Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Se kè sansib mwen vle, se pa
sakrifis".
NAN LIV PWOFÈT OZE 6, lb-6
Vini, an nou tounen kot Granmèt la,
paske se li menm ki chire, l’ap geri nou, li frape, l’ap swen nou. L’ap fè nou
viv aprè de jou, sou twazyèm jou a l’ap fè nou leve, n’ap viv devan fas li.
N’ap chèche konprann, n’ap suiv chemen pou nou konnen Granmèt la. Sèke sòti l’
prepare tankou devan jou, l’ap vini sou nou tankou lapli sezon, tankou seren
sou tè a.
"Sa pou m’ fè ou, Efrayim? Sa pou m’ fè ou, Jida? Kè sansib
nou tankou nyaj maten, tankou lawouze k’ap pase maten. Se pousa mwen travay nan
pwofèt yo, mwen touye yo nan pawòl bouch mwen, jistis ou ap sòti tankou limyè. Sèke se kè sansib mwen vle, se pa
sakrifis: se konesans Bondye plis pase sakrifis antye".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 50, 3-4. 18-19. 20-21 ab
R/
Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè
sansib ou a; daprè jan ou sansib anpil, efase fot nou an. Lave m’ byen lave sot
nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan. Sèke ou p’ap pran plezi nan
sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.R.
Sakrifis pou Bondye, se yon lespri
ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.Aji ak bon kè pou
Siyon, Granmèt nan bòn volonte ou pou miray Jerizalèm yo kapab rebati. Lè sa a
w’a aksepte sakrifis jistis, kado avèk sakrifis antye.R.
LEVANJIL
"Pibliken
an desann an règ lakay li, men pa farizyen an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 18, 9-14
Lè
sa a:
Te
gen kèk moun ki te met konfyans yo nan yo menm kòm si se yo menm ki kòrèk, yo
t’ap meprize lòt yo, Jezi di parabòl sa a pou yo:
"De
moun te monte nan kay sakre a pou yo lapriyè: youn te farizyen, lòt la te
pibliken. Farizyen an kanpe la, l’ap lapriyè anndan kè l’: "Bondye, mwen
di ou mèsi, paske mwen pa tankou rès moun yo, yo vòlè, yo adiltè, oubyen menm
tankou pibliken sa a. Mwen fè jèn de fwa chak semèn, mwen bay dizyèm pati nan
tout sa m’ genyen".
Pibliken
an menm kanpe byen lwen, li pa t’ vle leve je l’ nan syèl la, men li t’ap frape
lestomak li li t’ap di: "Bondye, pitye pou mwen, mwen se pechè".
Mwen
di nou, sila a desann lakay li an règ plis pase lòt la, paske tout moun ki leve
tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Twa pòsyon Labib nou li pou jodi a vle montre nou
yon sèl bagay : Bondye se yon Bondye mizerikòd, ki pran lapenn pou pitit
li yo, yon Bondye ki fèb pou moun ki fè kè yo piti devan l’. Nan premye lekti a
ki sòti nan liv pwofèt Oze, Bondye Granmèt la di n’ se pa gwo sakrifis ki pi
enpòtan pou li, se pa sa sèlman l’ap tann nan men nou. Bondye, nan bouch pwofèt
la, mande pèp la pou l’ pratike mizerikòd, pou l’ fè kè l’ sansib pou frè l’ak
sè l’yo menm jan kè pa l’ sansib pou li. Se nan kalfou renmen Bondye konvoke
nou, kote li menm li toujou ap tann nou. Nan Levanjil Lik la, Jezi t’ap pale ak
yon seri de moun ki te mete konfyans yo nan pwòp tèt pa yo, yo te panse yo
korèk nèt, se yo ki pi bon pase tout moun.
Parabòl Jezi a pale sou de moun, men de
moun sa yo reprezante de gwoup moun nan sosyete jwif la: youn se farizyen, lòt
la se pibliken. Pibliken an se yon anplwaye leta ki t’ap ranmase lajan enpo. Farizyen an se sila ki konnen Labib byen, li toujou
ale nan tanp la, li fè tout jefò l’ pou l’akonpli Lalwa Moyiz la. Kidonk
poukisa se farizyen ki tounen lakay li san lagras? Nan kisa li antò? Repons
kesyon sa yo nan dènye pati parabòl la: «Mwen di nou, sila a desann lakay li
an règ plis pase lòt la, paske tout moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’,
moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’».
Nan chapit douz ak trèz premye lèt
Pòl ekri moun Legliz korent yo, li mande yo mete koze renmen an nan tout sa
y’ap di ak nan tout sa y’ap fè. Paske ou mèt fè sa w’ vle, sote, ponpe pou w’
rive pi sen pase tout moun, si w’ pa gen renmen sa p’ap sèvi w’ anyen. Nan tan
n’ap viv la gen moun ki pa pale de renmen, men yo pale de “enèji
pozitif” ; lè li nan ou, li fè kè w’ kontan, li fè w’ reyisi nan tout sa
w’ap fè. Se renmen an ki nan nou, nou dwe alimante l’ chak jou, pou l’ ka pouse
rasin nan kè nou, pou li ka pran fòs nan lavi nou ; sèke nou p’ap wont,
paske tout fwi renmen, menm si li jèmen nan doulè, l’ap toujou bon.
LAPRIYÈ : Bondye
Papa, ou menm ki si tèlman renmen nou, ou mande pou nou youn renmen lòt, tanpri
aprann nou renmen ki san ipokrizi, san manti, san fent pou n’ rive bati sosyete
ou vle pou tout pitit ou yo.
Amèn
PWOPOZISYON : Derasinen move zèb move santiman ki nan kè nou, move
lide ki nan panse sou, dekwa pou jèm lanmou kapab jwenn plas pou grandi nan lavi
nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario