Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Mwen
tankou yon mouton tou dou, y’ap mennen labatwa".
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 11, 18- 20
Ou menm Granmèt, ou fè m’ wè, mwen
konnen; ou montre m’ plan yo.
Mwen menm mwen te tankou yon mouton
tou dou, y’ap mennen labatwa, mwen pa t’ konnen, se sou mwen yo t’ap kalkile
plan, yo t’ap di: "An nou mete bwa nan pen l’, an nou wete l’ sot sou tè
vivan yo, yo p’ap sonje non l’ ankò".
Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou
menm ki jije kòrèk, ki sonde ren ak kè, se pou m’ wè vanjans ou sou yo; sèke
mwen devwale ou kòz mwen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 7, 2-3. 9bc-10. 11-12
R/ Granmèt Bondye m’, nan ou mwen
espere.
Granmèt Bondye m’, nan ou mwen
espere; sove m’ sot nan men tout moun k’ap pèsekite m’ yo, delivre m’, pou l’
pa pran lavi m’ tankou lyon, k’ap dechire, san pa gen pèsonn pou sove.R.
Jije m’, Granmèt, daprè jistis mwen,
daprè inosans mwen ki nan mwen. Se pou mechanste pechè yo boule; asire sila a ki kòrèk la:
ou menm k’ap sonde kè ak ren, Bondye ki kòrèk. R.
Sekou m’ kot Bondye, li menm ki sove
moun ki dwat nan kè yo. Bondye jij ki kòrèk. Li menm ki fò, li menm y’ap fè
fache chak jou.R.
LEVANJIL
“Èske Kris la ta vin sot nan Lagalile”?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 7, 40-53
Lè
sa a:
Nan
foul la, lè yo tande pawòl Jezi yo, yo t’ap di: "Sila a se pwofèt tout bon
vre". Dòt t’ap di: "Sila a se Kris la". Kèkzen menm t’ap di:
“Èske Kris la ta vin sot Lagalile”? Èske Labib pa di: “Se nan ras David ak nan
bouk Bètleyèm, kote David te ye a, pou Kris la vin soti”? Konsa te gen dezakò
nan foul la poutèt li. Gen nan yo ki te vle arete l’; men pèsonn pa t’ lonje
men sou li. Sèvitè yo rive kot prèt an chèf yo ak farizyen yo. Sila yo di yo:
"Poukisa nou pa t’ mennen l’"?
Sèvitè
yo reponn: "Pèsòn pa janm pale tankou mesye sa a".
Farizyen
yo reponn yo: "Èske nou menm tou, nou kite yo twonpe nou? Èske nan prèt an
chèf yo gen yon moun ki kwè nan li, oubyen nan pami farizyen yo? Men foul sa a,
ki pa konn lalwa a, yo madichonnen".
Nikodèm
di yo, li menm ki te vin kote l’ nannuit la, li menm ki te youn nan yo:
"Èske lalwa nou an jije yon moun san l’ pa tande l’ anvan pou l’ konnen sa
l’ fè"?
Yo
reponn, yo di l’: "Èske ou menm se moun Lagalile ou ye? Fouye Labib, gade
w’ap wè nan Lagalile pwofèt pa sot la".
Konsa chak moun pati lakay li.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Pèsonn
pa janm pale konsa. Kilès li
ye? Yon pwofèt? Sila a se Kris la? Lè nou gade tèks Levanjil la jodi a, li
kòmanse nan lòd ranvèse paske li bay repons tout kesyon yo.Yo voye chèf sòlda
pou arete Jezi; lè yo rive yo sezi tande pawòl li t’ap pale a. Farizyen yo ak
chèf prèt yo pa t’ rekonèt li kòm Kris la, paske li sòti nan ras David ak nan
bouk Bètleyèm, yo pa t’ bay mesaj li yo enpòtans, yo t’ap di: nou pa kab swiv
moun k’ap bay move temwanyaj, ki pa konn lalwa. Men yo menm yo vyole lalwa, yo
kondane moun san yo pa jije l’; pou yo menm, yo gen konviksyon ke Labib pa janm
di gen yon pwofèt k’ap sòti Galile.
Nan sosyete n’ap viv la gen anpil moun ki pa konnen
kilès Bondye ye, swa akoz inyorans yo, swa paske yo pa tande pale de Bondye
oubyen yo fèmen pòt ke yo pou Granmèt pa antre. Jodi a Levanjil la envite nou
pou n’ fè tankou Nikodèm, pou nou swiv Jezi nan lafwa, li se pwofèt nou, se
Kris la ki bay tout moun ki kwè nan li diyite kòm pitit Bondye, li reyalize
volonte Papa li nan tout sa l’ap fè, li pwoteje nou li pa janm lage nou nan
move chemen. Ann mande Bondye pou l’ voye fòs Lespri Sen an sou nou pou n’
kapab rekonèt dwa tout pitit li yo pou n’ travay pou lajistis ak lapè.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ou pa gade moun sou aparans,
aprann nou konnen avan nou jije.
PWOPOZISYON : Bay bon temwayaj sou Jezikri nan pawòl oubyen aksyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario