Koulè
Vyolèt ou Woz
KATRIYÈM DIMANCH KARÈM ANE-B
PREMYE LEKTI
"Granmèt
la montre kòlè l’ak kè sansib li an ekzil ak delivrans pèp la".
LEKTI DEZYÈM LIV KWONIK YO 36, 14-16. 19-23
Jou sa yo :
Tout chèf prèt yo ak pèp la fè peche mal dapre tout kalite
move aksyon pèp yo, yo sal kay Granmèt la, sa l’ te fè vin sen pou li nan Jerizalèm
nan. Epoutan Granmèt Bondye zansèt yo leve bonè nannuit chak jou l’ap avèti yo
pa lentèmedyè mesaje l’ yo, paske Li te vle menaje pèp la avèk kote l’abite a.
Men yo menm yo te konn pase mesaje Bondye yo nan rizib, yo te konn meprize pawòl
yo, yo te konn pase pwofèt yo nan jwèt, joustan kòlè Granmèt la monte kont pèp
li a, san pa gen okenn remèd.
Lènmi
yo boule kay Bondye a, yo detwi miray Jerizalèm yo, yo boule tout kontrefò yo,
yo kraze tout sa k’ te gen valè. Si yon moun te chape anba epe, yo te kondui l’
Babilòn, pou l’ sèvi wa a ak pitit li yo, joustan wa Pès yo vin kòmande,
joustan pawòl Granmèt la reyalize, sa l’ te di nan bouch Jeremi an, pou tè a fete
saba l’ yo; tout tan li te vid la, li fè saba a, joustan swasandiz-an yo reyalize.
Men
nan premye ane Siris, wa Pès yo, pou reyalize pawòl Granmèt la, sa l’ te di pa
lentèmedyè bouch Jeremi an, Granmèt la fè Siris wa Pès yo leve, li pase lòd pou
deklare nan tout rèy li a, menm nan lèt, li di: "Men pawòl Siris, wa Pès
yo: "Tout rèy tè a, Granmèt Bondye syèl la ban mwen yo, se li menm menm ki
pase m’ lòd pou m’ bati kay pou li nan Jerizalèm, ki nan Jida a. Kilès nan nou
ki nan tout pèp li a? Se pou Granmèt Bondye l’ la avèk li, se pou l’ monte".
Pawòl Granmèt la.
PSÒM RÉPONS
Ps 136, 1-2. 3. 4-5. 6 (r.: 6a)
R/ Se
pou lang mwen kole nan palèt mwen, si m’ pa sonje ou.
Sou
bò gran larivyè Babilòn, se la nou te chita epi nou t’ap kriye, pandan nou t’ap
sonje Siyon.
Nan
pye banbou nan mitan l’ yo nou te pandye gita nou yo.R.
Pakse
se la yo te mande nou, sila yo ki te fè nou prizonye yo, pawòl kantik,
epi
sila yo k’ap pèsekite nou yo, kè kontan: "Chante pou nou nan kantik Siyon
yo".R.
Kijan
pou nou ta chante kantik Granmèt la nan tè etranje?
Si
m’ bliye ou, Jerizalèm, se pou men dwat mwen bliye m’.R.
Se
pou lang mwen kole nan palèt mwen, si m’ pa sonje ou, si m’ pa mete Jerizalèm
nan sous kè kontan an.R.
DEZYÈM LEKTI
''Nou te mouri akoz peche yo, nou
sove gras a favè a".
LEKTI
LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2, 4-10
Frè
m’ yo:
Bondye
ki rich nan kè sansib, poutèt gran charite l’ la li renmen nou an, malgre nou te
mouri akoz peche yo, li fè nou viv jan Jezikri, se gras a favè Jezikri nou sove,
li leve nou, li fè nou chita avèk li nan syèl yo nan Jezikri; pou l’ te montre
nan syèk ki t’ap vini yo richès favè l’ nan jan l’ bon pou nou nan Jezikri.
Se
gras a favè a nou sove poutèt lavwa a, epi bagay sa a pa sòti nan nou menm, se
yon kado Bondye, se pa nan aksyon yo li sòti, pou pèsòn pa tire fyète. Nou se
bagay li fè, nou kreye nan Jezikri pou bon aksyon yo, sa Bondye te prepare yo,
pou nou mache nan yo a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Bondye
voye Pitit li pou l’ sove tè a gras a li"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
3, 14-21
Lè
sa a: Jezi di Nikodèm:
Menm
jan Moyiz te leve koulèv la nan savann nan, se konsa pou yo leve Pitit moun nan
anlè, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi ki p’ap janm
fini an.
Bondye tèlman renmen tè a, li bay
Pitit li a, sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou l’ gen
lavi ki p’ap janm fini an. Sèke Bondye pa t’ voye Pitit li a sou tè a pou l’
jije tè a, men pou tè a te kapab sove pa lentèmedyè l’. Moun ki kwè nan li, yo
p’ap jije l’; moun ki pa kwè a menm, li deja jije, paske li pa kwè o non sèl
Pitit Bondye a.
Men jijman an, limyè a vin sou tè a,
men lèzòm te pi renmen fènwa yo pase limyè a; sèke travay yo te move reyèlman
vre tout moun k’ap aji mal, li rayi limyè a, li pa vin nan limyè a pou yo pa denonse
travay li yo. Men moun
ki fè laverite, li vin nan limyè, pou yo kapab wè travay li klè, se nan Bondye
yo fèt".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, litiji a ba nou yon avangou
pafen kè kontan Pak la. Koulè litiji a se woz. Se dimanch "lætare" (sa vle di lajwa). Se dimanch ki
envite nou viv ak kè kontan nan lapè. Konsa nou kapab chante: «Fè kè w’ kontan
Jerizalèm, se pou nou rasanble nou tout ki renmen li…»
Bondye vle pou kè nou kontan. Sikològ yo di nou yon moun ki pa viv ak kè
kontan, finalman li se yon moun ki malad nan kò ak nan lespri. Sa
vle di, lajwa nou an dwe gen yon bon baz, li dwe eksprime kè poze yon lavi ki
gen sans. Si se pa sa, lajwa nou an kapab dejenere e li kapab tounen yon bagay
sipèfisyèl epi li ka fè nou pase pou moun ki egare, moun ki manke lespri. Sen
Terèz te fè diferans ant «lajwa ki sen» ak «lajwa ki fou». Dènye a, se yon
lajwa sou po, yon lajwa sipèfisyèl, pou yon ti bout tan e ki kite yon gou amè
nan bouch nou.
Se
jou ki difisil pou lavi lafwa a. Men tou se tan ki make ak pasyon. Nan yon
fason, nou fè eksperyans ekzil Babilòn nan, sa sòm nan chante a. Nou menm tou
nou kapab viv yon eksperyans ekzil « nou t’ap kriye, pandan nou t’ap sonje Siyon. » (Sòm
136, 1). Difikilte nou jwenn sou pa deyò yo kapab mennen nou sou rivaj Babilòn
nan. Men, malgre tout sa, nou gen anpil rezon pou nou espere, e Bondye kontinye
ap di nou: «Se pou lang mwen kole nan palèt mwen, si m’ pa sonje ou» (Sòm 136,
6)
Nou
kapab toujou viv ak kè kontan paske Bondye renmen nou, li tèlman fou pou nou
«Li ba nou sèl gren Pitit li a» (Jn 3, 16). Avan lontan nou pral akonpaye sèl
Pitit sa a sou chemen lanmò ak leve byen vivan li a. Nou kontanple lanmou Sila
a ki renmen nou jous li rive bay lavi li pou nou, pou ou menm ak pou mwen menm.
E lanmou va ranpli kè nou lè n’a wè «moun yo te pèse a» (Jn 19, 37) e se konsa
nou va gen yon kè kontan ke pèsonn p’ap kapab wete nan nou menm.
Vrè
lajwa ki ranpli lavi nou an, se pa rezilta jefò pèsonèl nou. Sen Pòl fè nou
sonje: li pa sòti nan nou menm, se yon kado Bondye fè nou, nou se travay men li
(Kol 1, 11).
An
nou kite Bondye renmen nou epi pou nou renmen li tou, e se konsa kè nou va
kontan, pa sèlman pandan n’ap viv, men tou nan pwochen Pak la.
LAPRIYÈ:
Mèsi Granmèt pou gwo kè kontan ou ban mwen nan Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:
Kite Bondye karese nou epi transfòme
nou antan n’ap fè yon bon konfesyon avan Pak la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario