Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Men sila
a ki te fè rèv la k’ap vini: ann ale, n’ap touye l’".
NAN
LIV LAJENÈZ 37, 3-4. 12-13a. 17b-28
Izrayèl
te renmen Jozèf pi plis pase tout pitit li yo, paske se nan vyeyès li li te
anfante l’; li te fè yon rad long ki te gen anpil koulè. Lè frè l’ yo wè kijan
papa a te pi renmen l’ pase tout pitit yo, yo rayi l’, yo pa t’ kapab pale lapè
avèk li.
Kòm
frè l’ yo t’ap pase yon tan Sikèm antan y’ap gadiyen mouton papa a, Izrayèl di
Jozèf: "Frè w’ yo ap gadiyen mouton Sikèm; vini, m’ap voye ou kote
yo". Jozèf pati dèyè frè l’ yo, li jwenn yo Dotayin.
Yo
menm, kon yo wè l’ depi byen lwen, anvan l’ pwoche kote yo, yo gen tan fè
konplo pou yo touye l’. Youn pale ak lòt: "Men sila a ki fè rèv la k’ap
vini: an nou wè, n’ap jete l’ nan yon vye pui, n’ap di: "Yon bèt sovaj
devore li", konsa y’a wè ki sa rèv li yo te sèvi li".
Lè
Riben tande sa, li t’ap eseye delivre l’ sot nan men yo, li t’ap di: "Pa
touye lavi l’, pa vide san l’; men jete l’ nan pui sa a ki nan savann nan,
konsa n’a kenbe men nou san yo pa koupab". Li t’ap di sa, paske li te vle
wete l’ sot nan men yo pou l’ renmèt li bay papa l’.
Men
lè li rive kot frè l’ yo, yo wete rad ki te gen anpil valè a, ki te gen bèl
koulè a, sot sou li, yo mete l’ nan vye pui a ki pa t’ gen dlo a.
Yo
chita pou yo manje pen, yo wè Izmayelit yo k’ap vwayaje, ki te vin sot Galaad,
avèk chamo yo ki t’ap pote losyon, lansan, ak lami pou Lejip. Jida di frè l’
yo: "Sa sa ap sèvi nou, si nou touye frè nou an, epi nou kache san l’? Li
pi bon si nou vann li bay Izmayelit yo, konsa nou pap sal men nou; sèke se frè
nou ak chè nou li ye". Frè l’ yo vin dakò avèk pawòl li yo.
Lè
machann Madyanit yo vin ap pase, yo wete l’ sot nan pui a, yo vann li bay
Izmayelit yo pou ven pyès lajan, Izmayelit yo kondui l’ Lejip.
Pawòl
Granmèt la
SÒM 104, 16-17. 18-19. 20-21
R/
Sonje mèvèy Granmèt la fè yo.
Li
rele grangou sou tè a, li kase tout baton pen, Li voye yon moun devan yo, se
Jozèf yo te vann kòm esklav la.R.
Yo
fikse pye l’ nan chenn, yo pase kou l’ nan fè, joustan pawòl li a rive, pwomès
Granmèt la netwaye l’.R.
Wa
a voye lage l’, chèf pèp yo ranvwaye l’; li enstale l’ kòm mèt lakay li, kòm
chèf sou tout sa l’ posede.R.
LEVANJIL
"Men
eritye a: vini, an nou touye li".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 21, 33-43. 45-46
Lè
sa a: Jzi di chèf prèt yo ak ansyen yo nan pèp la:
"Koute
yon lòt parabòl: Te gen yon pèd’fanmi, li te plante yon jaden rezen, li mèt
lantouraj tout alantou l’, li fouye yon preswa nan jaden an, li bati yon kay
wo, li lwe jaden an bay kiltivatè yo, li pati byen lwen.
Lè
tan fwi yo t’ap pwoche, li voye sèvitè l’ yo kot kiltivatè yo, pou yo resevwa
fwi l’. Kiltivatè yo pran sèvitè l’ yo, yo jete youn, atè, yo touye yon lòt, yo
kalonnen yon lòt ak kout wòch. Aprè sa li voye dòt sèvitè ankò pi plis pase
premye yo, yo fè yo menm jan. Alafen, li voye pwòp pitit li a kote yo, li di:
"Y’a respekte pitit mwen an".
Kiltivatè
yo menm, lè yo wè pitit la, yo di nan kè yo: "Men eritye a: an nou wè,
n’ap gen eritaj li a". Yo pran l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an, yo
touye l’. Lè mèt jaden rezen an ap rive, ki sa l’ap fè kiltivatè sa yo?
Yo
di l’: "L’ap fè yo peri move lanmò, l’ap lwe jaden rezen l’ nan bay dòt
kiltivatè, k’ap renmèt li fwi a nan sezon yo". Jezi di yo: "Èske nou
pa t’ li nan Labib la:
Wòch
la bòs mason refize a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an: se nan men Granmèt
la bagay sa a fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou?"
Se
pousa mwen di nou, y’ap wete peyi wa Bondye a sot nan men nou, y’ap renmèt li
nan men yon nasyon k’ap fè l’ donnen fwi l’".
Lè
chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl li yo, yo rekonèt se osijè yo li t’ap
pale. Yo t’ap chèche arete l’, men yo te pè foul yo, paske yo te konsidere l’
kòm pwofèt.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Mezanmi gade yon istwa! Se pa pou granmesi non litiji pawòl Bondye pou jodi a
pale nou de istwa ti jenn gason sila a ki te rele Jozèf la. Nan istwa sa nou ka
dekouvri yon bèl ekzanp pou lavi pa nou. Papa Jozèf te rele Jakòb. Li te genyen
douz pitit e se Jozè ki te dènye. Jakòb te renmen l’ anpil paske li te sanble
ak manman l’, poutèt sa, jalouzi gran frè yo te fò anpil, e yo te deside touye
l’; men sa pa t’ rive fèt, youn nan yo pa t’ dakò paske se san yo li ye; se sa
k’ fè yo te deside negosye li ak machann yo ki t’a prale nan peyi Lejip. Kòm yo
te konnen yo gen kont pou rann lakay yo, lè yo tounen lakay yo, yo fè manti
kòmkwa yon bèt fewòs touye Jozèf kote l’ t’ap gade bèt papa l’ yo.
Nou wè depi nan tan lontan kouman jalouzi se yon bèt move k’ap fè
dega nan sosyete a, tout kote. Jodi a sa mande refleksyon; jalouzi donnen
rayisab, divizyon, lanmò, dlo nan je. Jezi di nou veye, epi fòk nou priye
anpil, daprè sa k’ap pase nan tan n’ap viv la, nou pa konnen sa ki kab rive.
Sòm 104 la fè nou sonje istwa Jozèf la ki vin tounen gran wa nan peyi Lejip la
epi ki te sèvi ak pouvwa li te genyen pou sove fanmi li, paske “lè nen pran kou, je kouri dlo”, li bay
frè l’ yo anpil manje.
Pouvwa Bondye a
san limit, l’ap veye sou nou tout; men fòk nou fè l’ konfyans, vire do bay mal
la. Levanjil Matye a jodi a prezante nou Jezi
ki se Mèt lavi nou. Tout pouvwa se nan men l’ yo ye. Lanmò ak tout fòs fènwa yo
pèdi batay aprè Jezi leve byen vivan sòti pami mò yo, sou twa jou lè yo te
touye l’ sou kwa a. Se sa k’ fè nou gen rezon pou nou kwè, se pou nou pran
kouraj, mete tèt ansanm pou n’ kwape tout kalite mal. Respekte lòd li pase n’
yo: premyèman, renmen Bondye ak tout kè w’, sèvi li; dezyèmman, renmen lòt yo
ki se frè ak sè w’ yo menm jan w’ renmen tèt pa w’. Pa gen kòmandman ki pi gran
pase sa yo, pa gen pi bon mwayen ke sa a ki kapab sove w’.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki konn tout bagay, fè nou grandi nan lafwa pou
nou kapab wè pi klè, pou nou konprann pawòl ou yo ke Legliz la pa janm bouke
simaye; konsa, devan lavi malouk n’ap viv nan mond sa a, n’a kenbe fèm pou n’
sèvi w’ temwen tout kot nou pase. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an. Amèn.
PWOPOZISYON:
Jodi a m’ap aji menm jan ak Jozèf: m’ap padone pou mwen ka sèvi frè ak sè m’ yo
nan fanmi mwen, nan kominote a, nan sosyete a, nan mond lan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario