Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Men m’ap mouri
san m’ pa fè anyen nan bagay sa yo”.
NAN
LIV PWOFÈT DANYÈL 13. 1-9. 15-17. 19-30. 33-62
Jou
sa yo:
Te
gen yon mesye ki te abite Babilòn, yo te rele non l’ Jowakim; li te marye ak
yon fi yo te rele Sizán, pitit fi Èlsyas, li te bèl anpil, li te respekte
Bondye: sèke paran l’ yo te kòrèk, yo te fè ledikasyon pitit fi yo a daprè
lalwa Moyiz la. Jowakim nan te rich anpil, li te gen yon jaden tou kole lakay
li; Jwif yo te konn vin lakay li anpil, paske li te yon moun respektab nan pami
tout moun.
Ane
sa a, nan pèp la yo te enstale de ansyen kòm jij, se osijè yo Granmèt la te
pale: “Peche a sòti nan Babilòn, nan ansyen yo ki jij yo, yo menm ki gen wòl
pou dirije pèp la”. Yo te konn frekante kay Jowakim nan; tout moun ki te gen
koz pou regle, yo te konn vin kote yo. Lè pèp la te konn pati vè midi, Sizán te
konn antre, li te konn pwomennen nan jaden mari l’ la. Chak jou ansyen yo te
konn wè l’ ap antre, ap pwomennen, lanvi yo t’ap boule pou li, yo pèvèti sans
yo, yo bese je yo, pou yo pa wè syèl la, pou yo pa sonje jijman ki kòrèk yo.
Rive,
kòm yo te veye yon jou ki ranje yo, madanm nan antre jan l’ te konn abitye fè
ni yè ni avantyè avèk de jèn fi sèlman, li te li te vle benyen nan jaden an,
paske l’ te fè cho. Pa t’ gen pèsonn la sof de granmoun yo ki te kache, ki t’ap
ekzamine l’. Li di jèn fi yo: “Pote savon ak losyon pou mwen, epi fèmen pòt
jaden an, pou m’kapab benyen.
Kon
ti fi yo sòti, de granmoun yo leve, yo kouri kote l’, yo di: “Men pòt jaden an
fèmen, pèsonn pa wè nou, nou anvi ou; se pou ou konsanti ba nou, pou ou gen
relasyon avèk nou. Si ou pa vle, n’ap sèvi temwen kont ou, n’ap di te gen yon
jenòm avèk ou, epi se pousa ou te ranvwaye ti fi yo sot kote w’ la”.
Sizán
plenn, li di: “Tray ap sere m’ tout kote; sèke si m’ fè bagay sa a, se lanmò
pou mwen; men si m’ pa fè l’, mwen p’ap chape sot nan men nou; epoutan li pi
bon pou mwen pou m’ tonbe nan men nou san m’ pa fè sa, pase pou m’ fè peche
devan fas Granmèt la”. Sizán pouse yon gran rèl, men granmoun yo pouse yon gran
rèl tou kont li, youn nan yo kouri nan pòt jaden an, li louvri l’.
Lè
sèvitè kay la tande rèl nan jaden an, yo kouri nan ti pòt dèyè a, pou yo wè sa
k’ genyen. Lè granmoun yo fin pale, sèvitè yo vin wont anpil, paske yo pa t’
janm tande kalite pawòl konsa sou do Sizán.
Landmen
rive. Lè pèp la vin kay Jowakim, mari l’ la, de granmoun yo vini tou, yo te
plen move panse kont Sizán, pou yo touye l’. Yo te di devan pèp la: “Voye
chèche Sizán, pitit fi Èlzyas la, madanm Jowakim nan”. Menm lè a, yo voye
chèche l’. Li rive avèk paran l’ yo avèk pitit li yo avèk tout fanmi l’ yo.
Moun lakay li yo t’ap kriye, ni tout moun ki te konnen l’.
De
prèt leve nan mitan pèp la, yo poze men yo sou tèt li. Li menm, li kriye, li
leve je l’ gade syèl la: sèke kè l’ te gen konfyans nan Granmèt la. Prèt yo di:
“Pandan nou t’ap pwomennen nan jaden an pou kont nou, sila a antre avèk de jèn
fi, li fèmen pòt jaden an, li ranvwaye ti fi yo sot kote l’; gen yon jenòm ki
te kache, li rive, li fè move aksyon avèk li. Sèlman nou menm, kòm nou te nan
kwen jaden an, nou wè peche a, nou kouri sou yo, nou wè yo toulède ap fè move
aksyon. Li menm menm nou pa reyisi kenbe l’, paske li gen plis fòs pase nou, li
louvri pòt yo, li sove. Fi sa a menm, nou kenbe l’, nou poze l’ kesyon, nou
mande l’ kilès jenòm sa a, li refize deklare nou. Se bagay sa a nou temwen”.
Foul
la kwè yo, paske se ansyen ak jij pèp la yo te ye, yo kondane madanm nan pou l’
mouri.
Sizán
rele byen fò, li di: “Bondye ki ekziste
tout tan, ou menm ki konnen sa k’ kache, ou menm ki konnen tout bagay anvan yo
rive, ou konnen se temwayaj ki pa vre yo depoze kont mwen. Men m’ap mouri, san
m’ pa fè anyen nan bagay sa yo mesye sa yo envante avèk mechanste kont mwen an”.
Granmèt
la koute vwa l’. Pandan y’ap kondui l’ nan lanmò, Granmèt la drese lespri sen
yon jèn ti gason, yo te rele l’ Danyèl; li rele byen fò: “Mwen inosan nan san
madanm sa a”. Tout pèp la vire kote l’, yo di l: “Ki kalite pawòl sa a ou di
a?” Li menm menm, li kanpe nan mitan yo, li di: “Se konsa nou aji san reflechi,
pitit Izrayèl yo? nou pa menm jije, nou pa menm konnen sa k’ vre, nou kondane
yon pitit fi Izrayèl. Tounen nan jijman an, paske se temwayaj manti yo depoze
kont li”.
Konsa
pèp la tounen byen vit, granmoun yo di l’: “Vini, chita nan mitan nou, montre
nou laverite, paske Bondye ba ou konsiderasyon vyeyès”. Danyèl di yo: “Separe
yo lwen youn sot kot lòt, m’ap jije
Yo”.
Lè
yo fin separe yo youn sot kot lòt, li rele youn nan yo, li di l’: “Ou menm ki
vyeyi nan mal, koulye a peche w’ yo fè mas, peche sa yo ou t’ap fè depi lontan
an, lè ou te konn ap jije jijman ki pa kòrèk yo, lè ou te konn ap kraze inosan
yo, ou te konn ap lage koupab yo, malgre Granmèt la di: “Pa touye inosan an ak
sila a ki kòrèk la”. Ebyen koulye a, si ou te wè l’, di anba ki pye bwa ou te
wè yo ap pale ansanm”. Li di: “Anba yon pye bwa-d-chèn”. Danyèl di: “Se sou
pwòp tèt ou ou fè manti a tou dwat: sèke men Mesaje Bondye a, li resevwa
rezilta jijman an nan men l’, l’ap koupe ou nan mitan”.
Li
voye l’ ale, li pase lòd pou lòt la vini, li di l’: “Ras Kanaan, ou pa ras
Jida, bèlte a pran ou nan pyèj, move lanvi a pèvèti kè ou. Se konsa nou aji
avèk pitit fi Izrayèl yo, epi yo te konn pè nou, yo te konn pale avèk nou; men
yon pitit Jida pa sipòte peche nou an. Koulye a, ebyen, di m’ anba ki pye bwa
ou te pran yo ap pale ansanm”. Li di “Anba yon pye kaliptis”. Danyèl di l’:
“Manti sa a ou fè a, se sou tèt ou tou dwat l’ap tonbe: sèke Mesaje Granmèt la
deja rèt la, li gen epe a nan men l’, l’ap koupe ou nan mitan, l’ap touye nou”.
Konsa
tout foul la rele byen fò, yo fè konpliman pou Bondye, ki sove moun ki mete
espwa sou li, yo fonse sou de ansyen yo (sèke Danyèl te konvenk yo ak pwòp
bouch yo sou temwayaj manti a yo te fè a), yo fè yo sibi mal la yo te vle fè
pwochen yo sibi a, konsa yo aji daprè lalwa Moyiz la, yo touye yo, yo sove yon
san inosan jou sa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 22, l-3a. 3b-4. 5. 6
R/ Si
m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen.
Granmèt
la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’: nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo
trankil li Mennen m’, li refè nanm mwen.R.
Li
kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’. Sèke menm si m’ap mache nan bafon
lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se
yo k’ap konsole m’.R.
Ou
pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray; ou swen tèt mwen
ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman
vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan
lakay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
"Moun ki san peche nan pami nou
an, se li menm an premye ki pou voye wòch la sou li".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 8.
12-20
Lè sa a:
Jezi pale avèk farizyen yo, li di:
"Mwen se limyè tè a; moun k’ap suiv mwen, li p’ap mache nan fènwa, men
l’ap gen limyè lavi a".
Farizyen yo di l’: "W’ap sèvi
pwòp tèt ou temwen; temwayaj ou a pa vrè".
Jezi pran lapawòl, li di yo:
"Menm si m’ap sèvi pwòp tèt mwen temwen, temwayaj mwen an vrè, paske mwen
konnen kote m’ sòti epi kote m’ a prale; nou menm menm nou pa konnen ni kote m’
sòti ni kote m’a prale. Nou menm n’ap jije daprè chè a, mwen menm menm mwen pa
jije pèsòn. Epi si m’ jije, jijman m’ nan vrè, paske mwen pa pou kont mwen, men
se mwen menm avèk sila a ki voye m’ nan, Papa a. Nan lalwa nou an, yo ekri se sou
temwayaj de moun pou yo asire laverite a. Mwen sèvi pwòp tèt mwen temwen, epi
Papa a tou sèvi m’ temwen, li menm ki voye m’ nan".
Yo
t’ap di l’: "Kot Papa w’ la"?
Jezi
reponn: "Nou pa konnen ni mwen menm ni Papa m’; si nou te konnen m’, nou
ta kapab konnen Papa m’ tou".
Jezi
deklare pawòl sa yo nan sal kèt la, antan l’ t’ap bay lansèyman nan kay sakre
a; pèsòn pa met men sou li, paske lè l’ pa t’ ko rive.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pawòl Bondye pou jodi a
envite nou pote bon jijman sou moun ; sa vle di, evite pote jijman sou
moun san ou pa konnen li byen osinon akoz enterè ou ki menase. Nan premye lèkti
a, nou wè sitiyasyon Suzàn. Moun ki te vle eksplwate li seksyèlman te fè fo
temwayaj sou li, yo te akize li kòmkwa li te kouche ak lòt gason ki pa mari li.
Nou konnen nan tan sa a akizasyon sa a te kapab pote lanmò. Nan Levanjil la tou
nou wè Farizyen ki vle jije Jezi paske yo pa konnen kote li sòti. Nan ka Suzàn
Bondye te fè li prezan a travè lòt moun pou defann li. Jezi tou, tankou pitit
Bondye, te gen fòs Lespri a ak li pou l’ te ka defann tèt li devan Farizyen yo.
Se vre nou ka toujou genyen moun ki pran pou nou nan yon
sitiyasyon difisil nou twouve nou, men sa ki pi enpòtan se inosans nou ak
laverite. Lè nou inosan, tankou nan ka Suzán, nou pa gen anyen pou nou pè. Nou
inosan epi fè Bondye konfyans, konsa l’ap defann kòz nou, pafwa atravè moun nou
pa panse osinon moun nou menm konn panse ki lènmi nou. Farizyen yo te konprann
Jezi mal paske li te di li se limyè epi li bay temwanyaj pou tèt li. Yo pa t’ ka konprann
Jezi se moun Bondye voye a paske entèrè yo te menase. Men Jezi, paske li konn
kilès li te ye, te kanpe dyanm devan yo. Sa fè nou wè yon moun ki gen Bondye ak
li ap ka kanpe dyanm nan move sitiyasyon lavi a.
Jije moun se yon bagay nou fò ladan li. Anpil
fwa jijman nou yo se pa pou nou ede lòt la pran konsyans de eta li sinon pou
nou detwi li ak detwi repitasyon li. Men san nou pa rann nou kont Bondye toujou
voye yon lòt moun oubyen li konn prezan nan yon evènman pou li ede moun sa yo. Paske nou konn fè tout
sa nou kapab pou nou detwi yon moun men nou pa kapab. Konsa tou nou konn viktim
epi nou konn wè Bondye delivre nou san nou konn pa menm rann nou kont.
LAPRIYÈ : Granmèt, fè m’ lagras kontwole mwen nan jijman m’ap pote sou frè ak sè
mwen yo. Ou ban mwen yo pou m’ede yo grandi ak ede yo viv pi byen sou tè a. Ede
m’ toujou sonje misyon sa a. Amèn !
PWOPOZISYON : M’ap fè jefò jodi a pou
m’ pa pote okenn move jijman sou pwochen mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario