy definitif lanmou Papa a pou Limanite ki
te tonbe plat atè a. Bra li yo ki ouvè a ant syèl la ak tè a, trase siy amitye
li pou tout tan avèk nou menm, moun. Lè nou wè kijan yo leve li anlè devan je nou ki plen
peche a, nou va konprann de Li menm li se sila ki toujou la (cf. Jn 8,28). Epi
se konsa, menm jan ak juif yo ki t’ap koute li, nou menm tou nou va kwè nan Li.
Se sèl zanmitay ki mankonnen avèk lakwa ki kapab fè nou
konprann tout bon vre pwofondè kè Redanmtè a. Se pou rezon sa ki fè nou pa
kapab pale de yon levanjil san lakwa, yon levanjil ki pa mele ak santiman
mòtifikasyon kretyen an, oubyen ki kontamine nan anviwònman payen an, ki
anpeche nou konprann enpòtans soufrans la genyen pou liberasyon nou.
An nou gade kwa Jezi a nan yon
atitid kontanplasyon. San nou pa fè bwi ak pawòl nan bouch nou, nou kapab mande
Jezi: «Kilès ou ye? » (Jn 8, 25). L’ap reponn nou: «Mwen se Chemen an, Verite a
ak Lavi a» (Jn 14, 6). Jezi ap di nou li se pye rezen an, si nou menm branch yo
pa kole sou li, ebyen nou p’ap kapab pote fwi, paske se Li menm ki gen pawòl
lavi ki p’ap janm fini an. Si nou pa kwè li menm li la, ebyen n’ap mouri nan peche nou
yo. Men, si nou aprann tande li k’ap ba nou asirans ke Papa nan mitan nou e li
p’ap janm abandone nou, ebyen n’a viv e, depi sou tè sa a nou va kòmanse goute
lavi syèl la. Se konsa li enpòtan pou
nou imite Pitit la antan n’ap fè sa ki fè Papa a plezi.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, koute priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou. Pa kache
fas ou lwen m’; nan nenpòt jou m’ap pase tray la, panche zòrèy ou kote m’. (Sòm
101)
PWOPOZISYON: M’ap pran
tan pou koute yon moun ki nan difikilte. M’ap ede li nan mezi mwen kapab.
No hay comentarios:
Publicar un comentario