Páginas

LENDI 16

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Yo p’ap tande vwa kriye ak vwa rèl ankò".
NAN LIV PWOFÈT IZAVI 65, 17-21
Men pawòl Granmèt la:
"Men m’ap kreye syèl nouvo ak tè nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò, sa p’ap monte sou kè a.
Men n’ap kontan, n’ap fete pou tout tan nan bagay sa yo mwen kreye a. Sèke mwen kreye Jerizalèm "Fèt" ak pèp li a "Kè kontan". M’ap fete nan Jerizalèm, m’ap kontan nan pèp mwen an. Yo p’ap tande vwa kriye ankò ladan l’, ni vwa rèl.
P’ap gen timoun k’ap mouri tou piti ladan l’ ankò, ni granmoun ki p’ap fin rive nan tout laj yo, paske timoun nan se santan pou l’ genyen anvan l’ mouri, moun ki pa rive santan, se moun madichonnen. Y’ap bati kay, y’ap abite, y’ap plante jaden rezen, y’ap manje fwi yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 29, 2 e 4. 5-6. 1 l-12a e 13b
R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’, ou pa kite lènmi m’ yo pran plezi sou do m’. Granmèt, ou delivre nanm mwen sot anba pouvwa lanfè, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan pyèj bafon an.R.
Chante pou Granmèt la, sen yo fè lwanj pou souvni l’ ki sen.
Sèke se pou yon ti moman li te fache, men se pou tout lavi li renmen. Nan aswè yo rete ap kriye, nan maten se kè kontan.   R.
Koute, Granmèt, pran pitye pou mwen, Granmèt, pote m’ sekou. Ou fè rèl dèy mwen an vin tounen dans pou mwen. Granmèt Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
"Ale, pitit ou a ap viv".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 4, 43-54
Lè sa a:
Jezi sòti Samari, 1’al nan Lagalile. Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Lè l’ rive nan Lagalile, moun Galile yo resevwa l’ byen, poutèt tout sa yo te wè l’ fè Jerizalèm nan jou fèt la; sèke yo menm tou yo t’al nan fèt la.
Konsa li tounen Kana Lagalile, kote li te fè dlo a vin tounen diven an. Te gen yon ofisye wa a, pitit li te malad Kafanawòm. Lè l’ tande Jezi te vin sot Lajide pou l’ antre Lagalile, 1’al kote l’, li lapriyè l’ pou l’ desann vin geri pitit li a: sèke li te prèske mouri.
Li di Jezi: "Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri".
Jezi di l’: "Ale, pitit ou a ap viv". Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.
Pandan l’ap desann, sèvitè l’ yo vin rankontre l’ yo ba l’ nouvèl, yo di l’ pitit li a ap viv. Li mande yo ki lè li te gen soulajman. Yo di l’: "Se yè, a inè nan laprèmidi, lafyèv la kite l’". Papa a rekonèt se lè sa a menm Jezi te di l’ "Pitit ou a ap viv"; li kwè ni li menm ni tout kay li a.
Sa a se dezyèm siy nan Jezi te fè, lè l’ te rive sot nan Lajide vin nan Lagalile a.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pawòl Bondye pou jodi a, se yon pawòl ki pou ba nou fòs ak kouraj. Pwofèt Izayi te temwen moman dezolasyon pèp Izrayèl la, pèp sa a ki te gen moral li kraze, ki te santi lavi fini pou li nan yon moman detèmine. Bondye Granmèt la voye yon pawòl lespwa, yon pawòl konsolasyon pou pèp la, pa lentèmedye pwofèt la : «Men m’ap kreye syèl nouvo ak tè nouvo ; yo p’ap sonje premye yo ankò».
Nan moman detrès yo, pèp la te dekouraje, li te panse Bondye te lage l’ poutèt peche li. Men, Bondye di l’ l’ap vin refè l’, l’ap vin padone peche l’ yo, lanmò p’ap pote laviktwa sou li ankò. Nan Levanjil sen Jan an, Jezi tounen lakay li, Nazarèt, kote l’ te fè premye mirak li, se pa aza Jan bay presizyon sa a. Li te fè premye mirak li la, paske se te sou demand manman l’ ; dezyèm mirak sa a li fè l’ sou demand yon moun ki pa t’ moun zòn nan.
Eleman ki pi enpòtan nan tèks sa a se lafwa ki pèmèt mirak yo posib pou moun ki kwè yo ; se pa paske nan Nazarèt pa t’ gen nesesite, pa t’ gen maladi. Sila yo ki moun zòn nan pa t’ rekonèt Jezi kòm Mesi yo t’ap tann nan, se nan mitan yo Jezi grandi, yo pa t’ gen lafwa nan li ; kidonk yo pa t’ janmen mande l’anyen, yo pa t’ janmen konfye l’ mizè yo, maladi yo, touman yo. Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Sepandan ofisye wa a, non sèlman li tande pale de Jezi, li chèche konnen l’, li konfye l’ pwoblèm li, li kwè ke li kapab sove pitit li ki malad. Mirak Jezi ale nan mezi lafwa nou, nan mezi konfyans nou plase nan li.
LAPRIYÈ : Bondye Papa fè nou kado yon ti kras lafwa, ede nou mete tout konfyans nou nan renmen w’ pou nou. N’ap mande w’ gerizon pou malad yo, n’ap mande w’ lapè pou sosyete nou an. N’ap mande w’ pou nou pa janm doute de prezans ou nan mitan nou. Amèn

PWOPOZISYON : Lafwa se pa yon bagay ke ou kapab manyen, ou pa ka wè l’, men li pi konsekan, li pi fò pase sa w’ ka wè ak sa w’ ka manyen yo. Lè ou malad, lè w’ gen pwoblèm, pa chèche rezilta nan men bòkò. Mete konfyans ou nan Bondye e w’a wè gwo mèvèy bouch pa kapab pale nan lavi w’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario