Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Mwen
enstale ou kòm kontra pèp la, pou ou met peyi a kanpe".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 49, 8-15
Men
sa Granmèt la di:
"Nan
tan favè a mwen koute ou, nan jou delivrans la mwen pote ou sekou; mwen pwoteje
ou, mwen enstale ou kòm kontra pèp la, pou w’ met peyi a kanpe, pou w’ posede
eritaj ki gaye yo; pou w’ di sila yo ki nan prizon yo: "Sòti", epi sa
ki nan fènwa yo: "Parèt".
Sou
wout yo, y’ap jwenn manje, nan tout plenn y’ap jwenn jaden zèb yo. Yo p’ap
grangou, yo p’ap swaf, chalè solèy la p’ap frape yo, paske sila a k’ap kondui
yo a, li sansib, l’ap pase swaf yo nan sous dlo yo. M’ap fè tout
mòn mwen yo vin tounen wout, santye m’ yo ap leve.
Men sila yo ap vin sot lwen, men dòt
k’ap vin sot nan Nò ak rejyon lanmè a, dòt menm ankò sot nan peyi nan Sid, fè
lwanj, syèl yo! Danse, tè a! Fè lwanj eklate, mòn yo! Paske Granmèt la konsole
pèp li a, l’ap pran pitye pou pòv li yo.
Epi Siyon t’ap di: "Granmèt la
lage m’, Granmèt la bliye m’". Èske yon madanm kapab bliye ti pitit li,
pou l’ pa sansib pou pitit zantray li? Menm si youn ta bliye, mwen menm mwen
p’ap bliye ou"!
Pawòl Granmèt la.
SÒM 144, 8-9. 13cd-14. 17-18
R/ Granmèt
la gen pitye, li gen kè sansib.
Granmèt
la gen pitye, li gen kè sansib li gen pasyans, li gen anpil kè sansib. Granmèt
la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Granmèt
la fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la soulaje
tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli.R.
Granmèt
la kòrèk nan tout chemen l’ yo, li sen nan tout travay li yo. Granmèt la tou
pre moun k’ap rele l’ yo, tout moun yo k’ap rele l’ nan laverite a.R.
LEVANJIL
"Menm jan Papa a leve mò yo, li
bay lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle, li ba yo lavi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 17-30
Lè sa a:
Jezi reponn Jwif yo:
"Jouskoulye a, Papa m’ap travay, mwen menm tou m’ap travay".
Se
pou sa menm Jwif yo t’ap chèche touye l’ pi plis la, paske non sèlman li te
anile saba a, men li te deklare Bondye se papa l’ antan l’ fè pwòp tèt li vin
egal ak Bondye.
Konsa,
Jezi reponn, li di yo:
"An
verite, an verite mwen di nou, Pitit la pa kapab fè anyen ak pwòp tèt li, si l’
pa wè Papa a fè; tout sa l’ fè reyèlman vre, Pitit la fè yo tou. Sèke Papa a
renmen Pitit la, li montre l’ tout sa li menm li fè; l’ap montre l’ pi gran
aksyon pase sa yo ankò, pou nou kapab sezi.
Sèke
menm jan Papa a leve mò yo, epi li bay lavi a, konsa tou Pitit la se moun li
vle li bay lavi. Papa a pa jije pèsòn, men li renmèt Pitit la tout jijman an,
pou tout moun respekte Pitit la menm jan yo respekte Papa a. Moun ki pa
respekte Pitit la, li pa respekte Papa a ki voye l’ la. An verite, an verite
mwen di nou moun ki koute pawòl mwen, ki kwè sila a ki voye m’ nan, li gen lavi
tout tan an, li pa antre nan jijman, men li travèse sot nan lanmò al nan lavi.
An
verite, an verite mwen di nou, lè a rive, epi se koulye a, lè mò yo ap tande
vwa Pitit Bondye a. Moun ki tande yo, y’ap viv. Menm jan Papa a gen lavi nan li
menm nan, konsa li bay Pitit la pouvwa pou l’ gen lavi nan li menm, li ba l’
pouvwa tou pou l’ fè jijman, paske se Pitit moun li ye.
Pa
sezi pou sa, sèke lè a rive, kote tout moun ki nan kavo yo, y’ap tande vwa
Pitit Bondye a; y’ap sòti, moun ki te fè byen yo, se pou leve lavi a, sa k’ te
fè mal yo menm se pou leve jijman an.
Mwen
pa kapab fè anyen ak pwòp tèt pa m’. Jan m’ tande a, se konsa mwen jije, epi
jijman m’ nan kòrèk, paske mwen pa chèche volonte m’, men volonte sila a ki
voye m’ nan".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : “Menm si
yon manman ta bliye pitit li, mwen menm mwen p’ap bliye ou” ! Mezanmi sa a se pa ti pawòl non nou
jwenn nan finisman premye moso Labib la. Bondye ba nou garanti l’ap avèk nou
toutan, menm jan li te konn mache ak pèp li a nan ansyen tan yo. Pi gwo prèv
nou genyen Bondye avèk nou tout bon vre, se nan Jezikri nou kapab dekouvri sa.
Li menm ki se sila a Bondye Papa te voye pou vin restore lavi nou, pou pote
chanjman ak liberasyon tout moun t’ap tann nan. Se li menm Bondye enstale kòm
chèf, kòm jij sou kreyasyon, li ba li pouvwa anwo nan syèl la ak sou tè a pou
li kapab kòmande tout kreyati. Li se wa ki etone moun nan fason li ekzèse
pouvwa li, yon wa ki pa genyen lòt konseye ke Lespri Bondye a, yon wa ki pa
genyen lame sof lame zanj yo, yon wa ki bezwen domestik paske li vini pou li
sèvi. Li se sila ki lanse yon apèl bay tout pitit Bondye ki te gaye, ki te
lwen; li rele yo pou yo kapab mete tèt yo ansanm anba yon sèl drapo. Se poutèt
sa nou dwe kontan. Kè sansib Bondye a akonpaye nou, renmen Granmèt ba nou
asirans lavi ak kè kontan. Se pa pou san rezon sòm 144 la di di: “Granmèt la
fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la
soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli”.
Tout lavi nou vize yon sèl bagay:
lavi. Tout sa n’ap fè pandan ekzistans nou, se pou nou kapab rive mennen yon
lavi ki miyò. Kèlkeswa wòl nou ranpli nan sosyete a, kèlkeswa ran sosyal nou,
ebyen n’ap lite pou yon lavi miyò paske nou santi tout bagay pa byen, nous anti
gen vid ki merite konble nan lavi nou. Jiskilè n’ap rive konble vid sa yo?
Jiskilè dezi nou yo ap rive konble tout bon vre? Tout sa nou genyen, nou pa
janm satisfè menm si gen lòt moun ki poko gen anyen ditou, ebyen jodi a, nou
dwe sonje ke vrè byen an, byen tout bon vre a, se nan Bondye nou kapab jwenn
li. Se Granmèt la ki kapab ba nou kè kontan, se nan li sèl nou kapab rive gen lavi
tout bon vre a. Se byen ke pèsonn moun pa kapab retire nan men nou an. Se Jezi k’ap pale ak nou jodi a pou
li di nou: “Menm jan Papa a leve mò yo, li bay lavi a, konsa tou, moun Pitit la
vle, li ba yo lavi”.
Frè
ak sè m’yo, nou deja konnen Granmèt la pa rayi nou, malgre peche nou; men sa li
vle, se pou nou konvèti epi pou nou viv. Jodi a, an n’ eseye pran wout
konvèsyon an pou nou kapab rive fè gwo chanjman nan lavi nou, dekwa pou nou
rive jwenn lavi Jezi ap ofri nou an, lavi li deja ap viv ak Papa a ak Lespri
Sen an.
LAPRIYÈ : Jezi
Granmèt, ou menm ki pote lavi gratis a gogo pou mwen, tanpri pa kite mwen
kontinye nan chemen pèdisyon mwen ye la a. Tanpri mete Lespri ou nan mwen pou
li kapab dirije mwen nan sans ou vle mwen ale a.
PWOPOZISYON : A pati de jodi a, m’ap pran desizyon pou mwen abandone
tout sa ki vle fè mwen pèdi piyay lavi nan Jezikri a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario