Páginas

MÈKREDI 11

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"N’a obsève kòmandman yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou".
NAN LIV DETEWONÒM 4, 1. 5-9
Moyiz pale ak pèp la, li di:
"Koulye a, Izrayèl, koute kòmandman ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou ou kapab viv, pou ou kapab antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt Bondye zansèt ou yo ap ba ou a.
Nou konnen mwen aprann nou kòmandman avèk jistis; jan Granmèt Bondye m’ nan te kòmande m’ nan, se konsa pou nou aji nan peyi a n’a pral posede a; n’ap obsève yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou. Sa a se sajès nou ak entelijans nou devan pèp yo, pou lè yo tande tout kalite kòmandman sa yo, yo di: "Men yon pèp ki gen sajès, ki entelijan, yon gran nasyon"!
Pa gen yon lòt nasyon ki tèlman gran, ki kapab gen dye yo pre l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou tout k’ap lapriyè l’. Kilès lòt nasyon ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak jijman kòrèk ak tout lalwa a, sa m’ prezante jodi a devan je nou an?
Konsa se pou ou kenbe pwòp tèt ou, se pou ou veye sou nanm ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo pa dwe sot nan kè ou pandan tout tan w’ap viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni neve w’ yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 147, 12-13. 15-16. 19-20
R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj Bondye w’, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo andan ou.R.
Li menm ki voye pwomès li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri. Li menm ki bay lanèj tankou lenn, li simen lawouze tankou sann.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl. Li pa aji konsa avèk tout nasyon, li pa montre yo jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Pa konprann mwen vini pou m’ defèt Lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou m’ reyalize. An verite mwen di nou sa, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti “i” oubyen yon ti trè p’ap pase sot nan lalwa a, joustan tout bagay reyalize.
Konsa moun k’ap defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm jan, y’ap rele l’ pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi k’ap aprann lòt yo fè menm jan an, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan levanjil jodi a, Jezi vle fè limyè sou sans misyon li sou tè a. Petèt mesaj li a kapab yon desepsyon pou sila yo ki t’ap tann yon sovè k’ap vin chanje tout bagay. Petèt te genyen lòt ki te santi yo dezole ak pwojè Jezi a. Nou imajine ke Jezi t’ap pale nan yon kominote pòv, kote moun yo t’ap sibi tout sòt pèsekisyon, kote yo pa t’ anpè, kè yo pa t’ kontan, kote yo t’ap espere yon chanjman nan jan bagay yo t’ap fèt la.
Men, anvan Jezi ale pi lwen nan mesaj li a, li pran tan pou l’ presize ki sans misyon li an genyen: “mwen pa vini pou m’ defèt, men pou m’ reyalize...” Fraz sa kapab ede nou konprann vrè sans mesaj Jezi a, yon mesaj ki pozitif, yon mesaj ki envite n’ konstwi apati de sa ke nou genyen e de sa ke nou ye. Se yon lòt mantalite ke Jezi vin pwopoze nou. Lalwa pa yon fren oubyen yon barikad pou Jezi, men se yon enstriman pou fè mesaj li a  pase pi byen. Li pa genyen pretansyon ke mesaj li a pi bon ke mesaj pwofèt yo, men li sèlman vin ranfòse yo epi fè tout moun rive konnen sans yo. Epi pi lwen li fè nou konnen ke menm yon yota li pa genyen entasyon retire nan sa ki te di deja.
Paske tout sa ki te ekri nan Bib la genyen pou l’ reyalize, jan ke yo te anonse l’ la. Men Jezi pa sispann eksplike sans misyon li a, li pa esklav Lawa, li vini pou li akonpli pwomès Bondye Papa te fè pèp li a depi plizyè lane, pwomès liberasyon an.
Yon mesaj ki envite nou panse sou sans lavi nou kòm kretyen. Se yon apèl pou nou viv tankou frè e pou nou pratike tout valè ki kapab ede lòt yo rankontre ak Bondye. Yon fwa anplis, Jezi vle raple nou vrè sans lavi nou. Lavi chak moun fèt ak de kalide pyès: youn ansyen, lòt la nouvo; kidonk yon nouvèl vi pa dwe antre an konfli ak yon vi pase. Aksepte sa ke nou ye kòm pechè pou nou kapab grandi selon pawòl Granmèt la.
Selon Jezi, sa ki enpòtan nan lavi yon moun ki vle swiv li, se rive mete pawòl Granmèt la nan sant lavi li. Yon envitasyon ki envite n’ pou nou dosil e chèche konpran tout moun. Yon envitasyon ki raple n' ke nou dwe mete lòd nan lavi nou kòm moun epi kòm kreyen.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou di w’ mèsi pou sans pawòl ou a ki ede nou konprann pou kisa ke ou te vini sou tè, n'ap mande w’ ban nou fòs ak kouraj pou nou kapab kolabore nan fè mesaj ou a rive pi lwen. Amen!

PWOPOZISYON: Konbyen fwa nan lavi nou ke nou bay yon bagay plis enpòtans pase yon moun?

No hay comentarios:

Publicar un comentario