Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Mwen wè
yon dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout moun li rive sou yo, dlo sa a sove
yo".
NAN
LIV PWOFÈT EZEKYÈL 47, 1-9. 12
Jou sa
yo:
Mesaje a
fè m’ vire jous nan pòt kay Granmèt la, men dlo t’ap sòti anba papòt la nan
direksyon solèy leve a; sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon solèy leve, dlo
yo menm t’ap desann bò kote dwat kay sakre a, nan mitan lotèl la, li fè m’ sòti
nan chemen ki t’ap gade nan direksyon solèy leve a; te gen dlo ki t’ap koule
anpil sot nan kote dwat la.
Lè mesye
a sòti nan direksyon solèy leve a, li te gen yon mèt nan men l’, li konte senk
san mèt, li fè m’ travèsè nan dlo a, jous nan talon. Aprè sa, li konte senk san
mèt, li fè m’ travèse nan dlo a jous nan jenou; li konte senk san epi li fè m’
travèse nan dlo a jous nan ren. Li konte senk san, se te yon ravin mwen pa t’
kapab travèse, paske dlo ravin fon an t’ap bouyi, yo pa t’ kapab travèse l’. Li
di m’:
"Sètènman
ou wè, pitit moun". Li kondui m’, li fè m’ travèse jous sou bò ravin nan.
Lè m’
vire, mwen wè anpil pye bwa sou bò ravin nan, sou chak kote. Li di m’:
"Dlo sa yo, k’ap sòti pou y’al nan rejyon kot solèy leve a, y’ap desann
nan plenn savann nan, y’ap antre nan lanmè a; y’ap sòti, dlo yo ap sèvi remèd :
tout bèt vivan k’ap mouvmante, y’ap viv, tout kote ravin nan ap rive, ap gen
anpil pwason, lè dlo sa yo rive kote sa a, tout bagay kote ravin nan rive a,
y’ap geri, y’ap viv.
Anlè
ravin nan, sou bò l’ chak bò, ap gen pye bwa k’ap leve, y’ap donnen fwi; fèy yo
p’ap tonbe, yo p’ap manke fwi; chak mwa l’ap donnen premye fwi, paske dlo ravin
nan se nan kay sakre a y’ap sòti, fwi l’ yo ap sèvi manje, fèy li yo ap sèvi
remèd".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 45. 2-3. 5-6. 8-9
R/ Granmèt
lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Bondye se yon kachèt pou nou ak fòs,
sekou nou jwenn tout tan nan tray. Se pousa nou pa pè, pandan tè a ap mouvmante,
pandan mòn yo ap transpòte nan kè lanmè a.R.
Bò
larivyè a mete kontantman nan vil Bondye a, joupa Sila a ki anwo nèt la, ki sen
yo. Bondye nan mitan l’, li p’ap bouke;
Bondye
pote l’ sekou depi granmaten.R.
Granmèt
lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.Vini, gade aksyon Granmèt la,
mèvèy li mete sou tè a.R.
LEVANJIL
"Menm lè a mesye sa a vin geri".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI
SEN 5, 1-3a. 5·16
Se te yon
jou fèt Jwif yo, Jezi monte Jerizalèm.
Jerizalèm
gen yon basen pou mouton yo, yo rele l’ nan langaj ebre Betsayid, li gen senk
galri. Nan yo te gen yon pakèt foul moun ki te kouche, ak maladi, avèg, moun
k’ap bwate, moun ki gen men yo seche; te gen yon mesye ki te la, li te gen
trant uitan depi l’ te malad. Lè Jezi wè l’ kouche, li te konnen sa te fè anpil
tan deja li te gen maladi a, li di l’: "Èske ou vle geri"? Malad la
reponn li: "Granmèt, mwen pa gen pèsonn, pou voye m’ nan basen an, lè dlo
a ap fè mouvman; lè m’ rive, yon lòt gen tan desann anvan m’", Jezi di l’:
"Leve, pran nat ou, al mache". Menm lè a mesye sa a vin geri, li pran nat li a,
li t’ap mache. Se te yon jou saba, Jwif yo di moun nan ki te geri
a: "Se saba; ou pa gen dwa pran nat ou". Li reponn yo: "Sila a
ki geri m’ nan, se li menm ki di m’: "Pran nat ou, mache".
Yo poze l’ kesyon: "Kilès moun
sa a ki di ou pran nat ou, mache a"? Sila a menm ki te geri a, li pa t’ konnen ki
moun sa; Jezi te wete kò l’ sot nan foul la ki te la a.
Aprè sa"Jezi
jwenn li nan kay sakre a, li di l’: "Men ou geri, pa fè peche ankò, pou pi
grav domaj pa rive ou". Mesye a ale, li bay Jwif yo nouvèl, li di se Jezi
ki te fè l’ geri. Se pou sa Jwif yo t’ap pèsekite Jezi, paske li te fè bagay sa
yo jou saba.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Frè
ak sè m’ yo, litiji pawòl Bondye pou jodi a kapab pèmèt nou sonje feblès nou
kòm moun ak mizerikòd Bondye ki manifeste nan feblès nou. Nan premye lekti a
nou kapab souliye de ekspresyon : kay
sakre ak dlo. Kisa de bagay sa yo
vle di pou nou ? Premyèman, an nou konsidere kay sakre a : yo byen di
nou, ‘‘kay sakre’’ ; yon
non ak yon adjektif. Se pa de yon kay konsa konsa y’ap pale nou, men de yon kay
ki sakre. Kay sakre a, li vle di kay kote Bondye abite, kay ke yo dwe respekte,
kay kote moun pa kapab fè sa yo vle. Nou sonje sa ki te pase lè Jezi te jwenn
moun yo t’ap fè komès nan kay sakre a, kòman li te fè yon gwo fwèt pou li kouri
dèyè yo pou li kwape yo. Vrèman vre moun sila yo te vle konfonn sa ki sakre ak
sa ki pwofán. E lè Jezi kouri dèyè yo pou li kale yo a, li te vle aprann yo fè
distenksyon sa a. Lè yo pale nou de kay sakre, yo vle pale nou de Legliz la.
Men atansyon ! Gen de fason pou nou konpran mo ‘‘Legliz la’’ : premyèman Legliz vle di tout moun ki kwè nan
Bondye, k’ap mache dèyè Jezikri ; brèf, tout moun k’ ap suiv ansèyman Kris
la. Se sa k’ fè yo pale de ‘‘Legliz
Inivèsèl oubyen Legliz Katolik’’ (nan lang grèk, katolikôs = inivèsèl).
Jezikri se fondatè Legliz la e se li ki tèt Legliz la. Si li se tèt, moun k’ap
swiv li yo fòme kò a ansanm ak li. Dezyèmman, Legliz la vle di ‘kay kote moun yo reyini pou yo fè lwanj ak
konpliman pou Bondye’. Nan premye lekti a, yo pale nou de yon dlo ki t’ap sòti anba papòt kay Granmèt la, nan direksyon solèy leve a. Sa a
se sous dlo lagras Bondye rele nou pou nou plonje ladan li an, sous ki lave
nou, ki pirifye nou e ki fè nou tounen yon moun tou nèf pou Bondye, yon pafen
k’ap degaje bon lodè nan nen li.
Depi nan batèm nou,
nou tounen manb Legliz la e nou genyen yon misyon ki pa piti. Misyon pè, pwofèt
ak wa nan Jezikri. Misyon ke nou resevwa aprè nou fin plonje nan lanmò Kris la
pou nou leve byen vivan ak li (batèm nan genyen 2 mouvman : plonje/ leve).
Se premye sakreman ki fè nou antre nan Legliz la pou nou fè kò ak Kris la. E
gras a sa, nou resevwa pwoteksyon nan men Bondye, nou jwenn yon fòs ki pèmèt
nou lite epi venk tout fòs fènwa ki vle anpare nou. Sa pote yon gwo kontantman
nou jwenn ki eksprime nan sòm 45 lan, « Granmèt lame yo avèk nou,
kachèt pou nou Bondye Jakòb la ».
Kanta pou moso
Levanjil Sen Jan nou li pou jodi a, li prezante nou yon mesaj ki klè :
Pitit moun nan kontinye ap libere moun nan kò ak nan lespri. Nou wè kòman Juif
yo te eskandalize, yo te estomake poutèt nèg sa ki te malad depi trantuit an,
ke Jezi te libere jou Saba a. Jezi di mesye a : « pran nat ou,
mache ». Sa se yon gwo mèvèy ! Aprè sa li di
li : « Men ou geri, pa fè peche ankò, pou pi grav domaj pa rive
ou ». Mesaj nou dwe kenbe pou jodi a, sèke Bondye renmen nou menm si tout
moun rayi nou ; saba a fèt pou moun, se pa moun ki fèt pou Saba a. Pa
genyen okenn prensip sosyete yo kapab mete pi wo pase lavi yon moun. Pa pwofite
konpasyon Bondye pou nou kontinye ap benyen nan peche, paske malè ka rive nou.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki renmen mwen pase tout bagay, ou menm ki mete diyite
mwen pi wo ke tout lwa ak prensip, tanpri fè m’ gen kouraj temwaye grandè w’ ak
renmen ou chak jou nan lavi mwen.
PWOPOZISYON : M’ap chèche dekouvri nan ki fason mwen konn mal itilize
kay sakre Granmèt la, nan ki fason mwen konn sal kò mwen ki se kay sakre Lespri
Bondye a, m’ap mande Bondye pou li lave mwen nan sakreman penitans lan epi m’ap
fè efò pou mwen toujou rete pwòp devan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario