Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Se pou l’ jete tout peche nou
yo nan fon lanmè a".
NAN
LIV PWOFÈT MICHE 7, 14-15. 18-20
Kondui
pèp ou a, Granmèt, avèk bagèt ou a, mouton eritaj ou a, yo menm ki abite pou
kont yo nan rak bwa a, nan mitan Kamèl la; se pou yo manje zèb Bachan ak Galaad
tankou jou lontan yo. Tankou jou ou te fè yo sòti nan peyi Lejip la, fè yo wè
mèvèy.
Kilès
ki tankou ou, Bondye, ou menm ki wete peche a, ou menm ki padonnen fot rès
eritaj ou a? Li p’ap fè kòlè ankò, paske se kè sansib li vle.
Se
pou l’ tounen, pou l’ pran pitye pou nou, se pou l’ wete peche nou yo, pou l’
jete tout peche nou yo nan fon lanmè. W’ap bay Jakòb verite a, w’ap bay Abraam
kè sansib la, sa ou te fè sèman bay zansèt nou yo, depi nan jou lontan yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 102, 1-2. 3-4. 9-10. 22-23
R/
Granmèt la sansib, li pran pitye.
Fè
konpliman pou Granmèt la, nanm mwen; tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non
l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa ou dwe l’.R.
Li
menm ki padonnen tout peche ou yo, ki geri tout maladi ou yo; ki delivre lavi
ou sot nan lanmò, ki kouwonnen ou nan kè sansib ak pitye.R.
Se
pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, ni pou tout tan l’ap fache.Se pa daprè peche
nou yo li aji avèk nou, ni daprè fot nou yo li renmèt nou.R.
Sèke,
otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li debòde pou moun ki respekte l’ yo; otan
solèy leve lwen ak solèy kouche, li voye peche nou yo lwen nou.R.
LEVANJIL
"Frè w’ la ki la a, li te
mouri, li reviv".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 15, 1-3. 11 32
Lè sa a:
Pibliken yo ak pechè yo t’ap pwoche
kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen
yo ak pwofesè yo t’ap babye, yo t’ap di: "Sila a resevwa pechè yo, li
manje avèk yo".
Li
di parabòl sa a pou yo, li di:
"Te
gen yon mesye ki te gen de pitit, pi jèn nan yo a di papa a: "Papa, ban m’
pòsyon eritaj ki destine pou mwen an". Li separe eritaj la ba yo. Pa gen
anpil jou ki pase, pi jèn ti gason an ranmase tout afè l’, li pati, l’al fè
wout li nan yon peyi byen lwen lè l’ rive la, li gaspiye eritaj li a antan l’ap
viv nan libètinaj.
Lè
l’ fin depanse tout bagay, vin gen yon gwo grangou nan rejyon sa a, li menm li
kòmanse nan bezwen. Li pati, 1’al nan sèvis yon mesye nan peyi sa a, mesye a
voye l’ nan jaden l’, pou l’ gade kochon. Li te anvi plen vant li ak grenn bwa
yo, sa kochon yo t’ap manje yo; men pèsòn pa t’ ba li.
Li
antre nan fon kè l’, li di: "Konbyen jounalye nan lakay papa m’ gen kont
pen yo, kanta mwen menm menm m’ap mouri grangou isit la! M’ap leve, m’a pral
lakay papa m’, m’ap di l’: Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen
pa merite ankò pou yo rele m’ pitit ou: trete m’ tankou youn nan jounalye w’
yo". Li leve, li vin jwenn papa l’.
Pandan
l’ te lwen toujou, papa l’ wè l’, kè l’ boulvèse ak sansibilite, li kouri, li
lage kò l’ nan kou l’, li anbrase l’. Pitit la di l’: "Papa, mwen fè peche
kont syèl la ak devan ou: mwen pa merite ankò pou yo rele m’ pitit ou".
Papa
a menm di sèvitè yo: "Fè vit pote pi bèl rad la, abiye l’; mete yon bag
nan men l’, ak soulye nan pye l’. Mennen towo a yo t’ap angrese a, touye l’,
n’ap manje, n’ap fete; paske pitit mwen sa a ki te mouri a, li reviv, li te
peri, nou jwenn li". Epi, yo kòmanse fete.
Men
pi gran pitit li a te nan jaden, lè l’ rive li pwoche bò kay la, li tande
chante-danse, li rele youn nan sèvitè yo, li poze l’ kesyon ki kalite bagay sa
yo. Sila a menm di l’: "Se frè w’ la ki vini, papa w’ fè touye towo a yo
t’ap angrese a, paske li jwenn pitit la an sante". Lòt la menm fache, li
refize antre; papa l’ blije sòti, li kòmanse lapriyè l’. Li menm menm li
reponn, li di papa l’: "Men konbyen ane m’ap sèvi w’, mwen pa janm
dezobeyi yon kòmandman w’ epoutan ou pa janm ban m’ yon ti kabrit, pou m’ fete
avèk zanmi m’ yo; men pitit ou sa a, ki fin devore eritaj li a avèk fi move vi,
kon l’ rive, ou touye towo yo t’ap angrese a, akòz li".
Li
menm li di l’: "Pitit mwen, ou toujou avèk mwen, tout sa m’ genyen se pou
ou. Sèlman se pou nou te fete, se pou nou te fè kè nou kontan, paske frè w’ sa
a te mouri, li reviv, li te peri, nou jwenn li".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Karèm se tan ki envite nou kiltive mizerikòd, padon,
pataj kote nou dwe aksepte lòt la, akeyi
frè nou. Lekti nou sot li yo
pèmèt nou konprann kijan Bondye se Papa mizerikòd, li toujou prè pou l’ padone
nou. Pasaj levanjil nou li a, anpil moun rele li « Levanjil ti gason banbochè a » ;
men li gen yon lòt non ki pi bèl : « Papa Mizerikòd la e ki plen ak Bonte a ».
Nan sebrasyon
padon sa a, nou jwenn etap sa yo :
a) Rekonèt fot ou. Pran konsyans de
sitiyasyon lavi w’. Nan kisa m’ derespekte Bondye ? Kisa m’ fè ki pa fè
lòt la plezi ? Ti nonm nan rekonèt fot li. M’ dezobeyi papa m’. M’ gaspiye
byen l’ yo. M’ gaspiye don ak kalite Bondye yo nan mwen, m’ viv san Bondye,
deyè do Bondye.
b) Pran wout konvèsyon an : M’ pral
kot papa m’ pou m’ di l’ pran pitye pou mwen, pa konsidere m’ pou pitit li men
aksepte m’ li mèt se tankou youn nan travayè l’ yo.
Frè m’, sè m’,
leve al kote papa w’, tounen vin jwenn papa w’, vin mande padon, l’ap tann ou.
Pran wout konvèsyon an pou w’ kapab sòti nan sitiyasyon malouk peche.
c)M’ap fè yon fèt pou ou. Pipit mwen an
te pèdi, m’ jwenn li, li te mouri li leve, ann fè fèt pou li. A la kontan
Bondye kontan resevwa nou lè n’ kase tèt tounen vin jwenn li ! Vini jwenn
Bondye l’ap pran ka w’ nan chemen lavi a. Li prè pou padone w’. Bondye vle nou
tout sove, li pa vle pèson pèdi. Vin fete avèk li, pa rete deyò tankou gran frè
a, akeyi frè w’ la, pa kite rankin, egoyis ak anbisyon anpare w’. Fèt se pou
tout moun. Bondye se Bondye nou tout, Legliz se pou tout moun, ba l’ yon ti
plas bò kote w’. Vini frè m’, sè m’ yo nan fèt padon an. Se pou Bondye beni nou
tout byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye
Papa, ou menm ki plen mizerikòd, tanpri ban m’ fòs pou mwen pran chemen
konvèsyon an chak fwa peche a mete m’ dozado ak ou ; konsa m’a tounen
zanmi ak ou ankò, ou menm ki toujou prè pou fete ak mwen. Amèn
PWOPOZISYON : Gade ki atitid ou konn kenyen kèk fwa, èske ou sanble ak
ti gason banbochè a, oubyen ak gran frè a oubyen ak papa a. Èske ou dwe chanje
konpòtman jodi a ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario