Koulè
Vyolèt
TWAZYÈM DIMANCH KARÈM,
ANE-B
PREMYE LEKTI
"Yo bay
lalwa a pa lentèmedyè Moyiz".
LEKTI LIV EGZÒD 20, 1-17
Jou
sa yo:
Granmèt
la pale tout pawòl sa yo:
"Mwen
se Granmèt Bondye ou la, ki te fè ou la, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la,
nan kay esklavaj la.
Ou
p’ap gen dye etranje devan m’.
Ou
p’ap fè pòtre zidòl, ni okenn pòtre bagay ki nan syèl la anwo a oubyen ki sou
tè a anba a, ni bagay ki nan dlo yo anba tè a.
Ou
p’ap adore yo, ou p’ap fè sèvis pou yo. Se mwen menm Granmèt Bondye w’ la, ki
fò, ki jalou, ki vizite fot papa yo sou pitit yo nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon
moun yo ki rayi m’ yo, epi ki fè kè m’ sansib pou mil moun ki renmen m’ yo, ki
kenbe lòd mwen yo.
Ou
p’ap pran non Granmèt Bondye ou la pou granmesi; sèke Granmèt la pa kite moun
sa a san pinisyon, sa k’ pran non Granmèt Bondye l’ la pou granmesi a.
Sonje
pou ou fè wè jan jou saba a sen; pandan sis jou w’ap travay, w’ap fè tout
travay ou; setyèm jou a menm se saba Granmèt Bondye w’ la; ou p’ap fè okenn
travay nan li, ni ou menm ni pitit gason ou, ni pitit fi ou, ni sèvitè ou, ni
sèvant ou, ni bèt chaj ou, ni etranje ki andan lavil ou yo. Pandan sis jou
Granmèt la te fè syèl la ak tè a ak lanmè a ak tout sa k’ nan yo, epi li repoze
nan setyèm jou a; se pousa Granmèt la beni jou sa a, li fè l’ sen.
Respekte papa ou ak manman ou, pou ou
viv lontan sou tè a, sa Granmèt Bondye w’ la ap ba ou a.
Ou p’ap touye.
Ou p’ap fè adiltè.
Ou pap vòlè.
Ou p’ap pale kont pwochen ou pou fè
depozisyon ki pa vre.
Ou p’ap anvi kay pwochen ou; ou p’ap
mèt lide ou sou madanm li, ni sèvitè l’, ni sèvant li, ni bèf li, ni bourik li,
ni okenn bagay ki pou li".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18,
8. 9. 10. 11 (r.: Jn 6, 69)
R/
Granmèt, ou
gen pawòl lavi ki p’ap janm fini an.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè
nam, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay timoun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè
kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè
Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk
yo tout ansanm.R.
Yo
pi chè pase lò, ak bijou ki gen anpil pri, yo pi dous pase myèl, ak reyon myèl
k’ap koule.R.
DEZYÈM LEKTI
"M’ap preche Jezikri yo kloure
sou yon kwa, se yon baryè pou lèzòm, men pou sila yo Bondye rele yo, se
sajès".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
KORENTYEN YO 1, 22-25
Frè m’ yo:
Juif yo ap mande siy, Grèk yo ap
chèche sajès; nou menm menm n’ap preche Jezikri yo kloure sou kwa a, pou Juif
yo se yon baryè, pou nasyon yo se yon foli, men pou sila yo yo rele yo, Juif ak
Grèk, se Jezikri, pouvwa Bondye ak sajès Bondye a; paske sa k’ fou pou Bondye
li gen plis sajès pase lèzòm, sa k’ fèb la pou Bondye, li pi fò pase lèzòm.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Detwi
kay sakre sa a, epi nan twa jou m’ap mete l’ kanpe".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
2, 13-25
Pak
Juif yo te tou pre, Jezi monte Jerizalèm. Nan kay sakre a li jwenn moun k’ap
vann bèf ak mouton ak pijon ak moun ki chita ap chanje lajan. Li fè tankou yon
fwèt ak kòd, li chase yo tout sot nan kay sakre a, ni mouton yo tou ni bèf yo,
li gaye monnen moun k’ap chanje lajan yo, li chavire tab yo bouch anba. Moun yo
menm ki t’ap vann pijon yo, li di yo: "Wete bagay sa yo sot isit la, pa fè
kay Papa m’ nan vin tounnen kay komès". Disip yo menm vin sonje labib la te
di: "Devouman lakay ou ap fin manje m’".
Juif
yo pran lapawòl, yo di l’: "Ki siy ou montre nou poutèt bagay sa yo ou fè a"?
Jezi
reponn, li di yo: "Detwi kay sakre sa a, nan twa jou m’ap drese l’".
Juif
yo menm di: "Se karansizan yo te pran pou yo te bati kay sakre sa a, epi
ou menm nan twa jou w’ap drese l’"?
Li
menm menm li t’ap pale osijè kò l’. Se lè l’ fin leve sot nan pami mò yo, disip
li yo vin sonje li te di bagay sa a, yo kwè nan sa k’ te ekri a ak nan pawòl Jezi
te di a.
Pandan
li te Jerizalèm pou Pak la nan jou fèt la, anpil moun vin kwè nan non l’, lè yo
wè siy li yo li t’ap fè yo. Men Jezi menm pa t’ kwè nan yo, paske li te konnen
tout moun, epi paske li pa t’ bezwen pou pèsòn sèvi l’ temwen nan pami lèzòm;
li menm li te konnen kisa k’ nan moun.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, antan n’ap avanse pi pre Pak la, gen yon bagay
ki pot ko janm pase ki pase nan tanp la. Jezi chase tout machann yo tout sot nan
kay sakre a, ni mouton yo tou ni bèf yo, li gaye monnen moun k’ap chanje lajan
yo, li chavire tab yo bouch anba. Moun yo minm ki t’ap vann pijon yo, li di yo:
"Wete bagay sa yo sot isit la, pa fè
kay Papa m’ nan vin tounnen kay komès" (Jn 2, 16). E pandan bèf yo
t’ap kouri devan pòtay tanp la, disip yo te dekouvri yon lòt dimansyon nan
Jezi: pasyon li te genyen pou kay Papa, pasyon pou tanp Bondye a.
Tanp
Bondye a ke yo fè tounen mache a: se pa yon bagay ki piti non! Sètètènman yo te
kòmanse mache a piti piti. Yon gadò
mouton ki te monte pou al vann yon ti mouton, yon ti granmoun ki te vle fè yon
ti kòb ak pijon li…, e se konsa mache a pran pye, li grandi piti piti. Atèl
pwen sila ki te ekri Kantik kantik yo eksprime: « Chase rena yo, ti rena k’ap
devaste jaden rezen yo» (Kant 2,15). Men kilès ki te prete li atansyon? Pòtay
tanp la te tankou yon mache nan jou likidasyon machandiz.
— Mwen menm tou, mwen se kay sakre Bondye.
Si mwen pa fè atansyon ak ti rena yo, lògèy, parès, goumandiz, jalouzi, renmen
lajan, tout rechany egoyis sa yo, yo glise pa anndan pou gate tout bagay. Se
pou sa Granmèt la avèti nou: « Sa m’ di nou la, mwen di l’ pou tout moun: veye!
» (Mk 13, 37).
An nou veye pou laparès pa anvayi nou! «Enkapasite yon moun genyen pou rekonèt fot
li, se fòm avègleman espirityèl ki pi danjere ke nou kapab imajine, paske li fè
moun nan pa kapab amelyore pwòp tèt li» (Benwa XVeye? — Mwen eseye fè sa chak swa. Èske mwen te ofanse yon moun? Èske mwen gen bon
entansyon? Èske mwen toujou dispoze pou akonpli volonte Bondye nan tout bagay?
Èske mwen te admèt yon bagay ki pa fè Bondye plezi? Men, nan
moman sa a, mwen te fatige epi somèy la te venk mwen.
Jezi, ou menm ki konnen plis pase m’, ou
konnen byen sa ki nan kè chak moun, fè m’ rekonèt tò mwen, ban m’ fòs ak kouraj
pou debarase tanp la ak tout sa ki divize m’ avèk ou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ede n’
valorize pwòp tèt nou antan n’ap dekouvri bèlte lavi ou nan lavi pa nou.
PWOPOZISYON: Kè mwen, se
espas privilejye pou mwen rankontre ak Bondye, m’ap debarase li ak tout move
santiman.
No hay comentarios:
Publicar un comentario