Koulè
Vyolèt
SENKYÈM DIMANCH KARÈM-ANE B
PREMYE LEKTI
"M’ap pase
yon nouvo kontra, mwen p’ap sonje peche a ankò".
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 31, 31-34
"Men jou k’ap rive, deklarasyon Granmèt la, m’ap pase
yon kontra nouvo avèk Izrayèl la, avèk kay Jida a ; se pa tankou kontra a
mwen te pase avèk zansèt yo a, jou mwen te pran men yo a, pou m’ kondui yo sot
nan peyi Lejip la, kontra sa a, se yo menm ki te kase l’, mwen menm mwen te fè
yo santi pouvwa m’, deklarasyon Granmèt la.
Men se sa a k’ap kontra a m’ap pase avèk kay Izrayèl la
aprè jou sa yo, deklarasyon Granmèt la: m’ap mete lalwa m’ nan nan zantray yo,
m’ap ekri l’ nan kè yo, m’ap Bondye yo, yo menn; y’ap pèp mwen.
Pèsòn p’ap anseye pran l’ak frè l’ankò, antan l’ap di :
"Se pou ou konnen Granmèt la"; Sèke tout moun ap konnen m’ depi pi
piti nan yo jous nan pi gran an, deklarasyon Granmèt la ; paske m’ap
padonnen fòt yo, mwen p’ap sonje peche ankò".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50,
3-4. 12-13. 14-15 (r: 12a)
R/
Kreye yon kè
nèt nan mwen, Bondye.
Pitye pou mouin, Bondye, daprè kè
sansib ou; daprè kantite bon kè ou, efase fot mwen an.
Leve m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte
m’ sot nan peche m’ nan.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye,
refe yon lespri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen ou
nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan delivrans ou a,
asire m’ ak lespri ki pi vif la.
M’ap aprann moun ki nan peche yo chemen
ou yo, mechan yo ap tounen vin jwenn ou.R.
DEZYÈM LEKTI
"Li
aprann obeyisans, li vin tounen koz delivrans ki p’ap janm fini an".
LEKTI
LÈT POU EBRE YO 5,7-9
Frè
m’ yo:
Jezikri,
nan jou li te pase nan chè a, li te ofri priyè ak plent avèk gran rèl ak dlo
nan je kot sila a ki te kapab sove l’ sot nan lanmò a, priyè l’ la jwenn rezilta
poutèt respè l’. Malgre se Pitit Bondye li te ye a, li te aprann obeyisans nan
sa l’ soufri yo, lè l’ rive nan bout chemen pou l’ te rive a, li vin tounen koz
delivrans tout tan pou tout moun k’ap obeyi l’, Bondye rele l’ prèt an chèf nan
ran Mèlkisedèk.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Si grenn ble a ki tonbe nan tè
a mouri, l’ap donnen anpil fwi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
12, 20-33
Lè
sa a:
Te
gen kèk payen nan moun ki te monte pou yo adore nan jou fèt la. Yo rive kot
Filip, ki te moun Betsayid Lagalile, yo lapriyè l’, yo di: "Mèt, nou vle wè
Jezi". Filip vini, li di Andre sa, Andre menm ak Filip di Jezi sa. Jezi menm
reponn yo, li di:
"Lè a rive pou yo wè sa Pitit
moun nan ye. An verite, an verite, mwen di nou, si grenn ble a ki tonbe nan tè a
pa mouri, l’ap ret pou kont li; men si l’ mouri, l’ap donnen anpil fwi. Moun ki
renmen nam li, l’ap pèdi l’, men moun ki rayi nam li sou tè sa a, l’ap kenbe l’
pou lavi ki p’ap janm fini an. Si
yon moun ap sèvi m’, se pou l’ suiv mwen; kote m’ ye a, se la tou sèvitè m’ nan
ap ye. Si yon moun ap sèvi m’, Papa m’ ap fè l’ jwenn konsiderasyon.
Koulye a nam mwen twouble: ki sa pou
m’ di? Papa, sove m’ sot nan lè sa a. Men se
pousa mwen vin nan lè sa a. Papa, fè wè bèlte non ou".
Yon
vwa rive sot nan syèl la. "Mwen fè wè bèlte l’, m’ap fè wè bèlte l’
ankò". Foul la menm, ki te kanpe, ki t’ap koute, li t’ap di se yon kout
loraj ki rive; dòt menm t’ap di: "Yon mesaje ki pale avèk li". Jezi reponn,
li di: «Se pa poutèt mwen vwa sa a rive, men poutèt nou. Koulye a se jijman tè a,
koulye a chèf tè sa a, yo jete l’ deyò. Mwen menm menm,
lè y’ap leve m’ sot sou tè a, m’ap redi tout bagay vin jwenn mwen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
"SI GRENN BLE A KI TONBE NAN TÈ A MOURI, L’AP
DONNEN ANPIL FWI"
Jodi a, nan dènye pati Karèm
nan, Levanjil la pwopoze nou tèks sa yo nou sot li yo, pou nou kapab fè yon bon
preparasyon pou dimanch Ramo a epi viv an pwofondè mistè sa yo ki enpòtan nan
lavi nou kòm patizan Jezikri. Pou yon kretyen, Chemen Lakwa a (Vía Crucis) se yon
chemen limyè (vía lucis), lanmò a se yon renesans epi plis toujou, pou nou viv
lavi nou an plen fòk nou mouri.
Nan
premye pati Levanjil la, Jezi di apot li yo: « An verite, an verite, mwen di nou, si grenn ble a ki
tonbe nan tè a pa mouri, l’ap ret pou kont li; men si l’ mouri, l’ap donnen
aupil fwi (Jn 12, 24). Sen Ogisten fè kòmantè sa a: «Jezi rele tèt li li menm
«grenn» ki dwe sakrifye pou li kapab miltipliye; li te dwe sakrifye akòz
enfidelite juif yo e li te dwe miltipliye pou lafwa tout pèp yo». Pen Lekaristi
a ke yo fè ak grenn ble a, li miltipliye epi yo pataje li pou li ka tounen
nouriti pou tout kretyen. Lanmò mati a se yon bagay ki toujou pote fwi; se
poutèt sa, yon fason kontradiktwa, moun ki renmen lavi, li pèdi l’. Kris la
mouri pou san li te kapab pote fwi: nou menm tou, nou dwe imite li pou nou ka
leve byen vivan avèk li e, avèk li nou dwe donnen fwi. Konbyen ki bay vi yo an
silans pou byen frè yo? Nan silans ak senplisite nou dwe aprann tounen grenn ki
mouri pou nou kapab pote fwi.
Levanjil nou li jodi a fini
avèk yon ankourajman pou nou kapab mache nan limyè Pitit la ke yo leve anwo tè
a: «… Mwen menm menm, lè
y’ap leve m’ sot sou tè a, m’ap redi tout bagay vin jwenn mwen" (Jn 12, 32).
» Nou dwe mande Granmèt la pou li fè disparèt tout fènwa move santiman ki
ranpli kè nou. Kounye a, se moman pa Granmèt la, an nou pa
kite li pas! «N’ap dòmi? Tan yo ba nou an ap pase!» (Sen Anbwaz de Milan). Nou
pa kapab sispan klere mond nou an. Menm jan lalin nan reflete limyè solèy la,
nou dwe reflete limyè Bondye a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mèsi poutèt ou ba nou
Jezikri, sèl Pitit ou a. Tanpri fè nou renmen li epi fè nou ofri li pwòp tèt pa
nou nan sèvis lòt yo.
PWOPOZISYON:
Nan mitan pwoblèm yo, kenbe fèm nan lapriyè, paske
delivrans nou pa lwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario