Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Ak kè
nou kraze, ak lespri nou rabese, w’ap resevwa nou".
NAN
LIV PWOFÈT DANYÈL 3,25.34-43
Jou
sa yo:
Azaryas
kanpe, li lapriyè konsa: li louvri bouch li nan mitan dife a, li di:
"Tanpri,
pa lage nou pou tout tan poutèt non ou, pa kase contra w’ la, pa wete kè sansib
ou a sot nan nou, poutèt Abraam, sila a ou renmen an, ak Izaak sèvitè w’ la, ak
Jakòb sen w’ nan, yo menm ou pale ak yo a, antan ou te pwomèt ou t’ap fè ras yo
vin anpil tankou zetwal syèl la ak tankou sab ki sou bò lanmè a.
Sèke,
Granmèt, nou vin pi piti pase tout nasyon yo, nou vin rabese sou tout tè a jodi
a poutèt peche nou yo, nan tan sa a pa gen wa ni chèf ni pwofèt, ni sakrifis
antye, ni sakrifis, ni kado, ni lansan, ni kote pou yo ofri premye fwi devan
ou, pou nou kapab jwenn kè sansib ou.
Men
ak kè nou kraze, ak lespri nou rabese w’ap resevwa nou; tankou ak sakrifis
antye bouk ak towo, ak tankou avèk mil mouton gra, se konsa pou sakrifis nou an
ye jodi a devan ou, pou l’ fè ou plezi, paske pa gen lawont pou moun ki met
konfyans nan ou.
Koulye
a n’ap suiv ou ak tout kè nou, n’ap respekte ou, n’ap chèche fas ou. Pa fè nou
wont, men aji avèk nou daprè bon kè ou, daprè tout pakèt kè sansib ou, delivre
nou, ak mèvèy ou yo, fè wè bèlte non ou, Granmèt".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 24, 4bc-5ab. 6-7bc. 8-9
R/
Sonje kè sansib ou yo, Granmèt.
Chemen
w’ yo, Granmèt, montre m’ yo, santye w’ yo, aprann mwen yo. Dirije m’ nan
verite w’ la, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R.
Sonje
bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou, paske se depi tout tan yo ekziste.Daprè kè
sansib ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt
la bon, li kòrèk, poutèt sa, li aprann pechè yo chemen l’; l’ap dirije moun ki
dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Si nou chak pa padonnen frè
l’, Papa nou p’ap padonnen nou tou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 18, 21-35
Lè sa a:
Pyè pwoche kot Jezi, li di:
"Granmèt, konbyen fwa pou frè m’ fè peche kont mwen, pou m’ padonnen l’?
Èske se sèt fwa"?
Jezi di l’: "Mwen pa di ou
jouska sèt fwa, men jouska swasant dis fwa sèt fwa.
Se
pousa rèy syèl la sanble ak yon wa ki te vle regle avèk sèvitè l’ yo. Lè l’
kòmanse regle sa yo te dwe l’, yo mennen youn ba li ki te dwe l’ di mil pyès
lajan. Kòm li pa t’ gen dekwa pou l’ te renmèt, mèt li pase lòd pou yo vann li
ansanm ak madanm li ak pitit li yo ak tout sa l’ te genyen, pou l’ kapab
renmèt.
Sèvitè
a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran pasyans avèk mwen, m’ap
renmèt ou tout bagay". Mèt sèvitè sa a pran pitye pou li, li lage l’, li
efase dèt la pou li.
Men
sèvitè sa a sòti, li jwenn youn nan sila yo ki te sèvitè ansanm avèk li yo, ki
te dwe l’ san pyès lajan; li kenbe l’ pou l’ toufe l’, li di: "Renmèt sa
ou dwe". Lòt sèvitè a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran
pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay". Li menm menm li pa vle, li
pati, li voye mete l’ nan prizon, joustan li renmèt dèt li.
Lè
lòt sèvitè yo wè sa k’ pase, yo pran lapenn anpil: yo rive, yo rakonte mèt li
tout sa k’ te rive.
Lè
sa a atò, mèt li rele l’, li di l’: "Move sèvitè, tout dèt ou, mwen te
efase l’ pou ou, paske ou te lapriyè m’; èske ou pa t’ dwe pran pitye pou
sèvitè parèy ou a, menm jan mwen menm mwen te pran pitye pou ou a"? Mèt li
fache, li renmèt li nan men gad yo, joustan li renmèt tout dèt li.
Se konsa Papa m’ ki nan syèl la ap
fè nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak tout kè nou".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye jodi a trè ekzijan. Li mande nou pou nou
fè yon bagay ki pa fasil ditou. Nan Levanjil la Sen Pyè
pwoche kot Jezi, li di l’, ou mande m’ pou m’ padone sa yo ki fè m’ mal, men ou
pa di m’ konbyen fwa m’ dwe padone yo. Paske se chak jou moun sa yo ap fè m’
mal e ou mande m’ pou m’ padone yo, eskè mwen dwe toujou padone oubyen èske
padon sa gen limit li? Pyè mande Jezi èske se sèt fwa li dwe padone. Jezi ki se
ekzanp renmen ak padon an di Pyè ke renmen ak padon pa dwe gen limit. Nou pa
dwe janm sispann padone frè ak sè nou yo malgre tout mal yo fè nou. Li di Pyè
mwen pa di w’ padone sèt fwa, men swasant disèt fwa sèt fwa. Kantite sa Jezi
bay Pyè a vle di ke nou menm k’ap swiv Jezi nou pa dwe gen rayisans nan kè nou
pou sa yo ki pa vle wè nou yo. Yon moun ki gen kè di pa fè sa Bondye mande,
paske padon ak renmen se ekzanp nou dwe swiv kòm kretyen. Nan ti tan Jezi te
pase sou tè a avèk nou an, li te montre nou aklè kijan nou dwe padone. Malgre jwif yo te maltrete l’, yo te imilye l’, jiskaske
yo te kloure l’ sou yon kwa, men li te priye Papa a ki nan syèl la pou yo. Li
pa t’ mande Papa a pou l’ vanje ak yo, pou l’ touye yo; men li te di Papa a
padone yo, paske yo pa konnen sa y’ap fè. Pa gen pi gwo jès lanmou ke sa.
Lejanvil jodi a, frè m’ ak sè m’ yo montre nou aklè ke nou p’ap sèvi yon Bondye
ki gen kè di, ki rann mal pou mal, men n’ap sèvi yon Bondye ki gen konpasyon ki
toujou prè pou l’ padone pitit li yo.
Menm si nou tonbe plizyè fwa, men li ba nou chans pou
n’ kapab leve epi kontinye mache. Tout sa se paske li renmen nou san kondisyon,
li pa ta vle youn nan nou pèdi, li ta vle nou tout sove pou n’ ka al viv nan
syèl la ansanm ak zanj yo. Bondye nou an san parèy, kè l’ sansib anpil pou nou,
li tèlman renmen nou. Men nou menm frè m’ ak sè m’ yo fòk nou pa pran abitid
nan plede fè peche paske nou konnen Bondye ap padone nou. Lè nou fè sa nou fè
l’ soufri paske menm lè li toujou prè pou l’ padone nou, li pa renmen lè n’ap
benyen nan labou peche a. Sakreman padon an se Bondye menm ki mete l’ nan
Legliz la. Li bay pè yo pouvwa
pou yo padone peche nou. Padon sa se yon fason pou Bondye di nou
li renmen nou e li vle fè wout ak nou.
LAPRIYÈ: Bondye papa, sous mizerikòd ou pa janm
sispann koule nan lavi nou. Tanpri aprann nou gen mizerikòd pou frè ak sè nou
yo menm jan ak ou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Sonje tout
moun ou kenbe sou kè ou. Libere yo jodi a. Souri ak yo, ba yon yon gwo akolad
ki pa mele ak ipokrizi. Padone si ou vle resevwa padon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario